Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Kings 15 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In Jeroboam king of Israel's twenty-seventh year, Azariah son of Amaziah king of Judah became king. Nan venn-setyèm ane a Jéroboam, wa Israël la, Azaria, fis a Amatsia a, wa Juda a, te devni wa.
2 He became king at sixteen and reigned fifty-two years in Jerusalem. His mother was Jecoliah of Jerusalem. Li te gen laj sèzan lè li te devni wa e li te renye pandan senkann-dezan Jérusalem. Non manman l se te Jecolia, moun Jérusalem.
3 He did right in our Father's eyes, as his father Amaziah had done. Azaria te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa li, Amatsia te fè.
4 But the high places remained; the people still sacrificed and burned incense there. Sèlman wo plas yo ki pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan sou wo plas yo.
5 Our Father struck the king, so he had a skin disease until his death, living in a separate house. Jotham the king's son ran the household, governing the land's people. SENYÈ a te frape wa a pou l te gen yon lalèp jis rive jou ke li te mouri an. Epi li te viv nan yon kay apa pandan fis a wa a, Jotham te nan kay la, e t ap jije pèp peyi a.
6 The rest of Azariah's acts, all he did—are they not written in the Book of the Chronicles of the Kings of Judah? Alò, tout lòt zèv a Azaria yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa A Juda yo?
7 Azariah rested with his ancestors and was buried with them in the city of David, and his son Jotham reigned in his place. Epi Azaria te dòmi avèk zansèt li yo. Yo te antere li avèk papa li nan vil David la, e Jotham, fis li a, te devni wa nan plas li.
8 In year thirty-eight of Azariah king of Judah, Zechariah son of Jeroboam reigned over Israel in Samaria six months. Nan tran-tuityèm ane Azaria, wa Juda a, Zacharie, fis a Jéroboam nan te devni wa an Israël nan Samarie pandan si mwa.
9 He did evil in our Father's eyes, as his ancestors had. He did not turn from the sins of Jeroboam son of Nebat, who made Israel sin. Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou zansèt li yo te fè. Li pa t kite peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo.
10 Shallum son of Jabesh conspired against him, struck him before the people, killed him, and reigned in his place. Epi Schallum, fis a Jabesch la, te fè konplo kont li e te frape li devan pèp la pou te touye li e renye nan plas li.
11 The rest of Zechariah's acts are written in the Book of the Chronicles of the Kings of Israel. Alò, tout lòt zèv a Zacharie yo, gade byen, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël Yo?
12 This was our Father's word spoken to Jehu: "Your sons will sit on Israel's throne to the fourth generation." And so it happened. Sa se pawòl SENYÈ a te pale a Jéhu e te di: “Fis ou yo jis rive nan katriyèm jenerasyon va chita sou twòn Israël la.” Epi se konsa sa te ye.
13 Shallum son of Jabesh became king in Uzziah of Judah's thirty-ninth year, and reigned one month in Samaria. Schallum, fis a Jabesch la te devni wa nan trant-nevyèm ane a Ozias, wa Juda a e li te renye yon mwa Samarie.
14 Menahem son of Gadi came up from Tirzah to Samaria, struck down Shallum son of Jabesh there, killed him, and reigned in his place. Epi Menahem, fis a Gadi a te monte soti Thirtsa pou te vini Samarie, li te frape Schallum, fis a Jabesch la Samarie e li te touye li pou te devni wa nan plas li.
15 The rest of Shallum's acts, and the conspiracy he made, are written in the Book of the Chronicles of the Kings of Israel. Alò, tout lòt zèv a Schallum yo avèk konplo li te fè yo, men vwala, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo?
16 At that time Menahem sacked Tiphsah with everyone in it and its territory, from Tirzah on, because they would not open to him; he sacked it and ripped open all its pregnant women. Epi Menahem te frape Thiphsach avèk tout moun ladann avèk lizyè li yo soti Thirtsa, akoz yo pa t ouvri pou li; pou sa, li te frape li e chire tout fanm li yo ki te ansent.
17 In Azariah king of Judah's thirty-ninth year, Menahem son of Gadi became king over Israel, reigning ten years in Samaria. Nan trant-nèf ane a Azaria yo, wa Juda a, Menahem, fis a Gadi a, te renye sou Israël pandan dizan Samarie.
18 He did evil in our Father's eyes. All his days he never turned from the sins of Jeroboam son of Nebat, who made Israel sin. Li te fè mal nan zye SENYÈ a; li pa t kite pandan tout jou li yo peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo.
19 Pul king of Assyria came against the land, and Menahem gave him about thirty-eight tons of silver to gain Pul's support in strengthening his own hold on the kingdom. Pul, wa Assyrie a, te vini kont peyi a e Menahem te bay Pul mil talan ajan pou men li ta kapab avèk li pou ranfòse wayòm nan anba règn pa l la.
20 Menahem exacted the money from Israel, from all the wealthy men—about one.Two pounds of silver each—to give the king of Assyria. So the king of Assyria turned back and did not stay in the land. Alò, Menahem te egzije lajan an nan men Israël, menm a tout mesye enpòtan avèk mwayen, soti nan chak moun senkant sik ajan pou peye wa Assyrie a. Konsa, wa Assyrie a te retounen e pa t rete la nan peyi a.
21 The rest of Menahem's acts, all he did—are they not written in the Book of the Chronicles of the Kings of Israel? Alò, tout rès zak a Menahem yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo?
22 Menahem rested with his ancestors, and Pekahiah his son reigned in his place. Epi Menahem te dòmi avèk zansèt li yo e Pekachia, fis li a, te devni wa nan plas li.
23 In Azariah king of Judah's fiftieth year, Pekahiah son of Menahem began to reign over Israel in Samaria, reigning two years. Nan senkyèm ane a Azaria a, wa Juda a, Pekachia, fis a Menahem nan, te devni wa sou Israël nan Samarie e li te renye pandan dezan.
24 He did evil in our Father's eyes. He did not turn from the sins of Jeroboam son of Nebat, who made Israel sin. Li te fè mal nan zye SENYÈ a; li pa t kite peche a Jéroboam yo, fis Nebat la, avèk sila li te fè Israël peche yo.
25 Pekah son of Remaliah, his officer, conspired against him and struck him down in Samaria, in the citadel of the king's house, with Argob, Arieh, and fifty Gileadites. He killed him and reigned in his place. Alò, Pékach, fis a Remalia a, ofisye pa li a, te fè konplo kont li e te frape li Samarie nan fò kay wa a avèk Argob ak Arié; ansanm ak li, te gen senkant mesye Galaadit yo e li te touye li pou te devni wa nan plas li.
26 The rest of Pekahiah's acts, all he did, are written in the Book of the Chronicles of the Kings of Israel. Alò, tout lòt zèv a Pékach yo avèk tout sa li te fè yo, men gade, yo ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo.
27 In Azariah king of Judah's fifty-second year, Pekah son of Remaliah began reigning over Israel in Samaria, twenty years. Nan senkann-dezyèm ane a Azaria, wa Juda a, Pékach, fis a Remalia a, te devni wa sou Israël nan Samarie e li te renye pandan ventan.
28 He did evil in our Father's eyes. He did not turn from the sins of Jeroboam son of Nebat, who made Israel sin. Li te fè mal nan zye a SENYÈ a; li pa t kite peche a Jéroboam yo, fis Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo.
29 When Pekah ruled Israel, Tiglath-pileser king of Assyria came and took Ijon, Abel-beth-maacah, Janoah, Kedesh, Hazor, Gilead, and Galilee—all Naphtali's land—deporting its people to Assyria. Nan jou a Pékach yo, wa Israël la, Tiglath-Piléser, wa Assyrie a, te parèt e te kaptire Ijjon avèk Abel-Beth-Maaca e Janoach avèk Kédesch, Hatsor, Galaad avèk Galilée ak tout peyi Nephtali a; epi li te pote yo kaptif nan Assyrie.
30 Then Hoshea son of Elah conspired against Pekah son of Remaliah, struck him down, killed him, and reigned in his place, in Jotham son of Uzziah's twentieth year. Epi Osée, fis Ela a, te fè yon konplo kont Pékach, fis a Remalia a, li te frape li e te mete li a lanmò pou te devni wa nan plas li, nan ventyèm ane a Jotham, fis a Ozias la.
31 The rest of Pekah's acts, all he did, are written in the Book of the Chronicles of the Kings of Israel. Alò, tout lòt zèv a Pékach yo avèk tout sa li te fè yo, gade byen, yo ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo.
32 In the second year of Israel's King Pekah son of Remaliah, Jotham son of Uzziah began his reign over Judah. Nan dezyèm ane a Pékach la, fis a Remalia a, wa Israël la, Jotham, fis a Ozias la, wa Juda a, te devni wa.
33 He became king at twenty-five and reigned sixteen years in Jerusalem. His mother was Jerusha, daughter of Zadok. Li te gen laj a venn-senkan lè l te devni wa a e li te renye sèzan nan Jérusalem. Non manman li se te Jeruscha, fi a Tsadok la.
34 He did right in our Father's eyes, as his father Uzziah had done. Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a; li te fè selon tout sa ke papa li, Ozias te fè.
35 But the high places stayed; the people still sacrificed and burned incense there. He built the upper gate of our Father's house. Se sèlman wo plas yo ki pa t retire; pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan nan wo plas yo. Li te bati pòtay pa anwo lakay SENYÈ a.
36 The rest of Jotham's acts, all he did—are they not written in the Book of the Chronicles of the Kings of Judah? Alò, tout lòt zèv a Jotham yo avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?
37 In those days our Father began sending Rezin king of Aram and Pekah son of Remaliah against Judah. Nan jou sa yo, SENYÈ a te kòmanse voye Retsin, wa Syrie a avèk Pékach, fis a Remalia a kont Juda.
38 Jotham rested with his ancestors, buried with his ancestors in the City of David his father, and Ahaz his son reigned in his place. Epi Jotham te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David, papa zansèt li a; epi Achaz, fis li a, te devni wa nan plas li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]