Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Colossians 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I want you to know how hard I'm struggling for you, those in Laodicea, and all who haven't met me in person, Paske mwen vle fè nou konnen jan lit la gran pou nou menm ansanm ak sila ki Laodicée yo, e menm pou tout sila ki pa t, pèsonèlman, wè figi mwen yo;
2 that their hearts may be encouraged, knit together in love, and come into all the riches of full assurance and understanding—into the knowledge of our Father's mystery, which is Christ, pou kè pa yo kapab ankouraje, akoz ke yo vin trese ansanm nan lanmou an. Se konsa yo atenn tout richès ki sòti nan asirans konplè a bon konprann nan, ki pwodwi kòm rezilta, vrè konesans mistè Bondye a, ki se Kris la, Li menm.
3 in whom are hidden all the treasures of wisdom and knowledge. Nan Li menm kache tout trezò sajès ak konesans yo.
4 I say this so that no one may deceive you with persuasive arguments. Mwen di sa pou pèsòn pa twonpe nou avèk diskou ki kab sedwi moun.
5 Though absent in body, I'm with you in spirit, glad to see your good order and the firmness of your faith in Christ. Paske menm si mwen absan nan kò a, malgre sa mwen avèk nou nan Lespri a, epi m ap rejwi pou wè bon disiplin ak stabilite lafwa nou nan Kris la.
6 Therefore, as you received Christ Jesus the Lord, walk in him, Konsa, menm jan nou te resevwa Kris Jésus Senyè a, se konsa pou nou mache nan Li.
7 rooted and built up in him, firm in the faith as taught, overflowing with thanks. Menm jan ke nou te byen anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plenn avèk remèsiman an.
8 Watch that no one captures you through philosophy and empty deceit, according to human tradition, according to the world's elemental spirits, not according to Christ. Veye ke pèsòn pa fè nou prizonye atravè filosofi ak fo manèv, pa tradisyon a lòm yo, nan prensip de baz mond lan, olye de pa Kris.
9 For in him the whole fullness of deity lives in bodily form, Paske nan Li menm tout aspè konplè a Bondye a egziste nan fòm a yon kò fizik.
10 and in him you have been made complete, who is the head over all rule and authority. Epi nan Li menm nou vin konplè nèt, paske se Li menm ki chèf an tèt sou tout wayòm ak otorite yo.
11 In him you were also circumcised—a circumcision not made by hands, stripping off the body of flesh—the circumcision of Christ. Konsa, nan Li menm nou te sikonsi avèk yon sikonsizyon ki fèt san men, ki retire kò lachè a pa sikonsizyon a Kris la.
12 Buried with him in baptism, in which you were also raised with him through faith in our Father's power, who raised him from the dead. Nou te antere avèk Li nan batèm nan. Nan li menm, nou te anplis resisite avèk Li pa lafwa kon yon zèv Bondye, ki te leve Li sòti nan lanmò a.
13 You were dead in your sins and uncircumcised flesh, but our Father made you alive with him, forgiving us all our sins, Lè nou te mouri nan transgresyon nou yo ak nan ensikonsizyon lachè nou an, Li te fè nou vivan ansanm avèk Li, lè l te padone tout transgresyon nou yo.
14 erasing the record of debt, with its regulations, that stood against us. He set this aside, nailing it to the cross. Konsa Li te anile sètifika dèt nou ki te fòme pa dekrè kont nou yo, ki te parèt kòm lènmi nou. Konsa, Li te mete l sou kote, lè L te kloue li sou kwa a.
15 He disarmed the rulers and authorities and publicly shamed them, triumphing over them in him. Lè Li te fin dezame gouvènè ak otorite yo, Li te fè yo vin afiche piblikman e te triyonfe sou yo pa Li menm.
16 So let no one judge you over food, drink, festival, new moon, or Sabbath. Konsa, pa kite pèsòn aji kòm jij nou konsènan manje oubyen bwason, ni respè a yon jou fèt oubyen yon lalin tounèf oubyen yon jou Saba.
17 These are a shadow of the things that were to come, but the reality belongs to Christ. Bagay sila yo se lonbraj a sila ki dwe vini an; men vrè sibstans lan apatyen a Kris.
18 Let no one disqualify you by delighting in false humility and worship of angels, focusing on visions he has seen, puffed up without cause by his fleshly mind, Pa kite pèsòn kontinye prive nou de prim nou an pa riz fo imilite ak adorasyon zanj yo, ki baze pozisyon li sou vizyon yo li te fè, ki anfle san rezon ak ògèy pa panse chanèl li,
19 and not holding on to the Head, from whom the whole body, fed and joined by joints and ligaments, grows with growth from our Father. ki pa kenbe fèm a Tèt la. Paske se nan Li menm tout kò a ye a, ki vin founi e kenbe ansanm pa jwenti ak ligaman yo, ki grandi avèk yon kwasans ki sòti nan Bondye.
20 If you died with Christ to the world's elemental spirits, why, as if still part of the world, do you submit to its rules? Si nou te mouri avèk Kris a prensip de baz mond yo, poukisa, kòmsi nou t ap viv nan mond lan, nou soumèt nou a kalite dekrè konsa, kòm
21 "Do not handle, do not taste, do not touch"? “Pa manyen, pa goute, pa touche!”
22 These all perish with use, because they are based on human commands and teachings. (Ki tout fè referans a bagay ki fèt pou peri pandan y ap sèvi yo)—an akò avèk kòmandman ak enstriksyon a lòm yo?
23 These rules seem wise—invented worship, false humility, harsh treatment of the body—but hold no value against indulging the flesh. Bagay sa yo ki gen, asireman, aparans a sajès nan kwayans relijye ki fèt pou kont li, avèk imilyasyon de li menm, ak move tretman kò a, men ki pa gen okenn valè kont plezi lachè a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]