Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Colossians 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Paul, an apostle of Christ Jesus by the will of our Father, and Timothy our brother, Paul, yon apot Jésus Kri pa volonte a Bondye, ak Timothée, frè nou an
2 to Colossae's holy, faithful brothers and sisters in Christ: grace and peace to you from our Father. A sen ak frè fidèl an Kris ki te Colosse yo: Gras pou nou, ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an.
3 We always thank our Father, the Father of our Lord Jesus Christ, praying for you, Nou bay remèsiman a Bondye Papa a Senyè nou an, Jésus Kri; pandan nou toujou ap priye pou nou.
4 since we heard of your faith in Christ Jesus and the love you have for all the saints, Paske nou te tande de lafwa nou nan Kris Jésus, ansanm ak lanmou ke nou gen pou tout fidèl yo;
5 because of the hope kept for you in heaven, which you already heard in the message of truth, the gospel, Akoz de lespwa ki rezève pou nou nan syèl la, jan nou te tande deja nan pawòl verite Levanjil la,
6 which reached you, bearing fruit and growing throughout the whole world as it has among you, since the day you heard and truly understood our Father's grace. ki te vini a nou menm, jis menm jan nan tou mond lan, k ap bay fwi tout tan, e k ap ogmante, menm jan li t ap fèt nan nou menm tou, depi jou nou te tande de li a, e te konprann gras Bondye nan verite a;
7 You learned it from Epaphras, our beloved fellow servant, a faithful minister of Christ on our behalf, menm jan ke nou te aprann de Épaphras, sèvitè-atache, byeneme, parèy a nou an, ki se yon sèvitè fidèl an Kris sou pati pa nou,
8 and he has told us about your love in the Holy Spirit. ki te osi enfòme nou de lanmou nou nan Lespri a.
9 So, since the day we heard, we haven't stopped praying for you, asking that you be filled with knowledge of his will in all spiritual wisdom and understanding, Pou rezon sa a tou, depi jou nou te tande de li a nou pa t sispann priye pou nou e mande pou nou ta kapab ranpli avèk konesans a volonte Li, nan tout sajès lespri a ak bon konprann,
10 so that you may walk worthy of the Lord, fully pleasing to him, bearing fruit in every good work and growing in the knowledge of our Father, pou nou kapab mache nan yon fason dign de Senyè a, pou fè Li plezi nan tout bagay, pote fwi nan tout bon zèv e grandi nan konesans a Bondye,
11 being strengthened with all power by his glorious might, for all endurance and patience with joy, ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa,
12 giving thanks to our Father, who qualified you to share the saints' inheritance in the light. pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje nan eritaj a fidèl yo nan Limyè a.
13 He rescued us from darkness's reign and brought us into his beloved Son's kingdom, Paske Li te delivre nou soti nan wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a.
14 in whom we have redemption, the forgiveness of sins. Nan Li menm nou gen redanmsyon, ak padon pou peche yo.
15 He is the image of our invisible Father, the firstborn over all creation. Li se imaj a Bondye envizib la premye ne a tout kreyasyon an.
16 For everything was created in him—things in heaven and on earth, visible and invisible, thrones, dominions, powers, authorities—all created through him and for him. Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou tè a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yo—tout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm.
17 And he is before all things, and in him all things hold together. Li avan tout bagay, e se nan Li tout bagay kenbe ansanm.
18 He is head of the body, the church. He is the beginning, firstborn from the dead, so that he might have first place in everything. Li se osi tèt a kò a legliz la. Epi Li se kòmansman an, premye ne ki sòti nan lanmò a, pou Li menm kapab vin gen premye plas nan tout bagay.
19 For our Father was pleased to have all his fullness live in the Son, Paske se te bon plezi Papa a pou tout plenitud Bondye a ta vin rete nan Li,
20 and through him reconcile all things to himself, whether things on earth or things in heaven, making peace through his cross's blood. epi selon Li menm, pou rekonsilye tout bagay a Li menm, kit bagay ki sou latè yo kit bagay ki nan syèl yo, lè L te fin fè lapè pa san lakwa Li a.
21 Once you were alienated from our Father, hostile in your thinking, because of your evil deeds. Epi menmsi otrefwa, nou te etranje, e te lènmi nan jan nou te konn panse, ak angaje nan move zak,
22 But now our Father has reconciled you in Christ's fleshly body through death, to present you holy, blameless, and beyond reproach before him, men koulye a Li rekonsilye nou nan kò lachè Li a atravè lanmò, pou prezante nou devan Li sen, san fot e san repwòch—
23 if you truly remain in the faith, grounded and firm, not moved from the hope of the gospel you heard, proclaimed in all creation under heaven, of which I, Paul, became a servant. Si vrèman nou kontinye nan lafwa byen etabli, e fèm, e nou pa kite esperans levanjil ke nou te tande a, ki te pwoklame nan tout kreyasyon anba syèl la, e sou li menm mwen, Paul, te fèt kòm yon sèvitè.
24 I now rejoice in my suffering for you, and in my flesh complete what is still lacking in Christ's hardships, for the sake of his body, the church. Alò, mwen rejwi nan soufrans mwen yo pou koz a nou, e nan lachè m mwen fè pati pa m pou benefis kò Li a, ki se legliz la, pou ranpli sa ki manke nan soufrans lafliksyon a Kris yo.
25 I became its servant through the assignment our Father gave me for you: to fully proclaim our Father's word. Sou legliz sila a mwen te fèt kòm yon sèvitè selon jesyon Bondye a, ki te plase sou mwen pou benefis pa nou, pou m ta kapab vin akonpli predikasyon pawòl Bondye a,
26 The mystery that was hidden for ages and generations but is now revealed to his holy people. ki se mistè ki te kache depi laj ak jenerasyon pase yo, men ki koulye a, manifeste a fidèl Li yo.
27 To them our Father chose to reveal this mystery's glorious riches among Gentiles, which is Christ in you, the hope of glory. A yo menm Bondye te gen volonte pou fè konnen kisa ki se richès laglwa a mistè sila a pami pèp etranje yo, ki se Kris nan nou, esperans laglwa a.
28 We proclaim him, warning and teaching everyone with all wisdom, to present everyone mature in Christ. Konsa nou pwoklame Li ak egzòtasyon chak moun, e enstwi chak moun ak tout sajès, pou nou kapab prezante chak moun konplè an Kris Jésus.
29 For this I labor, striving with all the energy our Father supplies, which so powerfully works within me. Pou rezon sila a osi, mwen travay, e mwen lite pa ajans Bondye, k ap travay avèk pwisans nan mwen an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]