Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Kings 14 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In year two of Israel's King Joash son of Jehoahaz, Amaziah son of Joash became king of Judah. Nan dezyèm ane Joas la, fis a Joachaz la, wa Israël la, Amatsia, fis a Joas la, wa Juda a, te devni wa.
2 He became king at twenty-five and reigned twenty-nine years in Jerusalem. His mother was Jehoaddin of Jerusalem. Li te gen laj a venn-senkan lè li te devni wa, e li te renye vent-nèf ane Jérusalem. Manman li te rele Joaddan, yon moun Jérusalem.
3 He did right in our Father's eyes—yet not like his father David; he did all his father Joash had done. Amatsia te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, men pa tankou David, zansèt li a. Li te fè menm selon tout sa ke Joas, papa li te konn fè yo.
4 Only the high places stayed; the people still sacrificed and burned incense there. Se sèl wo plas yo ki pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan nan wo plas yo.
5 Once the kingdom was secure in his hand, he killed the servants who had murdered the king, his father. Alò, li te vin rive ke depi wayòm nan te byen solid nan men l, ke li te touye sèvitè li yo ki te touye wa a, papa li.
6 But he did not kill the murderers' children, as written in the Book of the Law of Moses, where our Father commanded, "Fathers must not die for their children, nor children for their fathers; each will die for his own sin." Men fis a sila ki te mouri yo, li pa t mete yo a lanmò, an akò avèk sa ki ekri nan liv Lalwa Moïse la, jan SENYÈ a te kòmande a lè l te di: “Papa yo p ap mete a lanmò pou fis yo, ni fis yo p ap mete a lanmò pou papa yo, men chak moun va mete a lanmò pou pwòp peche pa l.”
7 He killed 10,000 Edomites in the Valley of Salt, took Sela in battle, and named it Joktheel, its name to this day. Li te touye di-mil moun Édom nan Vale Sèl la, epi te pran Séla nan lagè. Li te rele li Yoqthéel, e se sa li ye jis rive jodi a.
8 Amaziah sent messengers to Jehoash son of Jehoahaz, son of Jehu, king of Israel: "Come, let's face each other." Epi Amatsia te voye mesaje yo kote Joas, fis a Joachaz la, fis a Jéhu a, wa a Israël la. Li te di: “Vini, annou parèt fasafas.”
9 But Jehoash king of Israel sent back word to Amaziah king of Judah: "A thistle in Lebanon sent to a cedar in Lebanon, saying, 'Give your daughter to my son as a wife.' A wild animal in Lebanon passed by and trampled the thistle. Joas, wa Israël la, te voye kote Amatsia, wa Juda a, e te di: “Bwa pikan ki te Liban an te voye kote sèd ki te Liban an, e li te di: ‘Bay fi ou an maryaj a fis mwen an.’ Men te pase pa la yon bèt sovaj ki te Liban, e li te kraze bwa pikan an anba pye l.
10 You struck Edom, and your heart is proud. Glory in that, but stay home. Why provoke trouble, so you fall, you and Judah with you?" Anverite, ou te bat Édom e kè ou vin plen ògèy. Rete lakay ou pou fè kè kontan. Pou ki rezon ou ta pwovoke twoub la jiskaske ou menm, ou ta tonbe, e Juda ansanm avèk ou?”
11 Amaziah refused to listen, so Israel's king Jehoash advanced, and he and Judah's king Amaziah faced off at Beth-shemesh in Judah. Men Amatsia te refize koute. Pou sa, wa Israël la te monte. Li menm avèk wa Juda a te parèt fasafas nan Beth-Schémesch ki pou Juda a.
12 Judah was defeated by Israel, and everyone fled to his own home. Juda te bat pa Israël e yo te sove ale, yo chak nan pwòp tant pa yo.
13 Jehoash king of Israel captured Amaziah king of Judah, son of Jehoash son of Ahaziah, at Beth-shemesh, came to Jerusalem, and broke down about 600 feet of its wall from the Ephraim Gate to the Corner Gate. Epi Joas, wa Israël la, te kaptire Amatsia, wa Juda a, fis a Joas la, fis a Achazia a, nan Beth-Schémesch, li te rive Jérusalem e li te chire miray Jérusalem nan soti nan Pòtay Ephraïm nan jis rive nan Pòtay Kwen an, distans a kat-san koude.
14 He took all the gold, silver, and articles in our Father's house and the king's storerooms, plus hostages, and returned to Samaria. Li te pran tout lò avèk tout ajan ak tout zouti ki te twouve lakay SENYÈ a, nan trezò lakay wa a, ansanm ak kaptif yo e li te retounen Samarie.
15 Aren't the rest of Jehoash's acts, what he did, his might, and how he fought Amaziah king of Judah written in the Book of the Chronicles of the Kings of Israel? Alò, tout lòt zèv ke Joas te fè yo, avèk pwisans li, ak jan li te goumen avèk Amatsia, wa Juda a, èske yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Israël yo?
16 Jehoash rested with his ancestors, buried in Samaria with Israel's kings; his son Jeroboam reigned in his place. Konsa, Joas te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere Samarie avèk wa Israël yo. Jéroboam, fis li a, te devni wa nan plas li.
17 Amaziah son of Joash, king of Judah, outlived Jehoash son of Jehoahaz, king of Israel, by fifteen years. Amatsia, fis a Joas la, Wa Juda a, te viv kenzan apre lanmò Joas, fis a Joachaz la, wa Israël la.
18 The rest of Amaziah's acts—aren't they written in the Book of the Chronicles of the Kings of Judah? Alò, tout lòt zèv a Amatsia yo, èske yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa A Juda yo?
19 They conspired against him in Jerusalem; he fled to Lachish, but they sent men after him to Lachish and killed him there. Yo te fè konplo kont li Jérusalem e li te sove ale rive Lakis. Men yo te voye dèyè li Lakis pou te touye li la.
20 They carried him on horses; he was buried in Jerusalem with his ancestors, in the City of David. Epi yo te mennen kò li sou cheval yo, e li te antere Jérusalem avèk zansèt li yo nan vil David la.
21 All the people of Judah took Azariah, sixteen years old, and made him king in place of his father Amaziah. Tout pèp Juda a te pran Azaria, nan laj sèzan, e yo te fè li wa nan plas a papa li, Amatsia.
22 He rebuilt Elath and restored it to Judah after the king rested with his fathers. Li te bati Élath e li te remèt li bay Juda apre wa a te dòmi avèk zansèt li yo.
23 In Amaziah son of Joash king of Judah's fifteenth year, Jeroboam son of Joash king of Israel reigned in Samaria forty-one years. Nan kenzyèm ane règn Amatsia, fis a Joas la, wa Juda a, Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la te devni wa Samarie, e li te renye pandan karanteyen ane.
24 He did evil in our Father's eyes, not turning from all the sins of Jeroboam son of Nebat, who made Israel sin. Li te fè mal nan zye SENYÈ a. Li pa t kite tout peche Jéroboam yo, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche yo.
25 He restored Israel's border from Lebo-hamath to the Sea of the Arabah, as our Father, Israel's God, spoke through his servant Jonah son of Amittai, the prophet from Gath-hepher. Li te restore lizyè Israël la soti nan antre Hamath jis rive nan Lamè Araba, selon pawòl SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pale pa sèvitè li Jonas, fis a Amitthaï a nan Gath-Hépher.
26 For our Father saw Israel's suffering was very bitter, none left, slave or free, none to help Israel. Paske SENYÈ a te wè soufrans Israël ki te tèlman anmè; paske pa t gen ni esklav, ni lib, ni pa t gen okenn moun ki pou ede Israël.
27 But our Father had not said he would erase Israel's name from under heaven, so he saved them by the hand of Jeroboam son of Joash. SENYÈ a pa t di ke li ta efase non Israël anba syèl la; men Li te delivre yo pa men Jéroboam, fis a Joas la.
28 The rest of Jeroboam's acts and deeds, his might, how he fought, and his recovery of Damascus and Hamath for Judah in Israel—aren't they written in the Book of the Chronicles of the Kings of Israel? Alò, tout lòt zèv Jéroboam yo avèk tout sa ke li te fè ak pouvwa li, jan li te goumen ak jan li te reprann pou Israël Damas avèk Hamath nan Juda, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Israël Yo?
29 Jeroboam slept with his ancestors, the kings of Israel; his son Zechariah reigned in his place. Epi Jéroboam te dòmi avèk zansèt pa li yo, menm ak wa a Israël yo. Epi Zacharie, fis li a, te devni wa nan plas li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]