Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 25 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 If men have a dispute and go to court, the judges deciding between them clear the innocent and condemn the guilty, “Si gen yon konfli antre de mesye, epi yo ale devan tribinal lan pou jij yo deside ka yo, yo gen pou jistifye sila ki gen ladwati a, e kondane sila ki mechan an.
2 if the guilty man deserves a beating, the judge will make him lie down and be beaten before him, lashes numbered to fit his crime. Konsa, li va rive ke si nonm ki mechan an, merite bat, jij la va fè li kouche, e fè bat li nan prezans li avèk fòs kantite kou ki koresponn avèk koupabilite li a.
3 Forty lashes, no more; if he beats him beyond these, your brother is degraded before your eyes. Li kapab bat li karant fwa, men pa plis, jis pou li pa bat li avèk plis kou ke sa, epi frè nou an pa vin degrade nan zye nou.
4 You shall not muzzle an ox while it treads out the grain. “Nou pa pou mare bouch a bèf la pandan l ap travay moulen an.
5 If brothers live together and one dies without a son, the dead man's wife must not marry an outsider. Her husband's brother must take her as his wife, sleep with her, and do a brother-in-law's duty to her. “Lè frè yo viv ansanm, youn nan yo mouri e li pa gen fis, madanm a sila ki mouri an p ap marye deyò fanmi an ak yon lòt mesye. Frè mari li a va antre nan li, epi pran li pou li menm kòm madanm pou fè devwa a yon frè mari a pou li.
6 The firstborn she bears takes the dead brother's name, so his name is not erased from Israel. Li va rive ke premye ne ke li fè a, li va pran non a frè mouri an, pou non li pa efase soti an Israël.
7 If the man doesn't want to take his brother's wife, she goes up to the elders at the gate and says, "My husband's brother refuses to raise up his brother's name in Israel; he's unwilling to act as my brother-in-law." “Men si nonm nan pa vle pran madanm frè li a, alò, madanm frè li a va monte vè pòtay kote ansyen yo e di: ‘Frè mari mwen an refize etabli yon non pou frè li an Israël. Li pa dakò pou fè devwa a frè mari mwen.’
8 Then his town's elders summon and address him. If he stands firm, saying, "I don't want to take her," Alò, ansyen a vil li yo va voye li pale avèk li menm frè a. Epi si li pèsiste e li di: ‘Mwen pa vle pran li,’
9 his brother's wife will approach him before the elders, pull his sandal off his foot, spit in his face, and say, "So it is done to the man who won't build his brother's house." alò, madanm frè li a va vin vè li devan zye a ansyen yo, li va retire sandal li nan pye li, ekrache nan figi li; epi li va deklare: ‘Se konsa sa fèt a mesye ki pa bati kay frè li.’
10 And his family will be called in Israel "The house of him whose sandal was pulled off." An Israël, non li va rele: “Lakay a sila yo retire sapat la”.
11 If two men fight and one's wife comes to rescue her husband from his attacker, and she reaches out and grabs his private parts, “Si de mesye, yon mesye avèk yon sitwayen parèy li ap lite ansanm, si madanm nan prè pou livre mari li a sila ki ap frape li a, e lonje men l pou sezi pati jenital li,
12 then you are to cut off her hand. Show no pity. alò, nou va koupe men li. Nou pa pou gen pitye pou li menm.
13 You shall not have in your bag two kinds of weights, a large and a small. “Nou pa pou pote nan sak nou plizyè kalite pwa balans, yon gwo avèk yon piti.
14 You shall not have in your house two kinds of measures, a large and a small. Nou pa pou genyen lakay nou plizyè kalite mezi, yon gwo avèk yon piti.
15 Have a full, honest weight; have a full, honest measure, so your days may be long on the land your Father is giving you. Nou va gen yon pwa balans ki bon e ki jis. Nou va gen yon mezi ki bon e ki jis, jis pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an.
16 For everyone who does such things, everyone who acts dishonestly, is detestable to your Father. Paske tout moun ki fè bagay sa yo, tout moun ki aji avèk enjistis abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.
17 Remember what Amalek did to you on the way as you came out of Egypt, “Sonje sa ke Amalec te fè nou pandan nou te nan chemen pou sòti an Égypte la,
18 how he met you on the road, cut down all your stragglers behind you when you were faint and weary, and had no fear of our Father. kijan li te rankontre nou nan chemen an e te atake pami nou tout sila ki rete dèyè yo lè nou te fatige e san fòs la. Li pa t krent Bondye.
19 When your Father gives you rest from all your enemies around you, in the land your Father is giving you as an inheritance to possess, wipe out Amalek's memory from under heaven. Don't forget. “Pou sa, li va vin rive ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, vin bannou repo de tout lènmi ki antoure nou yo, nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou kòm eritaj pou posede a, nou va efase memwa a Amalec soti anba syèl la. Nou pa pou bliye sa.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]