Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 26 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When you enter the land your Father gives you as an inheritance, take possession of it, and settle in it, “Konsa, li va rive ke lè nou antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou kòm eritaj la, epi nou vin posede li pou viv ladann,
2 take some firstfruits from all the ground's produce you harvest from the land your Father gives you, put it in a basket, and go to the place your Father chooses to place his name. ke nou va pran kèk nan premye a tout pwodwi latè ke nou mennen antre sòti nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an. Nou va mete li nan yon panyen e ale kote SENYÈ a, Bondye nou an, nan plas SENYÈ Bondye nou va chwazi pou etabli non Li an.
3 Go to the priest serving then and say, "I declare today to your Father that I have entered the land our Father swore to our ancestors to give us." Nou va ale vè prèt ki anplas nan tan sa a, e nou va di li: ‘Mwen deklare nan jou sa a SENYÈ a, Bondye ou, ke mwen te antre nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou bannou an.’”
4 The priest will take the basket from your hand and set it before your Father's altar. “Alò, prèt la va pran panyen an soti nan men ou e mete li devan lotèl SENYÈ a, Bondye ou a.
5 Declare before your Father: "My father was a wandering Aramean who went down to Egypt and lived there as a foreigner, few in number, and there became a great, mighty, numerous nation." “Ou va reponn e di devan SENYÈ a, Bondye ou a: ‘Papa m te yon vwayajè Arameyen fèt pou peri. Li te desann an Égypte, e li te demere la. Yo te piti an kantite, men la, li te devni yon gran nasyon pwisan avèk anpil moun.
6 But the Egyptians mistreated us and afflicted us and forced us into hard labor. Ejipsyen yo te trete nou byen di e te aflije nou. Yo te enpoze travay fòse sou nou.
7 We cried out to our Father; our Father heard our cry and saw our suffering, toil, and oppression. Alò, nou te kriye a SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, epi SENYÈ a te tande vwa nou e te wè afliksyon nou avèk travay di ak opresyon yo.
8 So our Father brought us out of Egypt with a mighty hand, an outstretched arm, great terror, and signs and wonders. Konsa, SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte avèk yon men pwisan, yon bra lonje, avèk gwo krent, avèk sign ak mèvèy.
9 He brought us here and gave us this land, a land flowing with milk and honey. Li te mennen nou nan kote sa a, e te bannou peyi sa a, yon peyi k ap koule avèk lèt ak siwo myèl.
10 "Now I have brought the firstfruits of the ground you, our Father, gave me." Then set it before him and worship before him. “‘Koulye a, veye byen, mwen te mennen premye pwodwi a tè a, ke Ou menm, O SENYÈ a te ban mwen.’ Ou va mete li la devan SENYÈ a, Bondye ou a, epi adore devan SENYÈ a, Bondye ou a;
11 Rejoice in all the good things your Father has given you and your household—you, the Levite, and the foreigner living among you. epi ou menm avèk Levit la ak etranje ki pami nou an va rejwi nan tout bonte ke SENYÈ a, Bondye ou a, te bannou avèk tout lakay nou.
12 When you finish bringing the full tenth of your produce in the third year, the year of the tenth, and have given it to the Levite, the foreigner, the orphan, and the widow, so they eat in your towns and are satisfied, “Lè nou fin peye tout dim a pwodwi yo nan twazyèm ane a, ane a dim nan; alò, nou va bay li a Levit la, a etranje a, a òfelen an, e a vèv la, pou yo kapab manje nan vil nou yo e vin satisfè.
13 then say before your Father: I have cleared the sacred portion from my house and given it to the Levite, the foreigner, the orphan, and the widow, exactly as you commanded me. I have not disobeyed or forgotten your commands. “Nou va di devan SENYÈ a, Bondye nou an, ‘Mwen te retire pòsyon sen ki te lakay mwen an; epi osi, mwen te bay li a Levit la ak etranje a, avèk òfelen ak vèv la, selon tout kòmandman Ou yo, ke Ou te kòmande mwen. Mwen pa t vyole ni bliye okenn nan kòmandman Ou yo.
14 I ate none of it mourning, removed none unclean, gave none to the dead. I obeyed my Father's voice; I did all you commanded me. Mwen pa t manje ladann pandan lamantasyon mwen, ni mwen pa t retire anyen ladann pandan mwen pa t pwòp, ni pa t ofri anyen nan li a mò yo. Mwen te koute vwa SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te fè selon tout sa ke Ou te kòmande mwen yo.
15 Look down from your holy home in heaven, bless your people Israel and the land you gave us, as sworn to our fathers—a land flowing with milk and honey. Gade anba depi nan abitasyon sen Ou an, depi nan syèl la, e beni pèp Ou a, Israël avèk tè ke Ou te bannou an, yon tè ki koule avèk lèt ak siwo myèl, jan Ou te sèmante a zansèt nou yo.’
16 Today your Father commands you to do these statutes and rules, keep and do them with all your heart and with all your soul. “Nan jou sa a, SENYÈ a Bondye nou an, kòmande nou pou fè lwa avèk règleman sila yo. Nou va fè atansyon pou fè yo avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou.
17 Today you have declared your Father to be your Father—to walk in his ways, keep his statutes, his commandments, and his rules, and obey him. “Jodi a, nou te pwoklame SENYÈ a, se Bondye nou, ke nou ta mache nan chemen Li yo, kenbe lwa Li yo, règleman Li yo ak kòmandman Li yo, e koute vwa Li.
18 Today your Father has declared you his people, his treasured possession, as he promised you, and that you must keep all his commandments, “Jodi a, SENYÈ a te pwoklame nou se pèp Li, yon posesyon presye, jan Li te pwomèt nou an, epi nou ta dwe kenbe tout kòmandman Li yo.
19 and he will set you high above all the nations he made, for praise, fame, and honor, and that you will be a people holy to your Father, as he promised. Konsa, Li va plase nou wo anwo tout lòt nasyon ke Li te fè yo, pou lwanj, repitasyon ak onè, pou nou kapab yon pèp konsakre a SENYÈ a, Bondye nou an, jan Li te pale a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]