Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Esther 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After this King Xerxes promoted Haman son of Hammedatha the Agagite, elevating him and raising his seat above all the officials with him. Apre evènman sa yo, Wa Assuérus te elve pozisyon a Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la. Li te pouse l devan e te etabli otorite li sou tout chèf ki te avèk li yo.
2 All the king's servants at the king's gate knelt and bowed to Haman, as the king ordered. But Mordecai would not kneel or bow. Tout sèvitè a wa yo ki te nan pòtay a wa a te bese ba e te bay onè a Haman; paske, se sa wa a te kòmande pa li menm. Men Mardochée pa t bese, ni pa t bay onè.
3 So the king's servants at the king's gate asked Mordecai, "Why do you disobey the king's command?" Alò, sèvitè a wa yo te di a Mardochée: “Poukisa w ap dezobeyi lòd a wa a?”
4 Day after day they urged him, but he refused; so they told Haman, to see if Mordecai's stand would hold, since he had told them he was a Jew. Alò, li te rive ke lè yo te pale chak jou avèk li e li te refize koute yo, ke yo te pale Haman pou wè si koz a Mardochée a ta kanpe, paske li te di yo ke se yon Jwif li te ye.
5 When Haman saw that Mordecai would not kneel or bow to him, he was filled with rage. Lè Haman te wè ke Mardochée pa t bese ni ba li onè, Haman te ranpli avèk laraj.
6 Killing only Mordecai seemed beneath him, since they had told him who Mordecai's people were; so Haman sought to destroy all Mordecai's people, the Jews, throughout Xerxes's kingdom. Men li pa t satisfè pou mete men l sou Mardochée sèl, paske yo te fè l konnen pèp Mardochée a. Konsa, Haman te chache detwi tout Jwif yo, pèp Mardochée a, ki te toupatou nan tout wayòm Assuérus la.
7 In the first month, Nisan, in King Xerxes's twelfth year, they cast Pur (the lot) before Haman for each day and each month; and the lot fell on the twelfth month, Adar. Nan premye mwa ki se mwa Nisan an, nan douzyèm ane Wa Assuérus la, bagay Pur a, sa vle di tiraj osò a, te voye devan Haman jou apre jou e soti mwa apre mwa, jis rive nan douzyèm mwa a, sa vle di, mwa Adar a.
8 Haman told King Xerxes, "A certain people is scattered and dispersed among the peoples throughout your kingdom's provinces. Their laws differ from everyone's, and they ignore the king's laws; it profits the king nothing to tolerate them. Epi Haman te di a Wa Assuérus: “Genyen yon sèten pèp ki gaye toupatou pami pèp la nan tout pwovens nan wayòm ou an; lwa pa yo pa menm ak tout lòt pèp nan pwovens a wayòm ou an. Yo menm, yo pa swiv lwa a wa a, e konsa, li pa nan enterè a wa a pou kite yo rete la.
9 If it pleases the king, let it be written to destroy them; I'll weigh 375 tons of silver to his officials for the royal treasury." Si se plezi a wa a, kite yon dekrè pibliye pou yo ta detwi, e mwen va peye di-mil talan ajan nan men a sila ki akonpli afè wa a, pou mete li nan kès a wa a.”
10 The king took off his signet ring and gave it to Haman son of Hammedatha the Agagite, enemy of the Jews. Konsa, wa a te retire bag so li nan men l, e te bay li a Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la, lènmi a Jwif yo.
11 "The silver is yours," the king told Haman, "and the people too—do with them as you please." Wa a te di Haman: “Ajan an se pa w, ni pèp la, pou fè avèk yo sa ou pito.”
12 On the first month's thirteenth day the king's scribes were summoned, and Haman's order was written to the king's satraps, the governors over each province, and the officials of every people—each province in its own script, each people its own language. Written in King Xerxes's name, sealed with his signet ring. Konsa, grefye a wa yo te rele nan trèzyèm jou nan premye mwa a, e li te ekri jan ke Haman te kòmande a reprezantan a wa a nan tout pwovens yo, a gouvènè ki te sou chak pwovens yo e a chèf a chak pèp, chak pwovens selon ekriti pa li, chak pèp selon langaj pa li, tout sa ekri nan non Wa Assuérus e sele avèk bag so a wa a.
13 Couriers carried letters to all the king's provinces: destroy, kill, and eliminate all Jews—young and old, women and children—in one day, thirteenth of the twelfth month, Adar, and seize their goods. Lèt yo te voye pa mesaje wa yo nan tout pwovens a wa yo pou detwi, pou touye e anile tout Jwif yo, ni jèn, ni granmoun, fanm avèk timoun, nan yon sèl jou, nan trèzyèm jou a douzyèm mwa a, ki se mwa Adar a, e pou sezi tout byen pa yo kon piyaj.
14 A copy was to be issued as law in every province, shown to all peoples, so they would be ready for that day. Yon kopi a dekrè a te dwe sikile kon lwa nan chak pwovens e te pibliye a tout pèp yo pou yo ta prepare pou jou sa a.
15 At the king's command couriers rushed out, and the decree went out in the fortress of Susa. The king and Haman sat drinking, but the city of Susa was bewildered. Mesaje wa yo te sòti, ranfòse pa dekrè a wa a, pandan dekrè a te pibliye nan sitadèl Suse la. Wa a avèk Haman te chita ansanm pou bwè, men lavil Suse te twouble.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]