Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Esther 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 On the third day, Esther dressed in royal robes and stood in the inner court of the palace, facing the king's hall. The king sat on his royal throne in the hall, facing the entrance of the palace. Alò, li te vin rive nan twazyèm jou ke Esther te mete sou li vètman wayal la, e te kanpe nan lakou enteryè a palè wa a devan chanm wa yo, e wa a te chita sou twòn wayal li a nan chanm twòn anfas antre pale a.
2 When the king saw Queen Esther standing in the court, she found favor with him, and he held out the gold scepter in his hand. She approached and touched its tip. Lè wa a te wè Esther, rèn nan, te kanpe nan lakou a, li te twouve favè nan zye li. Konsa, wa a te lonje baton a wa a fèt an lò ki te nan men l lan, vè Esther. Pou sa, Esther te pwoche pre pou te touche pwent an wo baton an.
3 The king asked, "What's wrong, Queen Esther? What do you request? Up to half the kingdom will be given you." Epi wa a te di li: “Se kisa ki twouble ou, rèn Esther? Epi se kisa ke w ap mande? Menm jis mwatye wayòm mwen, li va bay a ou menm.”
4 Esther said, "If the king is pleased, let him and Haman come today to the banquet I've prepared." Esther te di: “Si sa fè wa a plezi, ke wa a avèk Haman kapab vini nan menm jou sa a nan yon bankè ke m gen tan prepare pou li.”
5 "Bring Haman quickly to do as Esther asked," said the king. The king and Haman came to the banquet Esther prepared. Alò wa a te di: “Mennen Haman byen vit pou nou kapab fè kon Esther vle a.” Konsa, wa a avèk Haman te vini nan bankè ke Esther te prepare a.
6 Over wine the king asked, "What's your petition, Esther? It will be granted. And what is your request? Even half the kingdom—it's yours." Pandan yo t ap bwè diven nan bankè a, wa a te di a Esther: “Se ki petisyon ke ou ap fè a, paske li va bay a ou menm. Kisa menm ou ap mande a? Menm jis mwatye wayòm nan, li va fèt.”
7 Esther answered, "My petition and my request is this: Konsa, Esther te reponn: “Men petisyon mwen an e sa ke m mande a:
8 If I've found favor with the king, and it pleases him to grant my petition and fulfill my request, let the king and Haman come to the banquet I'll prepare for them. Tomorrow I'll do as the king says." Si mwen twouve favè nan zye a wa a, e si sa fè l plezi pou ban mwen petisyon mwen an, e fè sa ke m mande a, ke wa a avèk Haman kapab parèt nan bankè ke m va prepare pou yo a, e demen mwen va fè selon sa ke wa a mande a.”
9 Haman left that day happy and glad. But seeing Mordecai at the king's gate not rise or tremble before him, Haman was enraged at Mordecai. Alò, Haman te sòti nan jou sa a byen kontan avèk rejwisans nan kè l, men lè li te wè Mardochée nan pòtal palè a wa a, e te wè li pa t leve, ni tranble devan l, konsa, Haman te ranpli avèk laraj kont Mardochée.
10 Still, Haman held himself back and went home. He sent for his friends and his wife Zeresh, Haman te kontwole tèt li menm malgre sa e te ale lakay li pou te voye chache zanmi li yo avèk madanm li, Zérescha.
11 Haman told them of his wealth's splendor, his many sons, and how the king had honored and promoted him above the king's officials and servants. Alò, Haman te rakonte yo glwa a richès li, fòs kantite petit li yo, chak moman ke wa a te leve li, e te fè l monte pi wo chèf avèk sèvitè a wa a.
12 "And that's not all," Haman added. "Queen Esther invited only me with the king to her banquet, and I'm invited again tomorrow with the king. Anplis, Haman te di: “Menm Esther, rèn nan pa t kite lòt moun sof ke mwen menm vini avèk wa a nan bankè ke li te prepare a; epi demen, ankò, mwen envite pa li menm avèk wa a.
13 Yet all this profits me nothing whenever I see Mordecai the Jew sitting at the king's gate." Malgre tout sa, mwen vin pa kontan chak fwa ke m wè Mardochée, Jwif ki chita nan pòtay a wa a.”
14 His wife Zeresh and all his friends said, "Have them build a pole seventy-five feet high. In the morning, ask the king to hang Mordecai on it. Then go with the king to the banquet, happy." Haman liked this and had the pole built. Epi Zéresch, madanm li an, te di li: “Fè yo prepare yon wo etaj senkant koude nan wotè, e demen maten, mande wa a pou pann Mardochée ladann. Epi apre, ale nan bankè a avèk jwa.” Konsèy la te fè Haman byen kontan e li te fè yo prepare etaj la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]