Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Esther 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When Mordecai learned all that had happened, he tore his clothes, put on sackcloth and ashes, and went out into the city crying loud and bitter. Lè Mardochée te vin aprann tout sa ki te fèt yo, li te chire rad li. Li te mete twal sak avèk sann sou li, te ale deyò nan mitan lavil la, e te kriye byen fò anlè avèk amètim.
2 He went only to the king's gate, since no one could enter it dressed in mourning clothes. Li te rive jis nan pòtay a wa a, paske nanpwen pèsòn ki te abiye an twal sak ki ta kab antre sou pòtay a kay wa a.
3 In every province the king's order and decree reached, the Jews mourned deeply—fasting, weeping, wailing; many lay in sackcloth and ashes. Nan chak pwovens kote lòd la avèk dekrè a wa a te rive, te gen gwo doulè pami Jwif yo, avèk fè jèn, gwo kriye avèk lamantasyon. Epi anpil te kouche sou twal sak avèk sann.
4 When Esther's young women and eunuchs told her, the queen writhed in anguish. She sent clothes for Mordecai to replace his sackcloth, but he refused. Konsa, sèvant a Esther yo avèk enik li yo te vin di li sa, e rèn nan te tòde vire ak gwo lapèn. Konsa, li te voye rad pou abiye Mardochée pou l ta kab retire twal sak la sou li, men li te refize.
5 Esther called Hathach, one of the king's eunuchs assigned to her, and sent him to Mordecai to learn what this was and why. Alò, Esther te voye mande prezans a Hathac soti nan enik a wa yo, pou wa a te chwazi okipe li e te pase l lòd pou parèt kote Mardochée pou mande sa ki t ap pase a, e poukisa?
6 So Hathach went out to Mordecai in the city square in front of the king's gate, Konsa, Hathac te sòti ale kote Mardochée nan plas lavil la devan pòtay a wa a.
7 Mordecai told Hathach all that had happened to Mordecai, and the exact sum Haman promised to pay into the king's storerooms to destroy the Jews. Mardochée te rakonte li tout sa ki te rive li an detay, kantite fòs ajan ke Haman te fè pwomès pou bay nan kès a wa a pou fin detwi tout Jwif yo.
8 He also gave him a copy of the destruction decree issued in Susa, to show Esther, explain it, and urge her to go plead with the king and beg for her people. Anplis, li te bay li yon kopi a dekrè ki te pibliye Suse la pou detwi yo, pou li ta kapab montre Esther pou fè l konnen e bay li lòd pou rive antre kote wa a pou plede pou favè li e plede avè l pou pwoteksyon pèp li a.
9 Hathach came back and reported to Esther what Mordecai had said. Hathac te retounen e te fè Esther konnen pawòl a Mardochée yo.
10 Then Esther spoke to Hathach and gave him this message for Mordecai: Esther te pale avèk Hathac e te mande li bay repons a Mardochée:
11 "All the king's servants and people of his provinces know: any man or woman who enters the king's inner court unsummoned has one law—death—unless the king holds out the golden scepter to them, so they live. And I have not been called to the king for thirty days now." “Tout sèvitè a wa yo avèk pèp an pwovens a wa yo byen konnen ke si nenpòt gason oswa fanm antre devan wa a nan lakou enteryè a san envite pa li menm, li gen yon sèl lwa; ke li va mete a lanmò, sof ke wa a lonje baton a wa a pou l kab viv. Epi mwen pa t envite kote wa a pandan trant jou sila yo.”
12 When they told Mordecai what Esther had said, Yo te pataje pawòl a Esther yo avèk Mardochée.
13 Mordecai replied to Esther: "Don't think that in the king's palace you alone of all the Jews will escape. Epi Mardochée te di yo reponn a Esther: “Pa imajine ke ou menm nan palè a wa a kab gen chans chape plis ke tout lòt Jwif yo.
14 If you stay silent now, relief and rescue will rise for the Jews from elsewhere, but you and your father's house will die. And who knows whether you reached the throne for such a time?" Paske, si ou rete an silans nan moman sa a, sekou avèk delivrans va sòti pou Jwif yo soti yon lòt kote, e ou menm avèk lakay papa ou va peri. Kilès ki kab konnen si se pa pou moman sa a ke ou te rive nan pozisyon wayal sila a.”
15 Then Esther sent back this reply to Mordecai: Alò, Esther te di yo prepare reponn Mardochée,
16 "Go, gather all the Jews in Susa. Fast for me—no eating or drinking three days, night or day. My young women and I will fast too. Then I go to the king, even though it is against the law; and if I perish, I perish." “Ale rasanble tout Jwif ki rete Suse yo e fè jèn pou mwen. Pa manje ni bwè pandan twa jou, ni lannwit, ni lajounen. Mwen avèk sèvant mwen yo va fè jèn nan menm jan an. Epi se konsa, mwen va antre kote wa a, ki pa selon lalwa; epi si mwen peri, mwen peri.”
17 So Mordecai went away and did everything Esther had commanded him. Konsa, Mardochée te sòti ale fè jis sa ke Esther te bay li lòd fè a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]