Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 30 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When all these things happen to you—the blessing and the curse I have set before you—and you remember them among all the nations where your Father has driven you, “Konsa li va ye lè tout bagay sa yo fin vini sou nou, benediksyon an avèk madichon an ke mwen te mete devan nou pou nou sonje yo nan tout nasyon kote SENYÈ a va egzile nou yo,
2 and you return to your Father and obey his voice in all I command you today, you and your children, with all your heart and with all your soul, epi ou retounen kote SENYÈ Bondye ou, pou obeyi vwa Li ak tout ke e tout nanm ou, selon tout sa ke M kòmande ou jodi a, ou menm anplis ak fis ou yo.
3 then your Father will restore you from captivity, his heart will turn toward you with compassion, and he will gather you again from all the peoples where your Father has scattered you. Konsa SENYÈ a, Bondye nou an, va restore nou apre kaptivite sila a e Li va vin gen konpasyon sou nou. Li va ranmase nou ankò sòti nan tout pèp kote SENYÈ a, Bondye nou an, te gaye nou yo.
4 If you're scattered to the ends of the heavens, from there your Father will gather you, from there he will take you. Si moun egzil sa yo nan lòt pwent tè a, soti la, SENYÈ a, Bondye nou an, va ranmase nou. Epi soti la, Li va mennen nou tounen.
5 Your Father will bring you to the land your fathers possessed; you will possess it, and he will bless and multiply you more than your fathers. SENYÈ a, Bondye nou an, va mennen nou antre nan peyi ke zansèt nou yo te posede a. Nou va posede li, epi Li va fè nou pwospere e vin miltipliye plis ke zansèt nou yo.
6 Your Father will circumcise your heart and your offspring's heart, to love your Father with all your heart and with all your soul, that you may live. Anplis, SENYÈ a, Bondye nou an, va sikonsi kè nou ak kè desandan nou yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou, pou nou kapab viv.
7 Your Father will bring all these curses on your enemies and on those who hated and pursued you. SENYÈ a, Bondye nou an, va aflije lènmi nou yo avèk tout madichon sa yo ansanm ak sila ki rayi nou yo, ki te pèsekite nou yo.
8 You will again obey your Father's voice, doing all his commands I command you today. Konsa, nou va ankò obeyi SENYÈ a e obsève tout kòmandman li yo ke Mwen te kòmande nou jodi a.
9 Your Father will bless you abundantly in all your handiwork, in the fruit of your womb, the fruit of your livestock, and the fruit of your ground, for good. For your Father will again delight in you for good, as he delighted in your fathers, Epi SENYÈ a, Bondye nou an, va fè nou vin pwospere anpil nan travay men nou, nan fwi zantray nou yo, nan pòtre a bèt nou yo ak nan pwodwi ki sòti nan tè yo; paske SENYÈ a va ankò rejwi de nou pou bonte nou, jis jan ke Li te rejwi de zansèt nou yo,
10 when you obey the voice of your Father, keeping his commands and statutes written in this Book of the Law, and turn to your Father with all your heart and with all your soul. si nou obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe kòmandman Li yo ak lwa Li yo ki ekri nan liv lalwa sila a, si nou vire vè SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè ak nanm nou.
11 This commandment I command you today isn't too hard for you, nor too far away. “Paske kòmandman sila ke mwen bannou jodi a pa twò difisil pou nou, ni li pa twò wo pou nou pa rive kote l.
12 It isn't in heaven, that you'd say, "Who will go up to heaven for us, get it, and bring it to us, so we may hear it and do it?" Li pa nan syèl la, pou nou ta di: ‘Kilès ki va monte nan syèl la pou pran li pou nou e fè nou tande li, pou nou kapab swiv li?’
13 Nor is it beyond the sea, that you should say, "Who will cross the sea for us, bring it to us, so we may hear it and do it?" Ni li pa lòtbò lanmè a, pou nou ta di: ‘Kilès k ap travèse lanmè a, pou pran li pou nou e fè nou tande li, pou nou kapab swiv li.’
14 For the word is very near you, in your mouth and heart, so that you can do it. Men pawòl la toupre nou, nan bouch nou ak nan kè nou, pou nou kapab swiv li.
15 See, I have set before you today life and good, death and evil. Nou wè, jodi a Mwen te mete devan nou lavi avèk abondans, oswa lanmò avèk tout sa ki pa bon.
16 If you obey your Father's commands today—loving him, walking in his ways, keeping his commands, statutes, and rules—you will live, multiply, and he will bless you in the land you're entering to possess. Nan tout sa mwen kòmande nou jodi a pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li yo, epi pou kenbe kòmandman Li yo avèk lwa Li yo ak jijman Li yo, pou nou kapab viv e miltipliye, e pou SENYÈ a, Bondye nou an, kapab beni nou nan peyi kote nou ap antre pou posede a.
17 But if your heart turns away, refusing to listen, and you are lured into bowing before other gods and serving them, Men si kè nou detounen e nou refize obeyi, men nou mennen akote pou adore lòt dye yo e sèvi yo,
18 I declare to you today: you will surely perish, not live long in the land you're crossing the Jordan to enter and possess. Mwen deklare a nou jodi a ke nou va vrèman peri. Nou p ap pwolonje jou nou yo nan peyi kote nou ap travèse Jourdain an pou antre posede a.
19 Today I call the heavens and earth to witness against you: I've set life and death before you, blessing and curse. Choose life, so you and your children may live, Mwen rele syèl la avèk tè a pou fè temwayaj kont nou jodi a, ke mwen te mete devan nou lavi avèk lanmò, benediksyon avèk malediksyon. Pou sa, chwazi lavi pou nou kapab viv, nou menm avèk desandan nou yo,
20 loving your Father, obeying his voice, and holding fast to him, for he is your life and length of your days, so you may live in the land your Father swore to your ancestors, Abraham, Isaac, and Jacob, to give them. nan renmen SENYÈ a, Bondye nou an ak nan obeyisans a vwa Li ak nan kenbe fèm a Li. Paske sa se lavi nou ak pwolongasyon a jou nou yo, pou nou kapab viv nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo; a Abraham, Isaac e a Jacob, pou bay yo a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]