Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 24 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When a man marries a woman, if she no longer pleases him because he finds something indecent in her, he writes her a certificate of divorce, puts it in her hand, and sends her from his house, “Lè yon nonm pran yon madanm pou marye avèk li, epi li rive ke li pa jwenn favè nan zye li, akoz ke li twouve kèk defo nan li, li ekri li yon sètifika divòs, mete sètifika a nan men li pou mete li deyò lakay li.
2 and if she leaves his house and goes and becomes another man's wife, Konsa, lè l kite kay li, li gen dwa pou ale devni madanm a yon lòt mesye.
3 and her second husband hates her, writes her a divorce certificate, puts it in her hand, and sends her from his house—or if that second husband who took her as his wife dies, Si dezyèm mari a vire kont li e ekri li yon sètifika divòs, e mete sètifika a nan men li pou mete li deyò lakay li; oswa, si dezyèm mari li te genyen an, vin mouri,
4 then her first husband, who sent her away, may not marry her again after she has been made unclean; that is detestable before our Father, and you must not bring guilt on the land your Father gives you as an inheritance. premye mari ki te voye li ale a, pa gen dwa pran li ankò kòm madanm li, akoz sa konwonpi. Paske sa se yon bagay abominab devan SENYÈ a. “Epi nou pa pou mennen peche sou peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou kòm eritaj la.
5 When a man takes a new wife, he must not join the army or be given any duty; he is free at home one year, to bring joy to the wife he took. “Lè yon nonm fenk pran yon madanm tounèf, li pa pou sòti avèk lame a, ni vin responsab okenn chaj. Li gen pou rete lib lakay li pandan 1 nan pou fè madanm ke li te pran an, gen kè kontan.
6 No one may take a pair of millstones, or even just the upper one, as security for a debt—that pledges someone's very livelihood. “Pèsòn pa pou pran wòch moulen anwo a kòm sekirite; paske se tankou li te pran vi a moun nan kòm sekirite.
7 If a man is found kidnapping a fellow Israelite, enslaving or selling him, that kidnapper must die. So purge the evil from among you. “Si yo pran yon moun nan kidnape nenpòt nan sitwayen fis Israël yo, epi li te trete l kon esklav, oswa li te vann li; alò, vòlè sila a va mouri. Konsa, nou va retire mechanste pami nou.
8 About a defiling skin disease, be very careful to do exactly as the Levitical priests teach you, just as I commanded them. “Fè atansyon kont enfeksyon lalèp, pou nou swiv avèk dilijans e fè tout sa ke prèt Levit yo te enstwi nou. Jan mwen te kòmande yo a, se konsa nou va fè atansyon pou nou fè.
9 Remember what your Father did to Miriam on the way as you came out of Egypt. Sonje sa ke SENYÈ Bondye nou an, te fè Marie nan chemen an pandan nou t ap sòti an Égypte la.
10 When you lend your neighbor anything, don't enter his house to take his pledge. “Lè nou fè nenpòt kalite prè a vwazen nou, nou pa pou antre lakay li pou pran garanti.
11 You must stand outside, and the borrower must bring the pledge out to you. Nou va rete deyò, e nonm k ap resevwa prè a va pote garanti a deyò bannou.
12 And if he is a poor man, you must not keep his pledge overnight. Si se yon malere, ou pa pou dòmi avèk garanti li.
13 Return his pledge by sunset, so he can sleep in his cloak and bless you; your Father will credit it to you as righteousness. Lè solèy la fin kouche, nou va, anverite, remèt garanti a li, pou li kapab dòmi nan manto li e beni nou. Sa va sèvi kòm ladwati pou nou devan SENYÈ a, Bondye nou an.
14 Do not exploit a poor, needy hired worker, whether a brother or a foreigner living in your land, in your towns. Nou pa pou oprime yon sèvitè k ap travay pou nou ki malere e ki nan nesesite, kit se yon sitwayen parèy nou, oswa youn nan etranje nou yo ki rete nan peyi nou nan vil nou yo.
15 Pay his wages the same day, before sunset—he is poor and depends on it. Otherwise he may cry out to our Father against you, and it will be sin for you. Nou va ba li salè li nan jou li avan solèy la kouche. Paske li se malere, e espwa kè li sou sa; jis pou li pa kriye kont nou vè SENYÈ a, pou sa devni yon peche nan nou.
16 Parents must not be executed for their children, nor children executed for their parents; each is to be executed for his own sin. “Papa yo p ap mete a lanmò pou zak kriminèl fis yo, ni fis a lanmò yo pou zak kriminèl papa yo. Tout moun ap vin mete a lanmò sèlman pou pwòp peche pa yo.
17 You must not deny justice to the foreigner or fatherless, nor take a widow's cloak as pledge. “Nou pa pou tòde lajistis la ki se dwa a yon etranje, oswa yon òfelen, ni pran rad a yon vèv kòm garanti.
18 Remember you were slaves in Egypt; your Father redeemed you from there—so I command you to do this. Men nou va sonje ke nou te esklav an Égypte, e ke SENYÈ a, Bondye nou an, te peye ranson nou soti la. Akoz sa, mwen ap kòmande nou pou fè bagay sa a.
19 When you harvest your field and forget a sheaf, don't go back for it. Leave it for the foreigner, the fatherless, and the widow, so your Father blesses you in all the work of your hands. “Lè nou fè rekòlt nou nan chan nou, men nou bliye yon pakèt nan chan an, nou pa pou retounen pran l. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la, pou SENYÈ a, Bondye nou an, kapab beni nou nan tout travay men nou yo.
20 When you beat your olive tree, do not go over the branches again; leave what remains for the foreigner, the fatherless, and the widow. Lè nou keyi pye doliv la, nou pa pou pase sou branch yo yon dezyèm fwa. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la.
21 When you gather your vineyard's grapes, don't strip what's left; leave it for the foreigner, the orphan, and the widow. Lè nou rekòlte rezen nan chan rezen an, nou p ap pase sou li yon lòt fwa. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la.
22 Remember you were slaves in the land of Egypt; that's why I command you to do this. “Nou va sonje ke nou te yon esklav nan peyi Égypte la. Pou sa, mwen ap kòmande nou pou fè bagay sa a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]