Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Esther 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Later, when King Xerxes' anger cooled, he remembered Vashti, what she had done, and what was decreed against her. Apre bagay sa yo, lè kòlè a Wa Assuérus te vin kalme, li te sonje Vasthi ak sa li te fè a, e dekrè ki te fèt kont li an.
2 The king's attendants said, "Let beautiful young virgins be sought for the king. Alò, asistan a wa a ki te sèvi li yo, te di: “Annou fè rechèch pou jwenn jenn vyèj ki byen bèl pou wa a.
3 The king should appoint officers in every province of his kingdom to gather every beautiful young virgin to the fortress of Susa, to the harem under Hegai, the king's eunuch guarding the women, and give them beauty treatments. Kite wa a apwente sipèvizè nan tout pwovens a wayòm li yo pou yo kab rasanble tout bèl vyèj pou vin parèt nan sitadèl Suse la, antre nan kay fanm a wa a ki sou kontwòl Hégué a, enik a wa a, ki an chaj fanm yo. Kite yo byen prepare ak tout bagay pou fè yo bèl yo.
4 Let the young woman who pleases the king reign in Vashti's place." This pleased the king, and he did so. Alò, kite jenn fi ki bay wa a plezi a, vin regne la nan plas a Vasthi a.” Koze a te fè wa a kontan e se konsa li te fè l.
5 In the fortress of Susa lived a Jew named Mordecai, son of Jair, son of Shimei, son of Kish, a Benjaminite, Te gen nan sitadèl Suse la, yon Jwif ki te rele Mardochée, fis a Jaïr, fis a Schimeï, fis a Kis, yon Benjamit,
6 exiled from Jerusalem among the captives taken with Judah's king Jeconiah, whom Babylon's king Nebuchadnezzar carried away. ki te ale an egzil soti Jérusalem avèk kaptif ki te ekzile avèk Jeconia yo, wa Juda ke Nebudkanetsar, wa Babylone nan, te fè ekzile a.
7 He was raising Hadassah—Esther—his uncle's daughter, who had no father or mother. The young woman was beautiful in form and lovely to see; when her father and mother died, Mordecai took her as his own daughter. Li t ap elve Hadassa, sa vle di, Esther, fi a tonton li an, paske li pa t gen papa ni manman. Alò, jenn demwazèl la te byen bèl sou fòm ni figi li e lè papa li avèk manman li te mouri, Mardochée te pran li kon pwòp fi pa li.
8 When the king's command and decree were heard and many young women gathered to Susa's fortress under Hegai's care, Esther too was taken to the king's palace, under Hegai's care, keeper of the women. Konsa, li te vin rive ke lè kòmand avèk dekrè a wa a te tande e anpil jèn fi te ranmase nan sitadèl Suse la sou sipèvizyon a Hégaï, ke Esther te pran pou antre nan palè a wa a, anba sipèvizyon a Hégaï, ki te responsab fanm yo.
9 The young woman pleased him and won his favor, so he quickly gave her beauty treatments and food portions, seven select young women from the king's palace, and moved her and her maids to the best of the harem. Alò, jèn fi a te fè l plezi e te twouve favè devan l. Pou sa, li te bay li tout atik twalèt avèk manje san fè reta, e li te ba li sèt sèvant de chwa nan palè a wa a, e te voye li avèk sèvant li yo nan pi bon kote pami fanm a wa yo.
10 Esther had not revealed her people or family, because Mordecai told her not to. Esther pa t fè pèsòn konnen ras pèp li a ni fanmi li yo, paske Mardochée te enstwi li pou li pa ta dwe fè sa rekonèt.
11 Every day Mordecai walked back and forth in front of the harem courtyard to learn how Esther was and what happened to her. Chak jou, Mardochée te mache ale retou devan lakou fanm a wa yo pou vin aprann jan Esther te ye ak jan afè l t ap mache.
12 Each young woman's turn to go to King Xerxes came after twelve months of required beauty treatment: six months with oil of myrrh, six with perfumes and cosmetics. Alò, lè chans a chak jèn demwazèl te vin rive pou antre kote wa Assuérus la, lè l te fin fè preparasyon douz mwa anba règleman pou fanm yo—paske jou pou konplete preparasyon bèlte yo te fini konsa: si mwa avèk lwil lami a, e si mwa avèk aplikasyon epis ak pafen pou fanm—
13 Each young woman went to the king this way: whatever she asked was given her to take from the harem to the king's palace. Men kòman jèn fi a ta antre kote wa a: nenpòt bagay ke li te dezire, ta bay a li menm pou pran avè l soti lakay fanm yo pou rive nan palè a wa a.
14 She went in at evening; at morning she returned to a second harem under Shaashgaz, the king's eunuch keeping the concubines. She would not return to the king unless he delighted in her and called her by name. Nan aswè, li ta ale ladann e nan maten, li ta retounen nan dezyèm kay fanm yo, sou responsabilite Schaaschgaz, enik a wa a ki te an chaj konkibin a wa yo. Li pa t antre kote wa a ankò sof ke wa a te kontan anpil avèk li e te rele li eksprè pa non l.
15 When Esther's turn came—daughter of Abihail, Mordecai's uncle, who had adopted her as his own—to go to the king, she requested nothing except what Hegai, the king's eunuch guarding the women, advised. Esther won favor with all who saw her. Alò lè lè pou Esther, fi de Abichaïl la, tonton li, Mardochée, ki te pran li kon pwòp pitit pa li, te rive antre kote wa a, li pa t mande anyen sof ke sa ke Hégaï, enik a wa a ki te an chaj fanm yo, te konseye yo. Epi Esther te jwenn favè nan zye a tout moun ki te wè l yo.
16 Esther was taken to King Xerxes in his royal palace in the tenth month, Tebeth, in the seventh year of his reign. Pou sa, Esther te mennen vè Wa Assuérus nan palè wayal li a nan dezyèm mwa ki nan mwa Tébeth la, nan setyèm ane pouvwa li a.
17 The king loved Esther more than all the women; she won his favor and approval above all the virgins. So he set the royal crown on her head and made her queen instead of Vashti. Wa a te renmen Esther plis pase tout fanm yo, e li te twouve gras avèk favè devan li menm plis pase tout lòt vyèj yo, jiskaske li te mete kouwòn wayal la sou tèt li e te fè li rèn nan plas a Vasthi a.
18 The king held a great banquet for all his officials and servants—Esther's banquet. He proclaimed a holiday in the provinces and gave gifts with royal generosity. Epi wa a te bay yon gran bankè pou tout chèf li yo ak sèvitè li yo. Li te rele l bankè Esther. Li te pwokame l yon jou fèt pou pwovens yo, epi li te bay yo kado selon jenewozite a wa a.
19 Now when the virgins were gathered a second time, Mordecai was sitting at the king's gate. Lè vyèj yo te reyini ansanm yon dezyèm fwa a, alò, Mardochée t ap chita nan pòtay a wa a.
20 Esther had not revealed her people or family, as Mordecai directed; she obeyed him just as when he raised her. Esther potko fè yo konnen fanmi li yo, ni pèp li a, jis jan ke Mardochée te bay li lòd fè a, jis jan li te fè lè se te li ki t ap swaye li a.
21 In those days, as Mordecai sat at the king's gate, Bigthan and Teresh, two royal eunuchs guarding the doorway, grew angry and plotted to kill King Xerxes. Nan jou sa yo, pandan Mardochée te chita nan pòtay palè a wa a, Bigthan avèk Théresch, de ofisye a wa yo ki t ap veye pòt la, te vin fache, e te chache mete men sou wa Assuérus.
22 But Mordecai learned of the plot and told Queen Esther, who reported it to the king in Mordecai's name. Men konplo a te vin rekonèt pa Mardochée e li te pale rèn Esther, e Esther te pale wa a nan non a Mardochée.
23 The matter was investigated, confirmed true, and both men were impaled on a pole. It was recorded in the book of chronicles before the king. Alò, lè yo fè rechèch nan konplo a e jwenn bout li, yo tou de te pann sou yon bwa; epi sa te ekri nan Liv Achiv Kwonik Yo nan prezans wa a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]