Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 32 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Listen, heavens, and I will speak; let the earth hear the words of my mouth. “Prete zòrèy nou, O syèl yo; kite mwen pale. Kite tè a tande pawòl a bouch mwen yo.
2 May my teaching fall like rain, my speech settle like dew, like gentle showers upon the tender grass, and like rain upon the growing plants. Kite enstriksyon mwen yo tonbe tankou lapli, pawòl mwen yo poze tankou lawouze, tankou ti gout sou zèb fre, ak lapli k ap farinen sou zèb.
3 For I will proclaim the name of our Father; ascribe greatness to our Father! Paske mwen pwoklame non a SENYÈ a. Bay glwa a Bondye nou an!
4 The Rock—our Father—his work is perfect, for all his ways are justice. Our Father is faithful and does no wrong; just and upright is he. Wòch la! Zèv Li yo pafè, paske tout chemen li yo jis. Yon Bondye fidèl e san enjistis, dwat e jis ke Li ye.
5 They have acted corruptly toward him; they are no longer his children, but a blemish—a crooked and twisted generation. Yo te fè zak konwonpi anvè Li. Yo pa pitit li akoz defo yo. Yon jenerasyon pèvèti e kwochi,
6 Is this how you repay our Father, you foolish and senseless people? Is he not your Father, who created you, who made you and established you? se konsa nou rekonpanse SENYÈ a, O pèp ki san konprann e ki san sajès? Èske se pa Papa nou, Kreyatè nou an, ki te fè nou e ki te fòme nou?
7 Remember the days of old; consider the years of generation after generation. Ask your father, and he will tell you, your elders, and they will explain. Sonje jou tan pase yo, konsidere lane a tout jenerasyon yo. Mande papa nou e li va fè nou konnen, ansyen nou yo e yo va di nou.
8 When the Most High, our Father, gave the nations their inheritance, when he divided humanity, he fixed the borders of the peoples according to the number of the sons of Israel. Lè Pi Wo a te bay nasyon yo eritaj yo, lè Li te separe fis a lòm yo, Li te etabli lizyè a tout pèp la Selon kantite a fis Israël yo.
9 For our Father's portion is his people, Jacob his allotted heritage. Paske pòsyon SENYÈ a se pèp Li a. Jacob se don eritaj Li a.
10 He found him in a desert land, in the howling waste of the wilderness; he encircled him, he cared for him, he guarded him as the apple of his eye. Li te twouve li nan yon peyi dezè, nan savann dezole kote van soufle a. Li te antoure li, Li te pran swen li, Li te pwoteje li tankou de zye nan tèt Li.
11 Like an eagle that stirs up its nest, that hovers over its young, he spread out his wings and caught them, carrying them on his wings. Tankou yon èg ki anvayi nich li, ki pann sou jenn pitit li yo, Li te ouvri zèl li yo pou te kenbe yo. Li te pote yo anwo plim li.
12 Our Father alone guided him, and there was no foreign god with him. SENYÈ a sèl te gide li. Li pa t gen dye etranje ki te avè l.
13 He set him atop the heights of the land, and he ate the produce of the field; he nourished him with honey from the rock, and oil from the flinty crag. Li te fè li monte sou wo plas tè yo. Yo te manje pwodwi a chan yo. Li te fè li souse siwo myèl nan wòch la, ak lwil nan wòch ki te di:
14 Curds from the herd and milk from the flock, with the fat of lambs, rams of Bashan and goats, with the finest of the wheat—and you drank the foaming wine of the blood of grapes. Bòl lèt a bèf yo ak lèt bann kabrit yo, avèk grès jenn ti mouton yo, Belye a ras Basan yo ak kabrit, Avèk ble ki pi fen yo. Nou te bwè san rezen an, diven an menm nou te bwe.
15 But Jeshurun grew fat and kicked—you grew fat, bloated, and sleek—then he abandoned our Father who made him and scorned the Rock of his salvation. Men Israël te vin gra e te voye pye. Ou vin gra, gwo e swa. Li te abandone Bondye ki te fè l la, e li te meprize Wòch a delivrans li an.
16 They stirred him to jealousy with foreign gods; they provoked him to anger with abominations. Yo te fè Li vin jalou avèk dye etranje yo. Avèk bagay abominab, yo te pwovoke Li a lakòlè.
17 They sacrificed to demons that were not God, to gods they had never known, new gods who had only recently appeared, whom your fathers had never dreaded. Yo te fè sakrifis a dyab ki pa t Bondye yo, a dye ke yo pa t janm konnen, dye nèf ki fenk parèt, ke zansèt nou yo pa t janm bay lakrent.
18 You neglected the Rock who fathered you, and you forgot our Father who gave you birth. Nou te neglije Wòch ki te fè nou an, e nou te bliye Bondye ki te bannou nesans lan.
19 Our Father saw it and spurned them, because of the provocation of his sons and his daughters. SENYÈ a te wè sa e te meprize yo akoz pwovokasyon fis ak fi Li yo.
20 And he said, "I will hide my face from them; I will see what becomes of them, for they are a perverse generation, children in whom there is no faithfulness. “Alò, Li te di: ‘Mwen va kache figi Mwen sou yo. Mwen va wè kijan yo fini; Paske yo se yon jenerasyon pèvès, fis ki pa fidèl.
21 "They made me jealous with what is no god; they provoked me to anger with their worthless idols. So I will make them jealous with those who are no people; I will provoke them to anger with a foolish nation. ‘Yo te fè m jalou avèk sa ki pa Bondye yo. Yo te pwovoke Mwen a lakòlè avèk zidòl yo. Konsa tou, Mwen va fè yo jalou avèk sa ki pa yon pèp yo. Mwen va pwovoke yo a lakòlè avèk yon nasyon ki san konprann.
22 For my anger has kindled a fire that burns to the depths of the grave; it devours the earth and its produce and sets ablaze the foundations of the mountains. Paske yon dife vin limen nan chalè Mwen, ki brile jis rive nan pati pi fon nan sejou lanmò yo. Li manje latè a avèk tout don li yo, e limen dife a nan fondasyon mòn yo.
23 I will heap disasters upon them; I will exhaust my arrows against them. Mwen va ogmante gwo pil malè sou yo. Mwen va depanse flèch Mwen sou yo.
24 Wasted by hunger, consumed by burning plague and bitter destruction; I will send the teeth of beasts against them, with the venom of things that crawl in the dust. Mwen va epwize yo ak gwo grangou, e manje yo ak chalè ki brile, e avèk destriksyon anmè. Mwen va voye pami yo bèt voras, avèk pwazon a bèt ki trennen sou vant.
25 Outside, the sword will bring death, and inside, terror—for young man and young woman alike, the nursing infant with the gray-haired elder. Pa deyò, se nepe ki va rache lavi yo, epi pa anndan, gwo laperèz, ni sou jennonm ni vyèj la, tibebe a avèk granmoun cheve blanch lan.
26 I would have said, 'I will cut them to pieces; I will blot out their memory from among mankind,' Mwen te prèt pou di: “M ap koupe yo an mòso, M ap rache memwa yo soti de lòm,
27 had I not feared the taunt of the enemy, for fear their adversaries would misjudge and say, 'Our own hand has triumphed; it was not God who did all this.' si M pa t krent ke li t ap pwovoke lènmi an, ke lènmi pa yo ta mal jije pou yo ta di: “Se men nou ki gen viktwa a. Se pa t vrèman SENYÈ a ki fè tout sa.”’
28 For they are a nation without wisdom, and there is no understanding in them. Paske yo se yon nasyon ki manke bon konsèy. Yo san konprann.
29 If only they were wise, they would understand this; they would see their final fate. Pito ke yo te saj, ke yo te konprann sa, ke yo te konprann avni yo!
30 How could one chase 1,000, and two put 10,000 to flight, unless their Rock had sold them, and our Father had given them up? Kijan yon moun ta kapab chase yon milye, pou de sèl grenn fè di mil sove ale, sof ke Wòch pa yo a te vann yo, sof ke SENYÈ a te livre yo bay.
31 For their rock is not like our Rock; even our enemies concede it. Anverite, wòch pa yo a pa tankou Wòch nou an. Menm lènmi nou yo kapab jije sa.
32 For their vine comes from the vine of Sodom and from the fields of Gomorrah; their grapes are grapes of poison, their clusters are bitter. Paske rezen pa yo sòti nan rezen Sodome, ak chan yo nan Gomorrhe. Rezen pa yo se rezen pwazon. Grap yo anmè.
33 Their wine is the venom of serpents, the cruel poison of cobras. Diven pa yo se pwazon vipè, pwazon mòtèl koulèv kobra.
34 "Is this not stored up with me, sealed within my treasuries? Èske M pa mete sa nan depo, byen sele nan trezò Mwen?
35 Justice and recompense are mine, for the time when their foot will slip; for the day of their calamity is near, and their doom rushes upon them. “‘Vanjans se pou Mwen, avèk revandikasyon, nan lè pye yo va glise, Paske jou malè a yo toupre, E rekonpans yo ap kouri vit sou yo.’
36 For our Father will vindicate his people and have compassion on his servants, when he sees that their strength is gone and no one remains, neither slave nor free. Paske SENYÈ a va jije pèp Li a. Li va fè mizerikòd sou sèvitè Li yo, lè Li wè fòs yo fin disparèt, ke pèsòn pa rete, ni esklav, ni lib.
37 Then he will say, 'Where are their gods, the rock in which they took refuge, Li va di: ‘Kote dye yo ye? Wòch kote yo te pran refij la?
38 who ate the fat of their sacrifices and drank the wine of their drink offering? Let them rise and help you; let them be your shelter!' Sila ki te manje grès a sakrifis pa yo a, e ki te bwè diven a bwason pa yo a? Kite yo vin bannou sekou! Kite yo fè kote pou nou kache!
39 Look—I myself am he, and there is no god beside me. I put to death and I give life; I wound and I heal, and no one can deliver from my hand. Vin wè ke Mwen menm se Li. Nanpwen dye sof ke Mwen. Se Mwen ki mete a lanmò, e se Mwen ki bay lavi. Se Mwen ki te fè blese e se Mwen ki fè gerizon. Nanpwen pèsòn ki kab delivre soti nan men M.
40 For I lift my hand to heaven and declare: As surely as I live forever, Anverite, Mwen leve men M vè syèl la E Mwen di: Menm jan ke Mwen viv pou tout tan an,
41 when I sharpen my flashing sword and my hand grasps judgment, I will bring justice on my adversaries and repay those who hate me. si Mwen file nepe briyan Mwen an, se men M ki kenbe lajistis. Mwen va rann vanjans sou advèsè Mwen yo, epi Mwen va rekonpanse sila ki rayi Mwen yo.
42 I will make my arrows drunk with blood, and my sword will devour flesh—with the blood of the slain and the captives, from the long-haired heads of the enemy." M ap fè flèch Mwen yo vin sou ak san, e nepe Mwen va devore chè avèk san a mò yo ak kaptif yo, k ap sòti nan chèf a lènmi yo.’
43 Rejoice, nations, with his people, for he will avenge the blood of his children and bring justice on his adversaries; he will make atonement for his land and his people. Rejwi, O nasyon avèk pèp pa Li a, paske L ap fè vanjans san a sèvitè Li yo. Li va rann vanjans sou advèsè Li yo, e fè ekspiyasyon pou peyi Li avèk pèp Li a.”
44 Moses came and spoke all the words of this song to the people, he and Joshua son of Nun. Alò, Moïse te vin pale tout pawòl a chan sila nan zòrèy a pèp la, li menm avèk Josué, fis a Nun nan.
45 And when Moses had finished speaking all these words to all Israel, Lè Moïse te fin pale tout pawòl sila yo a tout Israël,
46 he told them, "Set your heart to all these words I testify to you today, that you command your children to keep and do all the words of this law. li te di yo: “Pran a kè nou tout pawòl avèk sila mwen avèti nou jodi a, ke nou va kòmande fis nou yo pou swiv avèk atansyon, tout pawòl a lalwa sila yo.
47 This is no empty word for you—it is your life. Through this word you will live long in the land you are crossing the Jordan to possess." Paske se pa yon bagay pa aza ke yo ye pou nou. Anverite, se lavi nou yo ye. Pa pawòl sila yo, nou va pwolonje vi nou nan tè ke nou prèt pou travèse Jourdain an pou posede a.
48 That very day our Father spoke to Moses, saying, SENYÈ a te pale avèk Moïse nan menm jou sa a. Li te di:
49 "Go up this Abarim mountain, Mount Nebo, in Moab facing Jericho, and view Canaan, which I'm giving Israel's people as their possession. “Monte sou mòn sila nan Abarim nan, Mòn Nebo, ki nan peyi Moab, anfas Jéricho, e gade sou peyi a Canaan an ke Mwen ap bay a fis Israël yo kòm posesyon an.
50 Then die on the mountain you are climbing, and be gathered to your people, as Aaron your brother died on Mount Hor and was gathered to his people, Epi mouri sou mòn nan kote ou monte a pou vin ranmase a zansèt ou yo, jan Aaron te fè sou Mòn Hor a, e te vin ranmase pa pèp li a;
51 because you broke faith with me among the Israelites at the waters of Meribah-kadesh in the Wilderness of Zin, because you did not treat me as holy among the Israelites. akoz ou te peche kont Mwen nan mitan fis Israël yo nan dlo a Meriba-Kadès yo, nan dezè Tsin nan; akoz ou pa t trete Mwen tankou sen nan mitan fis Israël yo.
52 For you will see the land from a distance, but not enter it—the land I'm giving Israel's people." Donk, ou va wè peyi a yon distans, men ou p ap ale la, nan peyi ke Mwen ap bay fis Israël yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]