Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 33 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 This is the blessing Moses, the man of our Father, gave the Israelites before his death. Alò, sa se benediksyon yo avèk sila Moïse, nonm a Bondye a, li te beni fis Israël yo avan lanmò li.
2 He said: Our Father came from Sinai, dawned on us from Seir, shone from Mount Paran. He came with myriads of holy ones, fire flashing from his right hand. Li te di: “SENYÈ a te sòti nan Sinai, e te parèt sou yo soti nan Séir. Li te briye soti nan Mòn Paran. Li te sòti nan mitan di-milye yo ki te sen. Nan men dwat Li, te gen yon lalwa byen cho ki te pou yo.
3 Truly he loves the peoples; all his holy ones are in your hand. They followed at your feet, each receiving direction from you. Anverite, Li renmen pèp la. Tout sen li yo nan men Ou. Sou pye Ou, yo tout pwostène. Yo te resevwa pawòl Ou yo.
4 Moses commanded us a law, a possession for the assembly of Jacob. Moïse te pase nou lòd avèk yon lwa, eritaj pou asanble Jacob la.
5 So he became King in Jeshurun, when the leaders of the people gathered, the tribes of Israel together. Epi Li te wa an Israël lè tèt a pèp la te rasanble tout tribi a Israël yo ansanm.
6 Let Reuben live and not die, nor let his people be few. Ke Ruben viv e pa mouri; ni ke moun li yo pa manke.”
7 Of Judah he said: Hear, our Father, Judah's voice; bring him to his people. His hands fight for him; be his help against his foes. Sa se pou Juda: Li te di, “Tande O Israël vwa Juda, e mennen li vè pèp li. Avèk men li, li te lite pou kont li. Ou va bay li soutyen kont advèsè pa li.”
8 Of Levi he said: Your Thummim and Urim to your faithful man, whom you tested at Massah, quarreled with at Meribah's waters, A Lévi, li di: Thumim nan avèk Urim nan apatyen a sèvitè fidèl Ou, ou te pase li a leprèv nan Massa, avèk sila ou te goumen nan dlo Meriba yo.
9 who said of his father and mother, 'I do not regard them'; he did not acknowledge his brothers or know his own children. For they kept your word and guarded your covenant. Li te di de papa l avèk manman l: “Mwen pa t wè li.” Li pa t rekonèt pwòp frè pa li, ni fis li yo pwiske yo te swiv pawòl Ou e te kenbe akò Ou.
10 They teach your judgments to Jacob and your law to Israel; they place incense before you and whole burnt offerings on your altar. Yo va enstwi òdonans Ou yo a Jacob, e lwa Ou a Israël. Yo va mete lansan devan Ou, ak ofrann brile an gwo sou lotèl Ou.
11 Bless, our Father, his strength, and accept the work of his hands. Crush the loins of those who rise against him, of those who hate him, that they rise no more. O SENYÈ, beni abilite li yo, e beni zèv men li yo. Kase ren a sila ki leve kont li yo, e sila ki rayi li kòmsi pou yo pa leve ankò.
12 Of Benjamin he said: our Father's beloved settles safely beside him; our Father shelters Benjamin all day, and Benjamin rests between his shoulders. A Benjamin, li te di: “Ke byeneme SENYÈ a ta rete ansekirite ak Li, paske Li pwoteje li tout lajounen. Sila SENYÈ a renmen an rete antre zepòl Li.”
13 Of Joseph he said: May our Father bless his land with heaven's best gifts above, with dew, and the deep crouching below, A Joseph, li te di: “Peyi li se beni pa SENYÈ a ak lawouze presye ki soti nan syèl la, e avèk dlo pwofon ki anba,
14 with the choicest fruits ripened by the sun, and the rich yield of the months, pou meyè chwa a solèy la, ak meyè pwodwi lalin nan,
15 with the finest produce of the ancient mountains and the abundance of the everlasting hills, pou pi bèl bagay a mòn ansyen yo, pou pi bèl bagay nan kolin yo kap dire nèt,
16 with the best gifts of the earth and its fullness, and the favor of him who dwelt in the bush. May these rest on the head of Joseph, on the crown of the one set apart from his brothers. pou pi bèl bagay tè yo ak tout sa ki ladan l, ak favè a Sila ki te demere nan touf bwa brile a. Men kite sa vin parèt sou tèt Joseph la, sou kouwòn a sila ki pi elve pami frè li yo.
17 His firstborn bull—majesty is his; his horns are the horns of a wild ox. With them he gores the peoples, all of them, to the ends of the earth. Such are the myriads of Ephraim, and such are the thousands of Manasseh. Tankou premye ne a bèf li, lonè pou li. Kòn li yo se kòn a bèf mawon. Avèk yo, li va bourade pèp yo, jis a sila a ki nan pwent latè yo. Sila yo se di-mil a Ephraïm yo. Yo se milye yo a Manassé.”
18 Of Zebulun he said: Rejoice, Zebulun, as you go out, and Issachar, in your tents. De Zabulon, li te di: “Rejwi, Zabulon lè nou soti, ak Issacar nan tant nou yo.
19 They call peoples to the mountain; there they offer right sacrifices, for they draw out the abundance of the seas and the hidden treasures of the sand. Yo va rele nasyon yo vini nan mòn la. La, yo va ofri sakrifis ladwati, paske yo va rale abondans lanmè ak trezò ki kache nan sab yo.”
20 Of Gad he said: Blessed is he who enlarges Gad! He crouches like a lion, tearing arm and scalp. De Gad, li te di: “Beni se sila ki fè Gad vin pi gwo; li kouche ba tankou yon manman lyon, pou l dechire bra a oswa tèt la.
21 He chose the best for himself, for there a commander's portion was reserved. He came with the leaders of the people; he carried out the justice of our Father and his judgments for Israel. Premye pati li fè pou kont li, paske pou li, pòsyon gran chèf lalwa a te rezève. Epi li te vini avèk chèf a pèp yo. Li te egzekite jistis a SENYÈ, òdonans Li yo avèk Israël.”
22 Of Dan he said: Dan is a lion's cub that leaps out from Bashan. De Dan, li te di: “Dan se pòtre a yon lyon ki vòltije sòti nan Basan.”
23 Of Naphtali he said: Naphtali, satisfied with favor, full of our Father's blessing—inherit the sea and south. De Nephtali, li te di: “O Nephtali, satisfè avèk favè, ranpli avèk benediksyon SENYÈ a, Kon eritaj, vin pran pati lwes la, ak sid la.”
24 Of Asher he said: Most blessed of sons be Asher—may he be favored by his brothers, dipping his foot in oil. De Aser, li te di: “Pi beni pase fis yo se Aser. Ke li kapab beni pa frè li yo. Ke pye li kapab vin fonse nan lwil.
25 Your bars will be iron and bronze, and as your days, so will your strength be. Très cheve ou yo va tankou fè avèk bwonz. Selon kantite jou ou yo, konsa, ou va gen fòs.
26 There is none like our Father, Jeshurun, who rides through the heavens to help you, and in his majesty through the skies. Nanpwen lòt ki tankou Bondye Israël la, ki monte sou syèl yo pou rive ede nou, e ki travèse syèl yo nan majeste Li.
27 The eternal Father is your dwelling place, and underneath are the everlasting arms. He drove out the enemy before you and said, 'Destroy!' Bondye etènèl la se kote pou nou kache. Pa anba, se bwa Li ki la pou tout tan. Li te chase lènmi an devan nou; Li te di: ‘Detwi!’
28 So Israel dwells in safety; the fountain of Jacob is set apart in a land of grain and new wine, where the heavens drop down dew. Konsa, Israël viv ansekirite, sous Jacob ki mete apa a, nan yon peyi sereyal avèk diven nèf. Wi, syèl Li yo vin degoute lawouze a.
29 Blessed are you, Israel! Who is like you, a people saved by our Father, the shield of your help and the sword of your majesty! Your enemies will come cringing to you, and you will tread on their high places. Beni ou ye, O Israël! Kilès ki sanble avèk ou, yon pèp delivre pa SENYÈ a, ki se pwotèj k ap ba ou sekou a ki se nepe a majeste ou? Konsa, lènmi ou yo va vin kraponnen devan ou, e ou va foule wo plas yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]