Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Kings 16 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In Pekah son of Remaliah's seventeenth year, Ahaz son of Jotham became king of Judah. Nan di-setyèm ane a Pékach, fis a Remalia a, Achaz, fis Jotham nan, wa Juda a, te devni wa.
2 Ahaz was twenty when he became king; he reigned sixteen years in Jerusalem. He did not do what was right in the eyes of our Father his God, unlike his ancestor David. Achaz te gen ventan lè li te devni wa, a e li te renye sèzan nan Jérusalem. Li pa t fè sa ki bon nan zye a SENYÈ a, jan David te konn fè a.
3 Instead he followed the path of Israel's kings, even making his son pass through the fire, copying the detestable practices of the nations our Father drove out before Israel. Men li te mache nan chemen wa Israël yo. Li menm te fè fis li pase nan dife, tankou abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo.
4 He sacrificed and burned incense on the high places, on the hills, and under every spreading tree. Li te fè sakrifis e li te brile lansan sou wo plas yo ak sou ti mòn anba chak pyebwa vèt yo.
5 Then Rezin king of Aram and Pekah son of Remaliah king of Israel marched to Jerusalem for war; they besieged Ahaz but couldn't defeat him. Alò, Retsin, wa Syrie a avèk Pékach, fis a Remalia a, wa Israël la, te monte Jérusalem pou fè lagè. Yo te fè syèj sou Achaz, men yo pa t kab venk li.
6 At that time Rezin king of Aram recovered Elath for Aram, drove the Judeans from it, and Edomites came and have lived there since. Nan tan sa a Retsin, wa Syrie a, te reprann Élath pou Syrie e li te netwaye retire Jwif yo nèt nan Élath. Epi Siryen yo te vini Élath e yo rete la jis rive jodi a.
7 Ahaz sent envoys to Tiglath-Pileser king of Assyria: "I am your servant and son. Come rescue me from the king of Aram and king of Israel, who are attacking me." Konsa, Achaz te voye mesaje yo kote Tiglath-Piléser, wa Assyrie a. Li te di: “Mwen se sèvitè ou ak fis ou; vin delivre mwen soti nan men a wa Syrie a, avèk men a wa Israël la k ap fè soulèvman kont mwen.”
8 Ahaz took the silver and gold found in our Father's house and the king's storerooms, and sent them as a gift to Assyria's king. Achaz te pran ajan avèk lò ki te twouve lakay SENYÈ a ak nan kès lakay wa a pou te voye yon kado bay wa Assyrie a.
9 The king of Assyria complied. He attacked Damascus, captured it, exiled its people to Kir, and killed Rezin. Konsa, wa Assyrie a te koute li, epi wa Assyrie a te monte kont Damas pou te kaptire li. Li te pote pèp li a deyò an egzil nan Kir, e li te mete Retsin a lanmò.
10 When King Ahaz went to Damascus to meet Tiglath-Pileser king of Assyria, he saw the altar there. So he sent Uriah the priest its design and full pattern, exact in every detail. Alò, Wa Achaz te ale kote Damas pou rankontre Tiglath-Piléser, wa Assyrie, e li te wè lotèl ki te Damas la. Konsa, Wa Achaz te voye bay Urie, prèt la, plan lotèl la avèk yon modèl li, selon tout mendèv pa li.
11 Priest Uriah built the altar exactly as King Ahaz sent from Damascus, finishing before King Ahaz returned. Konsa, Urie, prèt la te bati yon lotèl selon tout sa ke Wa Achaz te voye soti Damas, e konsa Urie, prèt la, te fè li, avan wa Achaz te vini soti Damas.
12 When the king returned from Damascus and saw the altar, he approached and went up on it. Lè wa a te antre sòti Damas, wa a te wè lotèl la. Alò, wa a te pwoche lotèl la e te fè ofrann sou li.
13 He burned his burnt offering and grain offering, poured his drink offering, and splashed his peace offerings' blood on the altar. Li te brile ofrann brile li a avèk ofrann sereyal la, li te vide ofrann bwason li an e li te flite san a ofrann lapè li yo sou lotèl la.
14 He moved the bronze altar before our Father from the front of the house—between the new altar and the house of our Father—to the north side of the new altar. Lotèl bwonz lan, ki te devan SENYÈ a, li te mennen soti devan kay la, soti nan antre lotèl pa li a, lakay Senyè a e li te mete li sou kote nò lotèl pa li a.
15 King Ahaz commanded Uriah the priest, "On the great altar burn the morning burnt offering, the evening grain offering, the king's burnt and grain offerings, and all the people of the land: their burnt, grain, and drink offerings. Splash on it all the blood of the burnt offerings and sacrifices. But the bronze altar is mine to seek guidance by." Epi Wa Achaz te kòmande Urie, prèt la, e li te di: “Sou gran lotèl la, brile ofrann brile maten an ak ofrann sereyal aswè a; epi ofrann brile wa a avèk ofrann sereyal pa li a, avèk ofrann brile a tout pèp peyi a avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason yo; epi flite sou li tout san a ofrann brile a e tout san a sakrifis la. Men lotèl bwonz lan va sèlman pou mwen pou m kab mande konsèy ladann.
16 And Uriah the priest did everything just as King Ahaz had commanded. Pou sa, Urie, prèt la, te fè tout bagay selon sa ke Wa Achaz te kòmande a.”
17 King Ahaz cut the panels off the movable stands and removed their basins. He took the bronze Sea down from the bronze oxen under it and set it on a stone base. Alò, Wa Achaz te koupe retire arebò a baz yo e li te retire basen lave a sou yo. Li te osi desann lanmè a soti sou bèf bwonz ki te anba li yo, e li te mete li sou yon pave an wòch.
18 For the king of Assyria, he removed the covered Sabbath walkway built in the house, and the king's outer entrance, from our Father's house. Li te retire osi chemen machpye Saba a ke yo te bati nan kay la e antre eksteryè a wa a, li te retire li soti lakay SENYÈ a akoz wa Assyrie a.
19 Aren't the rest of Ahaz's acts, what he did, written in the Book of the Chronicles of the Kings of Judah? Alò, tout lòt zèv Achaz te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa A Juda yo?
20 Ahaz rested with his ancestors, buried with them in the City of David; his son Hezekiah reigned in his place. Konsa, Achaz te dòmi avèk zansèt pa li yo, e li te antere avèk zansèt pa li yo nan lavil David la. Fis li, Ézéchias, te renye nan plas li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]