Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 31 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Moses went and spoke these words to all Israel. Konsa Moïse te ale e te pale pawòl sa yo a tout Israël.
2 He said to them, "Today I am 120 years old; I can no longer go out and come in, and our Father has told me, 'You will not cross this Jordan.' Li te di yo: “Mwen gen san-ventan daj jodi a. Mwen p ap ka ankò fè antre soti. SENYÈ a te di mwen: ‘Ou p ap travèse Jourdain sila a.’
3 Your Father himself will cross over ahead of you; he will destroy these nations before you, and you will drive them out. Joshua will cross over ahead of you, as our Father has said. Se SENYÈ a, Bondye nou menm nan, ki va travèse devan nou. Li va detwi nasyon sila yo devan nou e nou va deplase yo. Se Josué ki va travèse devan nou, jan SENYÈ a te pale a.
4 Our Father will do to them as he did to Sihon and Og, kings of the Amorites, and their land, when he destroyed them. SENYÈ a va fè yo menm jan ke Li te fè a Sihon avèk Og, wa a Amoreyen yo, e a peyi pa yo a, lè Li te detwi yo a.
5 Our Father will give them to you, and you must do to them exactly as I commanded you. SENYÈ a va livre yo devan nou, e nou va aji avèk yo an akò avèk kòmandman ke mwen menm te kòmande nou yo.
6 Be strong and courageous. Don't fear or dread them, for your Father goes with you; he will never leave you nor forsake you." Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou.
7 Moses summoned Joshua and told him before all Israel, "Be strong and courageous—you will go with this people into the land our Father swore to their ancestors to give them, and you will hand it to them as their inheritance. Konsa, Moïse te rele Josué e te di li devan tout Israël: “Kenbe fò, pran kouraj, paske ou va ale avèk pèp sa a pou antre nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt pa yo pou ba yo a; epi ou va ba yo li kòm eritaj.
8 Our Father himself goes before you; he will be with you. He will never leave you nor forsake you. Don't fear; don't be discouraged." Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj.”
9 Moses wrote this law and gave it to the priests, sons of Levi, who carried the ark of our Father's covenant, and to all Israel's elders. Konsa, Moïse te ekri lwa sa a, e li te livre bay li a prèt yo, fis a Lévi yo ki te pote lach akò a SENYÈ a, e a tout ansyen an Israël yo.
10 Then Moses commanded them: "At the end of every seven years, at the set time of the release year, during the Festival of Booths, Moïse te kòmande yo e te di: “Nan fen chak sèt ane, nan sezon ane remisyon dèt nan Fèt Tonèl Yo,
11 when all Israel comes before your Father in the place he chooses, read this law aloud to all Israel. lè tout Israël vini pou parèt devan SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke Li va chwazi a, nou va li lwa sila a devan tout Israël pou yo tout tande l.
12 Assemble the people—men, women, children, and the foreigner living in your towns—to hear, learn, and fear your Father, and keep and do all the words of this law. Rasanble pèp la, gason avèk fanm, ak pitit yo, etranje ki nan vil nou yo, pou yo ka tande aprann gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, epi fè atansyon pou swiv tout pawòl a lwa sila yo.
13 Then their children, who don't know this law, will hear it and learn to fear your Father all the days you live in the land you are crossing the Jordan to possess." Pitit yo ki pa t konnen, va tande e aprann gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, pou tout tan ke nou viv nan peyi ke nou prèt pou travèse Jourdain an pou posede a.”
14 Our Father told Moses, "Your death is near. Call Joshua and present yourselves at the tent of meeting; I will commission him." So Moses and Joshua went and presented themselves at the tent of meeting. Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, lè pou ou mouri toupre. Rele Josué, e prezante nou menm nan tant asanble a, pou Mwen kapab ba li komisyon li.”
15 Then our Father appeared in the tent in a pillar of cloud, and the pillar of cloud stood at the tent's entrance. SENYÈ a te vin parèt nan tant lan nan yon pilye nwaj e pilye nwaj la te kanpe nan pòtay tant lan.
16 And our Father said to Moses, "You are about to lie down with your ancestors. This people will then rise and prostitute themselves after the foreign gods of the land they are entering, forsaking me and breaking the covenant I made with them. SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, ou prèt pou kouche avèk zansèt ou yo. Konsa, pèp sa a va fè jwèt pwostitiye ak dye etranje yo nan peyi kote y ap prale a, pou abandone Mwen, epi va kraze akò Mwen ke Mwen te fè avèk yo a.
17 On that day my anger will burn against them. I will abandon them, hide my face from them, and they will be devoured. Many disasters and troubles will come on them. On that day they will say, 'Haven't these disasters come on us because our God isn't with us?' Alò, kòlè Mwen va vin limen kont yo nan jou sa a, Mwen va abandone yo e kache figi Mwen a yo menm. Yo va detwi e anpil malè va rive sou yo, jiskaske yo va di nan jou sa a: ‘Èske se pa paske Bondye nou an pa pami nou ke malè sa yo vin rive sou nou?’
18 I will surely hide my face that day, for all the evil they've done, turning to other gods. Men anverite, Mwen va kache figi Mwen nan jou sa a akoz tout mechanste ke yo te fè, paske yo te vire vè lòt dye yo.”
19 Now write this song for yourselves, teach it to the Israelites, put it in their mouths, so this song may witness for me against the Israelites. “Koulye a, akoz sa, ekri chanson sila a pou nou menm e montre li a fis Israël yo. Mete li sou lèv yo, pou chanson sa a kapab yon temwen pou Mwen kont fis Israël yo.
20 When I bring them into the land flowing with milk and honey, sworn to their ancestors, they will eat, grow full and fat, turn to other gods and serve them, despise me, and break my covenant. Paske lè Mwen mennen yo antre nan peyi k ap koule avèk lèt avèk siwo myèl la, ke Mwen te sèmante a zansèt pa yo, yo te manje e satisfè, e yo te vin pwospere, alò, yo va vire a lòt dye yo pou sèvi yo, meprize Mwen e kraze akò Mwen an.
21 When many disasters and troubles overtake them, this song will confront them as a witness, for it won't be forgotten from their descendants' mouths. For I know what they're forming today, before I bring them into the land I swore to give them." Epi li va rive ke lè anpil malè avèk twoub vini sou yo, ke chan sa a va fè temwayaj devan yo (paske li p ap bliye pa desandan pa yo); paske Mwen konnen entansyon ke yo ap fòme depi jodi a, avan Mwen mennen yo antre nan peyi ke Mwen te fè sèman pou ba yo a.”
22 So Moses wrote down this song that same day and taught it to the Israelites. Konsa, Moïse te ekri chan sa a nan menm jou a e te montre fis Israël yo li.
23 Then our Father commissioned Joshua son of Nun: "Be strong and courageous—you will bring the Israelites into the land I swore to give them, and I myself will be with you." Epi li te bay Josué, fis a Nun nan, komisyon li, e te di: “Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va mennen fis Israël yo antre nan peyi ke mwen te sèmante a yo menm nan, epi mwen va avèk ou.”
24 When Moses had finished writing the words of this law in a book, from beginning to end, Li te vin rive ke lè Moïse te fin ekri pawòl a lwa sa yo nan yon liv soti nan kòmansman jiska lafen,
25 he commanded the Levites who carried the ark of the covenant of our Father: ke Moïse te kòmande Levit ki te pote lach akò SENYÈ yo. Li te di:
26 "Take this Book of the Law and put it beside the ark of the covenant of your Father, to remain there as a witness against you. “Pran liv lalwa a e mete li akote lach akò SENYÈ a, Bondye nou an, pou li kapab rete la kòm yon temwen kont nou.
27 For I know your rebellion and stubbornness. Even now, while I'm alive with you today, you've rebelled against our Father—how much more after my death! Paske mwen konnen rebelyon nou ak kou rèd nou. Gade byen, pandan mwen toujou vivan avèk nou jodi a, nou te fè rebelyon kont SENYÈ a. Konbyen anplis, konsa, apre mwen fin mouri?
28 Gather to me all your tribal elders and officers, so I may speak these words to them and call heaven and earth to witness against them. Rasanble pou mwen tout ansyen a tribi nou yo ak ofisye nou yo, pou mwen kapab pale pawòl sila yo pou yo tande e rele sou syèl la avèk tè a pou temwaye kont yo.
29 For I know that after my death you will become utterly corrupt and turn aside from the way I have commanded you. And in the days to come disaster will fall upon you, because you will do what is evil in the sight of our Father, provoking him to anger through the work of your hands." Paske mwen konnen apre lanmò mwen, nou va fè zak konwonpi e vire kite chemen an ke m te kòmande nou an. Epi konsa, malè va swiv nou nan dènye jou yo, paske nou va fè sa ki mal nan zye SENYÈ a, e pwovoke Li a lakòlè avèk zèv men nou.”
30 Moses recited the words of this song, start to finish, to Israel's whole assembly. Konsa, Moïse te resite pawòl chanson sa a soti nan kòmansman jiska lafen nan zòrèy tout asanble Israël la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]