Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 27 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Moses and Israel's elders commanded the people: "Keep every command I give you today. Epi Moïse avèk ansyen Israël yo te bay lòd a pèp la. Li te di: “Kenbe tout kòmandman mwen kòmande nou jodi a yo.
2 When you cross the Jordan into the land your Father is giving you, set up large stones and coat them with plaster. Se konsa sa va ye nan jou ke nou travèse Jourdain an pou rive nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, pou nou fè kanpe pou nou menm gwo wòch e kouvri yo avèk mòtye lacho.
3 Write on them all the words of this law when you cross over, to enter the land your Father gives you—a land flowing with milk and honey, as our Father promised you. Nou va ekri sou yo tout pawòl a lwa sa yo, lè nou travèse, jis pou nou kapab antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou an, yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl, jan SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te pwomèt nou an.
4 When you cross the Jordan, set up these stones on Mount Ebal, as I command you today, and coat them with plaster. “Se konsa sa va ye pou nou lè nou travèse Jourdain an. Nou va fè kanpe sou mòn Ébal wòch sa yo, jan mwen ap kòmande nou jodi a, epi nou va kouvri yo avèk lacho.
5 There, build an altar to your Father, an altar of stones; let no iron tool touch them. Anplis, nou va bati la, yon lotèl a SENYÈ a, Bondye nou an, yon lotèl avèk wòch. Nou p ap voye yon zouti fè sou yo.
6 Build your Father's altar with uncut stones, and offer burnt offerings on it to your Father. Nou va bati lotèl SENYÈ a, Bondye nou an, avèk wòch ki pa taye. Konsa, nou va ofri sou li ofrann brile a SENYÈ a, Bondye nou an.
7 You are to sacrifice peace offerings and eat them there, and rejoice before your Father. Nou va fè sakrifis ofrann lapè yo, e nou va manje la. Konsa, nou va rejwi nou devan SENYÈ a, Bondye nou an.
8 And you are to write on the stones all the words of this law very clearly." Nou va ekri sou wòch yo tout pawòl a lwa sila yo, byen klè.”
9 Moses and the Levitical priests told all Israel: "Quiet, Israel, and listen. Today you became the people of your Father. Moïse avèk prèt Levit yo te pale avèk tout Israël. Yo te di: “Fè silans O Israël! Nan jou sa a menm, nou devni yon pèp pou SENYÈ a, Bondye nou an.
10 Obey your Father, keeping his commandments and his statutes that I command you today." Pou sa, nou va obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va fè kòmandman Li yo avèk règleman Li yo ke mwen te kòmande nou jodi a.”
11 That same day Moses commanded the people: Moïse te osi bay lòd a pèp la nan jou sa a. Li te di:
12 "After crossing the Jordan, these will stand on Mount Gerizim to bless the people: Simeon, Levi, Judah, Issachar, Joseph, and Benjamin. “Lè nou travèse Jourdain an, men sila ki va kanpe sou Mòn Garizim pou beni pèp la: Siméon, Lévi, Juda, Issacar, Joseph avèk Benjamin.
13 And these are to stand on Mount Ebal for the curse: Reuben, Gad, Asher, Zebulun, Dan, and Naphtali. Pou pwononse malediksyon yo, sila yo va kanpe sou Mòn Ébal: Ruben, Gad, Aser, Zabulon, Dan ak Nephtali.”
14 And the Levites will call out to all the people of Israel in a loud voice: “Levit yo va, alò, reponn e di a tout pèp Israël la avèk yon gran vwa:
15 'Cursed is anyone who carves or casts an idol—detestable to our Father, made by a craftsman's hands—and sets it up in secret.' All the people must answer, 'Amen.'" ‘Modi se mesye ki fè yon zidòl oswa yon imaj ki fonn, yon bagay abominab a SENYÈ a, zèv a yon ouvriye, e ki monte li an sekrè.’ Epi tout pèp la va reponn pou di: ‘Amen’.
16 'Cursed is anyone who dishonors father or mother.' All the people say, 'Amen.' ‘Modi se sila ki dezonore papa l oswa manman l.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
17 'Cursed is anyone who moves his neighbor's boundary marker.' And all the people are to say, 'Amen.' ‘Modi se sila ki deplase limit lizyè vwazen li.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
18 'Cursed is anyone who misleads a blind person on the road.' All the people are to say, 'Amen.' ‘Modi se sila ki mal gide yon avèg sou wout la.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
19 'Cursed is anyone who denies justice to the foreigner, the fatherless, or the widow.' All the people will say, 'Amen.' ‘Modi se sila ki tòde lajistis pou yon etranje, òfelen, oswa vèv.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
20 Cursed is anyone who sleeps with his father's wife, for he violated his father's marriage. All the people must say, 'Amen.' ‘Modi se sila ki kouche avèk madanm a papa li, akoz li te dekouvri jip papa l.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
21 'Cursed is anyone who sleeps with any animal.' And all the people are to say, 'Amen.' ‘Modi se sila ki kouche avèk nenpòt bèt.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
22 'Cursed is anyone who sleeps with his sister, his father's daughter or his mother's daughter.' All the people are to say, 'Amen.' ‘Modi se sila ki kouche avèk sè li, fi a papa li, oswa a manman li.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen.’
23 'Cursed is anyone who sleeps with his mother-in-law.' And all the people are to say, 'Amen.' ‘Modi se sila ki kouche avèk bèlmè li.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen.’
24 'Cursed is anyone who strikes down his neighbor in secret.' And all the people are to say, 'Amen.' ‘Modi se sila ki frape vwazen li an sekrè.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
25 'Cursed is anyone who takes a bribe to kill an innocent person.' All the people say, 'Amen.' ‘Modi se sila ki aksepte lajan pou asasine yon moun inosan.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
26 'Cursed is anyone who does not uphold and obey the words of this law.' All the people are to say, 'Amen.' ‘Modi se sila ki pa konfime pawòl a lwa sa yo avèk aksyon li’. Epi tout pèp la va di: ‘Amen.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]