Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Esther 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 That night, sleep escaped the king; he ordered the record book—the chronicles—brought and read to him. Pandan nwit lan, wa a pa t kab dòmi. Pou sa, li te pase lòd pou mennen liv achiv kwonik yo pou yo te li li devan wa a.
2 It was found written that Mordecai reported Bigthana and Teresh, two of the king's eunuchs guarding the threshold, who sought to assassinate King Xerxes. Li te twouve ekri ladann sa ke Mardochée te rapòte konsènan Bigthan avèk Théresch la, de nan enik wa ki te gadyen pòtay yo, ki te chache pou mete men yo sou wa Assuérus la.
3 The king asked, "What honor and greatness has Mordecai received for this?" His attendants replied, "Nothing was done for him." Wa a te mande: “Ki distenksyon oswa onè yo te bay a Mardochée pou sèvis sa a?” Sèvitè a wa yo te di: “Anyen pa t fèt pou li.”
4 "Who is in the court?" the king asked. Haman had entered the palace's outer court to ask him to hang Mordecai on the gallows he'd prepared. Pou sa, wa a te di: “Kilès ki nan lakou a?” Alò, Haman te fenk antre nan lakou deyò a palè wa a pou l ta kab pale avèk wa a konsènan afè pann Mardochée sou etaj ki te bati pou li a.
5 The king's attendants told him, "Haman is standing in the court." "Bring him in," the king said. Sèvitè a wa a te di li: “Men gade byen, Haman kanpe nan lakou a.” Epi wa a te di li: “Kite li antre.”
6 Haman entered. The king asked, "What should be done for the man the king delights to honor?" Haman thought, "Who would the king delight to honor more than me?" Pou sa, Haman te antre anndan e wa a te di li: “Kisa ki ta dwe fèt pou nonm nanke wa a dezire onore a?” Epi Haman te di nan tèt li: “Se kilès wa a ta vle onore plis ke mwen menm nan?”
7 So Haman said to the king, "For the man the king delights to honor, Epi Haman te di a wa a: “Pou nonm ke wa a vle onore a,
8 let them bring a royal robe the king has worn, a horse he has ridden, and a royal crown for its head. kite yo mennen yon vètman wayal ke wa a te konn mete, avèk cheval ke wa a te konn monte e sou tèt a sila, yon kouwòn wa a te fin mete.
9 Give the robe and horse to one of the king's noble officials. Dress the man the king delights to honor, parade him on horseback through the city square, and proclaim before him, 'This is done for the man the king delights to honor!'" Epi, konsa, kite vètman avèk cheval la remèt a youn nan chèf a wa ki pi onore a e kite yo abiye moun ke wa a vle onore a, mennen li sou do cheval la toupatou nan plas lavil la e pwoklame devan li, ‘Se konsa pou l ta fèt a moun nan ke wa a vle onore a.’”
10 "Hurry," the king said to Haman, "take the robe and horse as you said, and do so for Mordecai the Jew sitting at the king's gate. Omit nothing you said." Epi wa a te di a Haman: “Byen vit pran vètman avèk cheval la kon ou te pale a e fè sa pou Mardochée, Jwif la, ki chita nan pòtay wa a. Pa manke nan anyen a tout sa ke ou te pale yo.”
11 Haman took the robe and horse, dressed Mordecai, paraded him on horseback through the city square, calling before him, "This is done for the man the king delights to honor." Konsa, Haman te pran vètman an avèk cheval la, te abiye Mardochée, te mennen li sou cheval la nan tout plas lavil la, e te fè pwoklamasyon devan l, “Se konsa li va fèt pou nonm ke wa a vle onore a.”
12 Afterward Mordecai returned to the king's gate, but Haman rushed home, mourning, with his head covered. Konsa, Mardochée te retounen nan pòtay a wa a, men Haman te kouri byen vit pou rive lakay li avèk kri doulè, ak tèt li kouvri.
13 Haman told his wife Zeresh and all his friends everything that had happened. His advisers and wife Zeresh said, "Since Mordecai, before whom you've begun to fall, is Jewish, you can't defeat him—you will surely fall before him." Haman te rakonte a Zéresch, madanm li avèk tout zanmi li yo tout sa ki te rive li yo. Epi mesye saj yo avèk Zéresch, madanm li an, te di li: “Si Mardochée, devan sila ou kòmanse tonbe a, sòti nan Jwif yo, anverite, ou p ap genyen sou li, men anverite, ou va tonbe devan li.”
14 While still speaking with him, the king's eunuchs arrived, rushing Haman to Esther's prepared banquet. Pandan yo t ap toujou pale avèk li, enik a wa yo te rive e byen prese, yo te mennen Haman nan bankè ke Esther te prepare a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]