Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Nehemiah 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 That day they read Moses' book aloud to the people and found it written that no Ammonite or Moabite was ever to enter our Father's assembly, Nan jou sa a, yo te li soti nan liv Moïse la, nan tande a pèp la, epi li te twouve ekri ladann ke ni Amonit ni Moabit pa ta janm dwe antre nan asanble Bondye a,
2 because they did not meet the people of Israel with bread and water, but hired Balaam against them to curse them—yet our Father turned the curse into a blessing. paske yo pa t rankontre fis Israël yo avèk pen avèk dlo, men te anplwaye Balaam kont yo pou bay yo madichon. Men Bondye nou an te vire madichon an fè l vin benediksyon.
3 As soon as the people heard the Law, they separated from Israel everyone of foreign descent. Pou sa, lè yo te tande lalwa a, yo te mete tout etranje yo deyò Israël.
4 Before this, Eliashib the priest, appointed over the storerooms of the house of our Father, was closely tied to Tobiah. Alò, avan sa a, Éliaschib, prèt la, ki te chwazi dirijan nan chanm lakay Bondye yo, ki te fè aliyans ak Tobija,
5 He had prepared him a large room, where they used to store the grain offerings, frankincense, temple articles, and the tenth of grain, new wine, and oil assigned to the Levites, singers, and gatekeepers, plus the contribution for the priests. te prepare yon gran chanm pou li, nan kote a ki oparavan te konn sèvi pou depo ofrann sereyal yo, lansan a, zouti ak dim sereyal yo, diven avèk lwil ki te pou Levit yo, chantè yo, ak gadyen pòtay yo, avèk kontribisyon balanse an lè, ki te pou prèt yo.
6 Through all this I wasn't in Jerusalem, for in the thirty-second year of Artaxerxes king of Babylon I had gone to the king. After some time I asked his permission to leave, Men pandan tout tan sa a, mwen pa t la Jérusalem, paske nan trann-dezyèm ane Artaxerxès la, wa a Babylone nan, mwen te deja ale kote wa a. Men apre kèk tan, mwen te mande pèmisyon a wa a pou m sòti,
7 I came back to Jerusalem and learned of the evil Eliashib had done for Tobiah, making him a room in the courts of the house of our Father. epi mwen te rive Jérusalem e te vin aprann mal ke Éliaschib te fè pou Tobija a, lè l te prepare yon chanm pou li nan lakou lakay Bondye a.
8 I was deeply grieved, and I threw all of Tobiah's household belongings out of the room. Sa te fè m pa kontan anpil. Konsa, mwen te jete tout bagay Tobija yo deyò chanm nan.
9 So I ordered the rooms cleansed, then restored to them the articles of the house of our Father, the grain offerings and frankincense. Epi mwen te pase lòd, e yo te netwaye chanm yo. Mwen te remete la zouti lakay Bondye yo avèk ofrann sereyal la ak lansan an.
10 I also found that the Levites' portions had not been given them, so the Levites and singers who did the work had each fled to his own field. Anplis, mwen te dekouvri ke pòsyon Levit yo pa t konn bay a yo menm ki te fè Levit yo avèk chantè yo ki te pèfòme nan fè sèvis yo, ale; yo chak nan pwòp chan pa l.
11 So I confronted the officials: "Why is our Father's house neglected?" Then I gathered the Levites and restored them to their posts. Konsa, mwen te repwoche responsab yo. Mwen te di: “Poukisa lakay Bondye a abandone?” Mwen te reyini yo ansanm e te fè yo reprann pòs yo.
12 So all Judah brought the tenth of grain, new wine, and oil to the storehouses. Konsa ankò, tout Juda te pote dim sereyal la, diven an avèk lwil la, antre nan kay depo yo.
13 I put Shelemiah the priest, Zadok the scribe, and Pedaiah the Levite in charge of the storehouses, with Hanan son of Zaccur son of Mattaniah assisting them, since they were trustworthy; their task was distributing supplies to their fellow Levites. Kon responsab pou kay depo yo, mwen te chwazi Schélémia, prèt la, Tsadok, skrib la, avèk Pedaja a Levit yo: epi akote sila yo, Hanan, fis a Zaccur a, fis a Matthania a; paske yo te konsidere kon moun serye e se te tach pa yo pou separe bay a frè yo.
14 Remember me for this, my Father; don't wipe out the faithful deeds I've done for the house of my Father and its service. Sonje mwen pou sa, O Bondye mwen, e pa efase zèv fidèl ke m te fè pou lakay Bondye mwen an ak sèvis mwen te fè pou li a.
15 In those days I saw people in Judah treading winepresses on the Sabbath, hauling in heaps of grain and loading them on donkeys, along with wine, grapes, figs, and all kinds of loads, bringing them into Jerusalem on the Sabbath. So that day I warned them about selling food. Nan jou sa yo, mwen te wè nan Juda kèk moun ki t ap bat rezen nan Saba a, ki t ap fè antre sak sereyal yo, chaje yo sou bourik yo, ansanm avèk diven an, rezen yo, fig yo ak tout kalite chaj yo pou yo te pote yo antre Jérusalem nan jou Saba a. Pou sa, mwen te fè temwen kont yo nan jou ke yo t ap vann manje a.
16 Tyrians living there brought in fish and all kinds of goods, selling them on the Sabbath to Judah's people, in Jerusalem itself. Anplis, mesye Tyre yo te rete la e te enpòte pwason avèk tout kalite machandiz, ki te vann a fis Juda yo nan Saba a, menm nan Jérusalem.
17 So I confronted the nobles of Judah and said to them, "What is this evil thing you're doing, desecrating the Sabbath day? Pou sa a mwen te bay repwòch a moun prensipal Juda yo epi te di yo: “Ki kalite mal nou ap fè la a, lè nou vin degrade jou Saba a?
18 Didn't your ancestors do this, and didn't our Father bring all this disaster on us and this city? Now you add even more wrath against Israel by desecrating the Sabbath." Èske papa nou yo pa t fè menm bagay la, jiskaske Bondye nou an te fè rive nou avèk tout vil sa a tout twoub sa yo? Sepandan, nou ap ogmante kòlè sou Israël lè nou vin desann jou Saba a konsa.”
19 So when Jerusalem's gates grew dark before the Sabbath, I ordered the doors shut, not to be opened until the Sabbath ended. I stationed some of my servants at the gates so no load could enter on the Sabbath. Li te vin rive ke lè l te fenk ap fènwa nan pòtay Jérusalem yo avan Saba a, mwen te pase lòd pou pòt yo ta fèmen e pou yo pa ta ouvri yo jiskaske Saba a te fini. Mwen te estasyone kèk nan sèvitè mwen yo nan pòtay yo pou okenn chaj pa t antre nan Saba a.
20 Once or twice the merchants and sellers of all kinds of goods spent the night outside Jerusalem. Youn oswa de fwa, machann a tout kalite machandiz te oblije pase nwit lan deyò Jérusalem.
21 So I warned them and said, "Why spend the night by the wall? If you do it again, I will lay hands on you." From then on, they didn't come on the Sabbath. Konsa mwen te avèti yo, epi te di yo: “Poukisa nou pase nwit lan devan miray la? Si nou fè sa ankò, m ap sèvi ak fòs kont nou.” Depi lè sa a jis ale nèt, yo pa t vini nan Saba a.
22 Then I commanded the Levites to purify themselves, come guard the gates, and keep the Sabbath day holy. Remember this for me too, my Father, and spare me by your great faithful love. Mwen te pase lòd a Levit yo ke yo ta dwe pirifye tèt yo e vini tankou gadyen pòtay yo pou sanktifye jou Saba a. Pou sa, anplis, sonje mwen, O Bondye mwen e fè mwen mizerikòd, selon grandè lanmou dous Ou.
23 In those days I also saw Jews who had married Ashdodite, Ammonite, and Moabite women. Anplis, nan jou sa yo, mwen te wè ke Jwif yo te konn marye ak fanm Ashdod yo, Ammon, avèk Moab yo.
24 Half of their children spoke Ashdod's language, or another people's, and did not know how to speak Judah's language. Epi selon pitit yo, mwatye nan yo te pale langaj Ashdod la, e nanpwen menm nan yo ki te gen kapasite pou pale langaj Juda a, men pito langaj a pèp pa li a.
25 So I confronted them, cursed them, beat some of the men, and pulled out their hair. I made them swear by our Father: "Don't give your daughters to their sons, or take their daughters for your sons or yourselves. Pou sa, mwen te kanpe kont yo, mwen te bay yo madichon yo, te frape kèk nan yo, te rale cheve yo e te fè yo sèmante pa Bondye: “Ou p ap bay fi ou yo a fis pa yo, ni pran nan fi pa yo pou fis nou, ni pou nou menm.
26 Didn't marriages like these make Solomon king of Israel sin? No king among the many nations equaled him; our Father loved him, and our Father made him king over all Israel. Yet foreign women led even him into sin. Èske Salomon, wa Israël la, pa t peche nan bagay sa yo? Malgre, pami anpil nasyon yo, pa t gen wa tankou li, li te renmen pa Bondye li a, e Bondye te fè li wa sou tout Israël. Sepandan, fanm etranje yo te fè menm li menm nan fè peche.
27 Should we listen to you and do all this great evil, betraying our Father by marrying foreign women?" Alò, èske nou tande de nou menm ke nou te komèt gran mal sila a, e te aji avèk enfidelite kont Bondye nou an nan fè maryaj avèk fanm etranje yo?”
28 A son of Jehoiada, son of Eliashib the high priest, was son-in-law to Sanballat the Horonite, so I drove him from me. Menm youn nan fis a Jojada yo, fis a Éliaschib la, wo prèt la, te bofis a Sanballat, Owonit lan, e pou sa, mwen te chase li lwen mwen.
29 Remember them, my Father, for they made the priesthood unclean, and the covenant of priesthood and Levites. Sonje yo, O Bondye mwen, akoz yo te degrade otorite a prèt la, avèk akò otorite prèt yo avèk Levit yo.
30 So I purified them from everything foreign, and assigned priests' and Levites' duties, each to his task. Konsa, mwen te pirifye soti nan tout bagay etranje yo e te chwazi devwa pou prèt yo ak Levit yo, yo chak nan pwòp tach pa yo;
31 I arranged the wood offering at set times, and the firstfruits. Remember me, my Father, with favor. epi pou ofran founi bwa nan lè chwazi yo, ak pou premye fwi yo, sonje mwen, O Bondye mwen, pou sa ki bon.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]