Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 28 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 If you faithfully listen to the voice of your Father, being careful to do all his commandments I give you today, your Father will set you high above all the nations of the earth. “Alò, li va rive ke si yo obeyi avèk dilijans SENYÈ a, Bondye nou an, e fè atansyon pou fè tout kòmandman Li yo ke mwen kòmande nou jodi a, SENYÈ a va plase nou wo, pi wo pase tout lòt nasyon sou latè yo.
2 All these blessings will come on you and overtake you, if you listen to the voice of your Father: “Tout benediksyon sila yo va vini sou nou, epi yo va tonbe sou nou nèt, si nou tande vwa SENYÈ a, Bondye nou an.
3 Blessed will you be in the city, and blessed will you be in the field. Nou va beni nan vil, e beni andeyò.
4 Blessed will be the fruit of your womb, the fruit of your ground, the fruit of your livestock—the young of your herds and flocks. Beni va fwi a vant nou, pòtre a bèt nou yo, kwasans a twoupo nou yo ak jenn pòtre a bann mouton nou yo.
5 Blessed will be your basket and your kneading bowl. Beni va panyen nou avèk veso k ap foule pat pen an.
6 Blessed will you be when you come in, and blessed will you be when you go out. Beni lè nou antre, epi beni lè nou sòti.
7 Your Father will strike down before you the enemies who rise against you. They will come at you one way and flee from you seven ways. “SENYÈ a va fè lènmi ki leve kont nou yo bat devan nou. Yo va vin parèt kont nou nan yon sèl direksyon, men y ap sove ale devan nou nan sèt direksyon.
8 Your Father will command the blessing on you in your barns and everything you put your hand to, and bless you in the land your Father is giving you. “SENYÈ a va kòmande benediksyon sou nou nan depo nou yo, nan tout bagay, depi nou mete men nou ladann. Li va beni nou nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou an.
9 Your Father will establish you as a holy people to himself, as he swore to you, if you keep your Father's commands and walk in his ways. “SENYÈ a va etabli nou kòm yon pèp ki sen a Li Menm, jan Li te sèmante a nou menm nan, si nou kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li yo.
10 Then all the peoples of the earth will see that you are called by the name of our Father, and they will fear you. Konsa, tout pèp sou latè yo va wè ke nou rele pa non SENYÈ a, e yo va pè nou.
11 Your Father will make you overflow with prosperity—the fruit of your womb, the fruit of your livestock, the fruit of your ground—in the land your Father swore to your fathers to give you. “SENYÈ a va fè nou ogmante an pwosperite, nan fwi zantray nou, nan fètilite bèt nou yo, ak nan pwodwi tè nou yo, nan peyi ke SENYÈ a, te sèmante a zansèt nou yo pou bannou an.
12 Your Father will open for you his good treasury, the heavens, to give your land's rain in its season and to bless all the work of your hands. You will lend to many nations but not borrow. “SENYÈ a va louvri pou nou depo bonte Li a, syèl la, pou bay lapli sou peyi nou nan sezon li, pou beni tout travay a men nou yo. Nou va prete lajan bay anpil nasyon, men nou p ap janm mande prete.
13 Your Father will make you the head, not the tail, always rising, never falling, if you listen to the commandments of your Father I command you today, carefully doing them. SENYÈ a va fè nou tèt olye de ke. Nou va anwo tou sèl, e nou p ap anba, si nou koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, ke mwen pase lòd bannou jodi a, pou nou swiv avèk atansyon,
14 Do not turn from any of the words I command you today, right or left, to follow other gods and serve them. epi pa vire akote okenn nan pawòl ke mwen kòmande nou jodi a, ni adwat, ni agoch, pou ale apre lòt dye yo pou sèvi yo.
15 But if you will not listen to your Father's voice, carefully doing all his commandments and statutes I am commanding you today, all these curses will come upon you and overtake you: “Men li va vin rive ke si nou pa obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv tout kòmandman Li yo avèk lwa Li yo ke mwen pase lòd bannou jodi a, ke tout malediksyon sa yo va vini sou nou, pou pran nou.
16 Cursed will you be in the city, and cursed will you be in the field. “Modi nou va ye nan vil la, epi modi nou va ye andeyò.
17 Cursed will be your basket and your kneading bowl. “Modi va panyen nou ak bòl k ap pote pen nou.
18 Cursed be the fruit of your womb and of your ground, the increase of your herds and the young of your flock. “Modi va fwi zantray nou ak pwodwi a tè nou yo, kwasans twoupo a, avèk jenn pòtre bann mouton nou yo.
19 Cursed will you be when you come in, and cursed will you be when you go out. “Modi nou va ye lè nou antre, epi modi nou va ye lè nou sòti.
20 Your Father will send on you cursing, confusion, and rebuke in all you put your hand to, until you are destroyed and quickly perish, for the evil of your deeds in abandoning me. “SENYÈ a va voye sou nou madichon, twoub, avèk menas nan tout sa nou eseye fè, jiskaske nou fin detwi nèt, akoz mechanste a zèv nou yo, akoz ke nou te abandone mwen.
21 Your Father will make the plague cling to you until he has destroyed you from the land you are entering to possess. “SENYÈ a va fè gwo epidemi vin kole sou nou jiskaske li fin manje nou soti nan peyi kote nou ap antre pou posede a.
22 Your Father will strike you with wasting disease, fever, inflammation, burning heat, drought, blight, and mildew; they will pursue you until you perish. “SENYÈ a va frape nou avèk epidemi tibèkiloz ak lafyèv, enflamasyon ak chalè ki brile, avèk nepe, maladi ki seche jaden, avèk pichon. Yo va kouri dèyè nou jiskaske nou mouri.
23 The heavens over your head will be bronze, and the earth beneath you iron. Syèl sou tèt nou an va vin bwonz, epi tè anba pye nou an va vin fè.
24 Your Father will turn your land's rain to powder and dust; it will fall from the heavens on you until you are destroyed. SENYÈ a va fè lapli tè nou an avèk poud e pousyè ki soti nan syèl la. Li va tonbe sou nou jiskaske nou fin detwi.
25 Your Father will have you struck down before your enemies. You will go out one way against them but flee seven ways, and become a horror to all the kingdoms of the earth. “SENYÈ a va lakoz ke nou vin bat devan lènmi nou yo. Nou va sòti yon direksyon kont yo e nou va sove ale nan sèt direksyon devan yo. Konsa, nou va jete ale retou pami tout wayòm latè yo.
26 Your corpses will be food for all the birds of the sky and beasts of the earth, with no one to scare them away. Kadav nou va fè manje pou zwazo anlè yo ak bèt sovaj latè yo. Epi konsa, p ap gen moun ki pou chase yo ale.
27 Your Father will strike you with the boils of Egypt, tumors, festering sores, and the itch, none of which can be healed. “SENYÈ a va frape nou avèk abse Égypte yo, avèk timè e avèk kal sou po nou, ak gratèl, nan sila p ap gen gerizon yo.
28 Your Father will strike you with madness, with blindness, and with confusion of mind. “SENYÈ a va frape nou pou fè nou fou, avèg ak sezi nan kè.
29 At noon you will grope like the blind in the dark, and not succeed in your ways. You will be only oppressed and robbed continually, with no one to save you. Nou va tatonnen gwo midi, tankou yon avèg tatonnen nan tenèb, epi nou pa p pwospere nan zafè nou yo. Men nou va tout tan oprime e kontinyèlman viktim vòl, san genyen pèsòn pou bannou sekou.
30 You will be engaged to a woman, but another man will sleep with her. You will build a house, but not live in it. You will plant a vineyard, but not enjoy its fruit. “Nou va fiyanse yon madanm, men yon lòt mesye va vyole li. Nou va bati yon kay, men nou p ap viv ladann. Nou va plante yon chan rezen, men nou p ap sèvi nan fwi li.
31 Your ox will be slaughtered before your eyes, but you won't eat from it. Your donkey will be seized from you and not returned. Your flock will be given to your enemies, with no one to rescue you. “Bèf nou va touye devan zye nou, men nou p ap manje ladann. Bourik nou va rache nan men nou, e yo p ap remèt bannou. Mouton nou va bay a lènmi nou yo, e nou p ap gen okenn moun ki pou sove nou.
32 Your sons and your daughters will be given to another people as your eyes watch, longing for them all day, but your hand will be powerless. “Fis nou yo ak fi nou yo va bay a yon lòt pèp. Zye nou yo ap gade sou sa e anvi wè yo tout tan, men p ap gen anyen nou kapab fè.
33 A people you do not know will eat your land's produce and all your labor; you will only be oppressed and crushed continually. “Yon pèp nou pa menm konnen va vin manje pwodwi a tè nou yo ak tout travay nou yo. Nou p ap janm wè anyen sof ke oprime e kraze tout tan.
34 And you will be driven mad by what your eyes will see. Sa nou wè ak zè nou va fè nou vin fou nèt.
35 Your Father will strike you with severe, incurable boils on your knees and legs, from the sole of your foot to the top of your head. SENYÈ a va frape nou sou jenou ak janm avèk abse ki fè mal, ki pa gen gerizon soti anba pye nou rive jis anwo tèt nou.
36 Your Father will drive you and the king you set over you to a nation neither you nor your fathers have known, and there you will serve other gods of wood and stone. “SENYÈ a va mennen nou avèk wa ke nou mete sou nou yo, a yon nasyon ki ni nou menm, ni zansèt nou yo pa t konnen. Epi la, nou va sèvi lòt dye yo, fèt ak bwa ak wòch.
37 You will become a horror, a proverb, and a taunt among all peoples where your Father drives you. Nou va devni yon objè meprize etonan, yon pwovèb, yon plezi pami tout pèp kote SENYÈ a pouse nou ale yo.
38 You will carry much seed to the field but harvest little, for the locust will consume it. “Nou va pote anpil semans nan chan yo, men nou va ranmase piti, paske krikèt yo va manje yo.
39 You'll plant and tend vineyards, but not drink the wine or gather grapes—the worm will eat them. Nou va plante e kiltive chan rezen yo, men nou p ap bwè diven, ni ranmase fwi yo, paske vè va devore yo.
40 You will have olive trees throughout your territory, but never anoint yourself with oil, because your olives drop off. Nou va genyen pye doliv nan tout teritwa nou yo, men nou p ap onksyone nou avèk lwil, paske fwi doliv yo va tonbe.
41 You will father sons and daughters, but they will not remain yours, for they will go into captivity. “Nou va gen fis ak fi, men yo p ap pou nou, paske yo va antre an kaptivite.
42 The whirring locust will take possession of all your trees and the fruit of your ground. “Krikèt va posede tout bwa ak pwodwi latè nou yo.
43 The foreigner among you will rise higher and higher above you; you sink lower and lower. “Etranje ki pami nou an, va leve pi wo e pi wo ke nou, men nou va desann piba, e piba.
44 He will lend to you, but you will not lend to him. He will be the head; you the tail. Li va prete nou lajan, men nou p ap gen pou prete li. Li va tèt, nou menm, nou va ke.
45 All these curses will come on you, pursuing and overtaking you until you are destroyed, because you did not listen to the voice of your Father, to keep his commandments and statutes that he commanded you. “Konsa tout madichon sa yo va vini sou nou pou pran nou jiskaske nou fin detwi, akoz nou pa t obeyi SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa t kenbe Kòmandman Li yo ak lwa Li yo, ke Li te kòmande nou.
46 They will be a sign and a wonder against you and your offspring forever. “Madichon sa yo va devni yon sign ak yon mèvèy pou nou ak desandan nou yo jis pou tout tan.
47 Because you did not serve your Father with joy and a glad heart when you had everything in abundance, Akoz nou pa t sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, pou nou ta twouve tout bagay, avèk jwa ak kè kontan.
48 you will serve the enemies your Father sends against you, in hunger, thirst, nakedness, and dire poverty. He will put an iron yoke on your neck until he destroys you. Pou sa, nou va sèvi lènmi nou yo ke SENYÈ a va voye kont nou, nan grangou, nan swaf, nan toutouni ak nan manke tout bagay. Konsa, Li va mete yon jouk fèt an fè sou kou nou jiskaske Li fin detwi nou.
49 Your Father will bring a nation against you from far away, from the ends of the earth, swooping down like an eagle—a nation whose language you will not understand, “SENYÈ a va mennen yon nasyon kont nou soti lwen nan dènye pwent latè, tankou èg desann; yon nasyon ak yon langaj nou p ap konprann,
50 a fierce-faced nation that will show no respect to the old or mercy to the young. yon nasyon, avèk figi fewòs, ki p ap gen respè pou ansyen yo, ni montre favè a jèn yo.
51 They will devour your livestock's offspring and your ground's fruit until you are destroyed, leaving you no grain, new wine, or oil, no young of your herds or young of your flocks, until they make you perish. Yo va manje fwi a twoupo nou yo ak pwodwi a tè nou yo jiskaske nou fin detwi. Yo p ap kite anyen, ni diven nèf la, ni lwil, ni fwi a twoupo nou yo oswa bann mouton nou yo jiskaske yo fè nou mouri.
52 They will besiege you in all your towns until your high, fortified walls you trust in come down throughout your land. They will besiege you within all the towns throughout the land your Father has given you. Yo va mete syèj sou nou nan tout vil nou yo jiskaske miray wo byen fòtifye nan sila nou te mete konfyans nou yo tonbe atravè peyi nou an. Yo va fè syèj sou nou nan vil nou yo nan tout peyi ke SENYÈ a te bannou an.
53 Then, in the siege and distress your enemy inflicts on you, you will eat the fruit of your womb, the flesh of the sons and daughters your Father gave you. “Konsa, nou va vin manje pitit a pwòp vant nou, chè a fis nou yo avèk fi nou yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou yo, pandan syèj la, ak tan rèd lan lè lènmi nou yo oprime nou.
54 The gentlest, most refined man among you will begrudge his brother, the wife he embraces, and his surviving children, “Nonm pami nou ki byen rafine e ki janti a va vin sovaj anvè frè li, anvè madanm ke li renmen anpil la, ak anvè tout lòt pitit li ki rete yo,
55 refusing to share with any of them his children's flesh that he is eating, since nothing else is left him in the siege and distress your enemy inflicts on you within all your towns. jis li p ap bay menm youn nan yo okenn nan chè a pitit li ke li va manje a; akoz nanpwen anyen ki rete, pandan syèj la ak tan di anpil la, pa sila ke lènmi nou yo va oprime nou nan tout vil nou yo.
56 The gentlest, most refined woman among you, so refined she'd never so much as set the sole of her foot on the ground, will begrudge the husband she embraces, and her own son and daughter, “Fanm pami nou ki byen rafine e ki janti a, ki pa t ap eseye menm mete pye li atè tèlman li rafine e janti, li va vin sovaj anvè mari li ke li renmen anpil la, anvè fis li avèk fi li,
57 even the afterbirth from between her feet and the children she bears, for she will secretly eat them for lack of anything else, during the siege and distress your enemy inflicts on you within your towns. epi anvè vant ki sòti antre janm li yo lè l fè pitit e anvè pitit li yo ke li fè; paske li va manje yo an sekrè akoz mank tout lòt bagay pandan syèj la, e akoz soufrans pa sila lènmi nou va oprime nou nan vil nou yo.
58 If you are not careful to obey all the words of this law written in this book, to fear this glorious and awesome name—the Father, “Konsa, si nou pa fè atansyon pou swiv tout pawòl a lwa sila yo ki ekri nan liv sila yo, avèk krent non sa a ki plen onè e ki mèvèye la, SENYÈ a, Bondye nou an,
59 then your Father will bring extraordinary plagues on you and your offspring—severe and lasting plagues, severe and lasting sicknesses. alò, SENYÈ a va mennen toumant ekstrawòdinè vin sou nou avèk desandan nou yo, menm gran toumant ki sevè e ki dire anpil, epidemi ki pa janm fini, e maladi ki rete mize.
60 He will bring back on you all the diseases of Egypt you dreaded, and they will cling to you. Li va fè retounen sou nou tout maladi Égypte ke nou pè yo e yo va kole sou nou.
61 Every sickness and plague not written in this book of the law, your Father will also bring on you until you are destroyed. Osi, tout kalite maladi ak toumant ki pa menm ekri nan liv lalwa sila a, SENYÈ a va mennen yo sou nou jiskaske nou fin detwi.
62 You who were as numerous as the sky's stars will be left few, because you did not listen to your Father's voice. “Konsa, nou va rete piti an kantite, malgre avan nou te gran an kantite tankou zetwal syèl yo, akoz ke nou pa t obeyi SENYÈ a, Bondye nou an.
63 Just as your Father delighted to do you good and multiply you, so your Father will delight to ruin and destroy you, and you will be torn from the land you are entering to possess. “Li va rive ke menm jan SENYÈ a te fè kè kontan sou nou pou fè nou pwospere e miltipliye nou an; konsa, SENYÈ a va fè kè kontan sou nou pou fè nou peri e detwi nou. Nou va chire sòti nan tè ke nou ap antre pou posede a.
64 Your Father will scatter you among all peoples, from one end of the earth to the other, and there you will serve other gods of wood and stone, unknown to you and your fathers. “Anplis, SENYÈ a va fè nou gaye pami tout pèp la jis soti nan pwent latè pou rive nan lòt la. Epi la, nou va sèvi lòt dye yo, bwa avèk wòch, ke nou menm avèk zansèt nou yo pa t janm konnen.
65 Among those nations you will find no rest, no resting place for the sole of your foot. There your Father will give you a trembling heart, failing eyes, and a despairing soul. Pami nasyon sila yo, nou p ap twouve repo, ni p ap gen plas repo pou pla pye nou. Men la, SENYÈ a va bannou kè sote, zye ki febli ak nanm ki pèdi espwa.
66 Your life will hang in doubt before you. Night and day you will dread, never sure of your life. “Konsa, lavi nou va pandye nan dout devan nou. Nou va gen gwo laperèz lannwit kon lajounen, ni nou p ap gen asirans lavi nou.
67 In the morning you'll say, "If only it were evening!" and in the evening, "If only it were morning!"—from the dread filling your heart and the sights your eyes will see. “Nan maten, nou va di: ‘Pito lannwit te rive’, e nan aswè, nou va di: ‘Pito se te maten!’ akoz krent kè nou ki bannou laperèz e pou vizyon a zye nou ke yo va wè.
68 Your Father will bring you back to Egypt in ships, by the way I said you would never see again. There you will offer yourselves for sale to your enemies as male and female slaves, but no one will buy you. “SENYÈ a va mennen nou retounen an Égypte nan gwo bato, pa chemen ke m te pale nou an: ‘Nou p ap janm wè li ankò!’ Epi la, nou va ofri tèt nou menm pou vann a lènmi nou yo kòm esklav mal ak femèl, men p ap gen moun pou achte nou.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]