Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Philippians 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 So, my dear, longed-for brothers and sisters, my joy and crown, stand firm in the Lord this way, dear ones. Konsa, frè byeneme mwen yo, ke mwen trè anvi wè, nou menm ki lajwa m ak kouwòn mwen yo, se konsa pou nou kanpe fèm nan Senyè a, byeneme mwen yo.
2 I urge Euodia and I urge Syntyche to agree with each other in the Lord. Mwen ankouraje Évodie e mwen ankouraje Syntyche pou viv an amoni nan Senyè a.
3 Yes, I ask you too, true partner: help these women—they struggled with me for the gospel, along with Clement and my other coworkers, whose names are in the book of life. Vrèman, fidèl kòlèg mwen yo, mwen mande nou osi pou ede fanm sa yo ki te pataje lit mwen an pou koz a levanjil la, ansanm avèk Clément osi ak tout lòt ouvriye parèy a mwen yo ki gen non yo nan liv lavi a.
4 Rejoice in the Lord always; again I will say, rejoice. Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou!
5 Show your gentleness to everyone. The Lord is near. Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre.
6 Worry about nothing; instead, in everything, through prayer and petition with thanksgiving, make your requests known to our Father. Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye.
7 The peace of our Father, beyond all understanding, will guard your hearts and your minds in Christ Jesus. Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
8 Finally, brothers, fix your minds on whatever is true, honorable, right, pure, lovely, admirable, excellent, and praiseworthy—and keep dwelling on these things. Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo.
9 What you have learned and received and heard and seen in me—do these things, and our Father of peace will be with you. Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.
10 I rejoiced greatly in the Lord that at last you renewed your concern for me—you were indeed concerned, but lacked opportunity. Men mwen te rejwi mwen nan Senyè a anpil, ke koulye a, finalman nou retwouve santiman nou pou mwen. Anverite, nou te konsène pou mwen menm avan, men nou te manke okazyon.
11 Not that I speak from need—I've learned to be content in any circumstance. Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a.
12 I know how to be brought low, and I know how to overflow. In any and every circumstance I've learned the secret: full and hungry, overflowing and lacking. Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen.
13 I can do all things through Christ who strengthens me. Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
14 Yet it was kind of you to share my trouble. Sepandan, nou te fè byen pou pataje avè m nan soufrans mwen an.
15 You Philippians know too: when the gospel began, when I left Macedonia, no church shared with me in giving and receiving except you alone. Nou menm konnen osi, Filipyen yo, ke nan premye predikasyon levanjil la, lè m fin kite Macédoine, ke pa t gen legliz ki te pataje avèk mwen nan kesyon bay ak resevwa a, men nou menm sèlman.
16 Even in Thessalonica you sent me help for my needs more than once. Paske menm nan Théssalonique, nou te voye plis ke yon fwa yon don pou satisfè bezwen mwen yo.
17 Not that I seek the gift, but I seek the fruit that increases to your credit. Se pa ke m chache don an pou kont li, men mwen chache pwofi ki ogmante pou kont pa nou.
18 I have received full payment, and more—filled, having received from Epaphroditus your gifts, a fragrant offering, a sacrifice acceptable and pleasing to our Father. Men konsa mwen te resevwa tout bagay nèt e mwen genyen an abondans. Mwen byen founi depi m te resevwa nan men Épaphrodite sa ke nou te voye a, yon pafen ki santi bon, yon sakrifis akseptab, ki byen fè Bondye plezi.
19 And my Father will supply all your needs according to his riches in glory in Christ Jesus. Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a.
20 Now to our Father be glory forever and ever. Amen. Koulye a, a Bondye nou an ak Papa a, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amèn.
21 Greet every saint in Christ Jesus. The brothers who are with me greet you. Salye chak fidèl nan Kris Jésus a. Frè ki avè m yo salye nou.
22 All the saints greet you, especially those of Caesar's household. Tout fidèl yo salye nou, sitou sila ki lakay César yo.
23 The grace of the Lord Jesus Christ be with your spirit. Amen. Ke lagras Senyè a Jésus Kri kapab avèk nou tout. Amen
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]