Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Esther 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 This happened in the days of Xerxes—the Xerxes who reigned from India to Cush over 127 provinces, Alò li te vin rive nan tan Wa Assuréus la, menm Assuréus ki te renye soti Inde jis rive Éthiopie sou san-venn-sèt pwovens yo,
2 in those days, when King Xerxes sat on his royal throne in the citadel of Susa, nan jou sa yo, pandan wa Assuréus te chita sou twòn wayal li a ki te nan sitadèl Suse la,
3 in his third year as king he gave a feast for all his officials and servants. The army of Persia and Media, the nobles, and provincial officials were assembled before him, nan twazyèm ane pouvwa li a, li te fè yon gran fèt pou tout chèf li yo avèk asistan li yo, chèf lame Perse avèk Mèdes yo, moun prensipal lavil yo, avèk chèf pwovens li yo, tout moun ki te nan prezans li.
4 for 180 days he displayed his kingdom's rich glory and his greatness's splendid honor. Konsa li te montre tout richès avèk glwa wayal li yo, avèk mayifisans a gran majeste li pandan anpil jou, san-katre-ven jou.
5 When these days ended, the king gave a seven-day feast for everyone in the Susa fortress, great and small, in the courtyard of the palace garden. Lè jou sa yo te fin acheve, wa a te bay yon gwo bankè ki te dire pandan sèt jou pou tout moun ki te prezan nan sitadèl Suse la, soti nan sila ki pi pwisan an jis rive nan sila ki pi piti a, nan lakou jaden a palè wa a.
6 White cotton and blue hangings held with fine linen and purple cords to silver rings on marble pillars; gold and silver couches on a mosaic of porphyry, marble, mother-of-pearl, and colored stone. Te gen bagay pann ki fèt an len fen blan e vyolèt ki te kenbe pa kòd fèt an len fen mov, wondèl an ajan avèk pilye an mèb. Devan yo te fèt an lò avèk ajan te plase sou yon pave mozayik ki fèt ak mab wouj, mab blan, gwo pèl klere avèk pyè presye.
7 Drinks were served in gold goblets, each different, and royal wine flowed freely by the king's generosity. Bwason yo te sèvi nan veso an lò a plizyè kalite, e diven wayal la te anpil, selon bonte a wa a.
8 Drinking followed a rule: no compulsion—the king had ordered every household official to grant each man his own wish. Jan yo te bwè se te selon lalwa, san fòse moun, paske wa a te pase lòd a chak ofisye a chak kay ke li ta dwe fè sa selon dezi a chak moun.
9 Queen Vashti also gave a banquet for the women in the royal palace of King Xerxes. Anplis, Larenn Vasthi te bay yon bankè pou fanm nan palè ki te pou Wa Assuérus la.
10 On the seventh day, when wine had made the king merry, he ordered Mehuman, Biztha, Harbona, Bigtha, Abagtha, Zethar, and Carkas, King Xerxes's seven eunuchs, Nan setyèm jou a, lè kè a wa a te kontan ak diven, li te bay lòd a Mehuman, Biztha, Harbona, Bigtha, Abagtha, Zéthar, avèk Carcas, sèt enik ki te sèvi wa Assuérus,
11 to bring Queen Vashti before the king in the royal crown, to show the peoples and officials her beauty, for she was beautiful. pou mennen fè parèt nan prezans li, rèn nan, Vasthi, avèk kouwòn wayal la, pou montre bèlte li a pèp la e a moun pwisan yo, paske li te tèlman bèl.
12 But Queen Vashti refused to come at the king's command through the eunuchs; he grew furious, anger blazing in him. Men rèn Vasthi te refize vini sou lòd a wa a, ki te livre pa enik yo. Konsa, wa a te vin byen fache e lakòlè te brile anndan l.
13 The king then spoke to the wise men who knew the times—for it was the king's custom to bring any matter before all skilled in law and judgment. Alò, wa a te mande a mesye saj ki te konprann tan yo—paske se te koutim a wa a pou pale devan tout sila ki te konprann lalwa a avèk jistis;
14 Next to him: Carshena, Shethar, Admatha, Tarshish, Meres, Marsena, Memucan—Persia and Media's seven officials who saw the king's face, ranking highest in the kingdom. epi te gen toupre li: Carschena, Schéthar, Admatha, Tarsis, Mérés, Marsena, Memucan, sèt chèf de Perse avèk Médie yo, ki te gen abitid antre nan prezans a wa a, e te chita nan premye plas nan wayòm nan—
15 "By law, what's due Queen Vashti for disobeying King Xerxes's command, sent through the eunuchs?" “Selon lalwa a, se kisa ki ta dwe fèt avèk rèn Vasthi, akoz li pa t obeyi lòd a Wa Assuérus ki te livre pa enik yo?”
16 Memucan told the king and officials, "Queen Vashti wronged not only the king, but all officials, all peoples, in all provinces of King Xerxes. Nan prezans a wa a avèk chèf yo, Memucan te di: “Rèn Vasthi te fè tò a wa a, men anplis tout moun nan pwovens a Wa Assuérus yo.
17 The queen's act will reach all women, making them despise their husbands in their eyes: 'King Xerxes summoned Queen Vashti, and she did not come.' Paske, si kondwit a rèn nan vin rekonèt a tout fanm yo pou fè yo vin gade mari yo avèk mepriz, epi vin di: ‘Wa Assuérus te kòmande rèn Vasthi pou parèt devan l, men li pa t vini.’
18 Today the noblewomen of Persia and Media who heard the queen's conduct will say the same to all the king's officials—no end of contempt and rage. Nan jou sa a, fanm a Perse avèk Médie ki te tande afè kondwit rèn nan, va pale tout chèf a wa a nan menm fason an, e va genyen anpil mepriz avèk mekontantman.
19 If it pleases the king, let him issue a royal decree, written into the laws of Persia and Media, beyond repeal, that Vashti never again come before King Xerxes, and let the king give her royal position to another woman better than she. “Si sa fè wa a kontan, kite yon dekrè wayal sòti nan li, e kite li ekri nan lalwa a Perse avèk Médie a, pou l pa kab ranvèse, ke Vasthi p ap kab ankò antre nan prezans a Wa Assuérus la. E konsa, kite wa a bay pozisyon wayal pa li a yon lòt moun ki pi merite l pase li.
20 When the king's decree spreads through his vast kingdom, all wives will honor their husbands, great and small." Lè dekrè ke a wa a va fè a tande nan tout wayòm li an, ki tèlman gran, alò tout fanm va gen respè a mari yo, kit gran, kit piti.”
21 This advice pleased the king and the officials, and the king did just as Memucan proposed. Pawòl sa a te fè wa a kontan, avèk chèf yo, epi wa a te fè kon Memucan te pwopoze a.
22 He sent letters to all the royal provinces, to every province in its own script, every people in its own language: each man is to rule his household and speak his own people's language. Konsa, li te voye lèt a tout pwovens a wa yo, a chak pwovens selon ekriti pa li, e a chak pèp selon langaj pa yo, ke tout mesye yo ta dwe mèt nan pwòp kay pa yo, e sila te pale nan lang a pwòp pèp li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]