Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 29 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 These are the covenant words our Father commanded Moses to make with the Israelites in Moab, besides the covenant he made with them at Horeb. Sila yo se pawòl akò a ke SENYÈ a te kòmande Moïse pou fè avèk fis Israël yo nan peyi Moab la, anplis akò Li te fè avèk yo nan Horeb la.
2 Moses called all Israel and told them: You saw all our Father did before your eyes in Egypt's land—to Pharaoh, all his servants, all his land. Moïse te konvoke tout Israël e te di yo: “Nou te wè tout sa ke SENYÈ a te fè a Farawon nan peyi Égypte la e a tout sèvitè li yo avèk tout peyi li a;
3 The great tests you saw with your own eyes, those mighty signs and wonders. gwo eprèv ke zye nou te wè yo, gwo sign sa yo avèk mèvèy yo.
4 But to this day our Father has not given you a heart to know, eyes to see, ears to hear. Men jis rive jodi a, SENYÈ a pa t bannou yon kè pou konnen, ni zye pou nou wè, ni zòrèy pou nou tande.
5 "Forty years I led you in the wilderness; your clothes never wore out, nor your sandals on your feet. Mwen te mennen nou pandan karantan nan dezè a. Rad nou yo pa t epwize sou nou, ni sandal nou yo pa t epwize nan pye nou.
6 You ate no bread, drank no wine or strong drink, so you would know I am your Father." Nou pa t manje pen, ni nou pa t bwè bwason ki fò pou nou ta konnen ke Mwen menm, se Senyè a, Bondye nou an.
7 When you reached this place, Sihon king of Heshbon and Og king of Bashan marched out against us, and we struck them. Lè nou te rive kote sa a, Sihon, wa Hesbon an avèk Og, wa Basan an, yo te sòti pou rankontre nou pou batay, men nou te bat yo.
8 We took their land and gave it as an inheritance to the Reubenites, Gadites, and half-tribe of Manasseh. Nou te pran peyi pa yo a pou bay li kòm eritaj a Ribenit yo, a Gadit yo e a mwatye tribi a Manasit yo.
9 Keep the words of this covenant and do them, so you may prosper in all you do. Pou sa, kenbe pawòl akò sa yo pou fè yo, pou nou kapab reyisi nan tout sa ke nou eseye fè.
10 Today you all stand before your Father: your tribal heads, elders and officers, every man of Israel, Nou vin kanpe la a jodi a, nou tout, devan SENYÈ, Bondye nou an: chèf nou yo, tribi nou yo, ansyen nou yo ak ofisye nou yo, tout mesye Israël yo,
11 your little ones, wives, and the foreigner in your camp, from those cutting your wood to those drawing your water, timoun nou yo, madanm nou yo ak etranje ki demere nan kan nou yo, soti nan sila ki koupe bwa dife nou, jis rive nan sila ki rale dlo nou yo,
12 so you may enter the covenant of your Father, and his oath, which your Father makes with you today, pou nou kapab antre an akò avèk SENYÈ a, Bondye nou an, pou sèman ke SENYÈ Bondye nou an, ap fè avèk ou jodi a,
13 to make you his people today, and to be your Father, as he promised you and swore to your ancestors Abraham, Isaac, and Jacob. pou Li kapab etabli nou jodi a kòm pèp Li, e pou Li kapab devni Bondye nou, jis jan ke Li te pale nou an ak jan Li te sèmante a zansèt nou yo, a Abraham, Isaac, e a Jacob la.
14 It is not with you alone that I am making this covenant, sworn with an oath, Alò, se pa avèk nou sèlman ke Mwen ap fè akò sila a avèk sèman sila a,
15 but with everyone standing here with us today before our Father, and with everyone not here with us today. men avèk sila ki kanpe isit yo avèk nou jodi a nan prezans a SENYÈ a, Bondye nou an, e avèk sila ki pa la avèk nou jodi a
16 You know how we lived in Egypt and passed through the nations you traveled among. (paske nou konnen kijan nou te viv nan peyi Égypte la ak kijan nou te pase nan mitan nasyon kote nou te pase yo;
17 You saw their detestable things and idols of wood, stone, silver, and gold among them. anplis, nou te wè abominasyon pa yo ak zidòl pa yo an bwa, wòch, ajan ak lò, ki te avèk yo);
18 Let no one among you—man, woman, clan, or tribe—turn his heart today from our Father to serve those nations' gods, and let no root among you bear poison and bitter fruit, pou pa t ap genyen pami nou jodi a ni gason, ni fanm, ni fanmi, ni tribi, ki gen kè ki vire kite SENYÈ a, Bondye nou an, pou ale sèvi lòt dye a nasyon sa yo; pou pa vin gen pami nou yon rasin ki pote fwi pwazon anmè konsa.
19 who hears the words of this oath yet congratulates himself inwardly, saying, I'll be safe though I follow my stubborn heart—sweeping away the watered land with the dry. Pou l ta rive ke lè li tande pawòl a madichon sila a, li vin ògeye, e di: ‘Mwen va gen lapè menmlè mwen mache avèk kè di, pou m detwi tè wouze ansanm ak tè sèk.’
20 Our Father will refuse to forgive him; instead his anger and jealousy will burn against that man, every curse written in this book will settle on him, and our Father will erase his name from under heaven. SENYÈ a p ap janm dakò pou padone li, men pito, lakòlè SENYÈ ak jalouzi Li va brile kont nonm sa a. Konsa, tout madichon ki ekri nan liv sa a, va vin rete sou li, e SENYÈ a va efase non li anba syèl la.
21 Our Father will single him out for disaster from all the tribes of Israel, matching every covenant curse written in this Book of the Law. Epi SENYÈ a va mete li apa pou mechanste l soti nan tout tribi Israël yo, selon tout madichon a akò ki ekri nan liv lalwa sila a.
22 The next generation, your children after you, and the foreigner from a distant land, will see that land's plagues and the diseases our Father inflicted on it. “Alò, jenerasyon k ap vini an—fis nou ki leve apre nou yo, avèk etranje a ki sòti nan yon peyi lwen—lè yo wè toumant a peyi ak maladi avèk sila SENYÈ a te aflije li yo, yo va di:
23 Sulfur and salt, the whole land burned, unsown, sprouting nothing, no plant growing there, like the ruin of Sodom, Gomorrah, Admah, and Zeboiim, which our Father ruined in his anger and wrath, Tout teritwa li se souf avèk sèl, yon kote devaste kap brile nèt. Li pa simen menm, ni pwodwi anyen, li san zèb grandi ladann, tankou boulvèsman Sodome nan avèk Gomorrhe a. Li tankou Adma avèk Tseboïm ke SENYÈ a te boulvèse nan chalè Li avèk kòlè Li.
24 all nations will ask, Why did our Father do this to this land? What is this great burning anger? Tout nasyon yo va di: ‘Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi sila a? Poukisa gwo kòlè sila a?’
25 They will answer: Because they abandoned the covenant of our Father, the God of their fathers, made with them when he brought them out of Egypt's land, “Epi yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone akò SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a te fè avèk yo, lè Li te mennen yo sòti nan peyi Égypte la.’
26 and served other gods, bowing to them—gods they never knew, that he never assigned them. Yo te sèvi lòt dye yo e yo te adore yo, dye ke yo pa t konnen e ke Li pa t janm te ba yo.
27 So our Father's anger burned against that land, bringing on it every curse written in this book. Pou sa, kòlè SENYÈ a te brile kont peyi a, pou mennen sou li tout madichon ki ekri nan liv sa a.
28 And our Father uprooted them from their land in anger, rage, and great outrage, and threw them into another land, as it is today. SENYÈ a te dechouke yo nan peyi pa yo a nan kòlè Li. Avèk gwo mekontantman, Li te rache yo soti nan peyi yo pou jete yo nan yon lòt peyi, jan li ye kounye a.”
29 The secret things belong to our Father, but the things revealed belong to us and our children forever, to do all the words of this law. Bagay sekrè yo apatyen a SENYÈ a, Bondye nou an. Men bagay ki revele yo se pou nou menm avèk fis nou yo jis pou tout tan, pou nou kapab obsève tout pawòl lalwa sila yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]