Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Kings 17 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In Ahaz king of Judah's twelfth year, Hoshea son of Elah became king over Israel in Samaria, and he reigned nine years. Nan douzyèm ane Achaz, wa Juda a, Osée, fis a Éla a te vin wa sou Israël nan Samarie, e li te renye pandan nèf ane.
2 He did evil in our Father's sight, though not like the kings of Israel before him. Li te fè mal nan zye SENYÈ a, men pa tankou wa Israël ki te avan li yo.
3 Shalmaneser king of Assyria marched up against him, and Hoshea became his vassal and paid him tribute. Salmanasar, wa Assyrie a, te monte kont li, Osée te devni sèvitè li e te peye li taks obligatwa.
4 But Assyria's king discovered that Hoshea was plotting treachery: he had sent messengers to So king of Egypt and stopped paying Assyria's king the yearly tribute. So Assyria's king seized and bound him in prison. Men wa Assyrie a te jwenn konplo nan Osée, ki te konn voye mesaje kote So, wa Égypte la, e li pa t prezante taks a wa Assyrie a jan li te konn fè ane pa ane a. Pou koz sa a, wa Assyrie a te fèmen li nan prizon byen mare.
5 The king of Assyria invaded the whole land, marched up to Samaria, and besieged it three years. Epi wa Assyrie te fè envazyon tout peyi a e li te monte Samarie pou te fè syèj li pandan twazan.
6 In Hoshea's ninth year Assyria's king took Samaria, exiled Israel to Assyria, settling them in Halah, on the Habor, Gozan's river, and in Media's cities. Nan nevyèm ane Osée a, wa Assyrie a te kaptire Samarie, li te pote pèp Israël la an egzil nan Assyrie, e li te fè yo rete Chalach avèk Chabor sou rivyè Gozan an ak nan vil a Medi yo.
7 All this happened because Israel sinned against our Father, who brought them up from Egypt, from under the hand of Pharaoh king of Egypt, and they worshiped other gods, Alò, sa te vin rive akoz fis Israël yo te peche kont SENYÈ pa yo a ki te mennen fè yo sòti nan peyi Égypte la anba men Farawon, wa Égypte la. Yo te gen lakrent lòt dye yo,
8 and followed the customs of the nations our Father drove out before them, and those Israel's kings introduced. epi yo te mache selon koutim a lòt nasyon yo ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo nan movèz abitid ke wa Israël yo te etabli yo.
9 Israel secretly did wrong against our Father, building high places in all their towns, from watchtower to fortified city. Fis Israël yo te fè bagay an sekrè ki pa t bon kont SENYÈ a, Bondye pa yo a. Anplis, yo te bati pou kont yo wo plas nan tout vil pa yo soti nan fò kay gad yo jis rive nan vil fòtifye yo.
10 They set up sacred pillars and Asherah poles on every high hill and under every green tree. Yo te plase pou kont yo pilye sakre yo avèk poto Astarté yo sou chak ti mòn e anba chak pyebwa vèt,
11 At every high place they burned incense, like the nations our Father drove out before them. They did evil that provoked our Father to anger. epi la, yo te brile lansan sou tout wo plas yo jis jan nasyon ke SENYÈ a te pote fè ale an egzil yo te konn fè avan yo. Yo te fè bagay mal ki te pwovoke SENYÈ a.
12 They served idols, though our Father had told them, "You must not do this." Yo te sèvi zidòl, selon sila SENYÈ a te di yo: “Ou pa pou fè bagay sa a.”
13 Our Father warned Israel and Judah through every prophet and seer: "Turn from your evil ways and keep my commands and decrees—the whole law I gave your ancestors and sent you through my servants the prophets." Sepandan, SENYÈ a te avèti Israël avèk Juda pa tout pwofèt Li yo ak tout konseye Li. Li te di: “Vire kite move wout sa yo e kenbe kòmandman Mwen yo, règleman Mwen yo, selon tout lalwa a avèk sila Mwen te kòmande zansèt nou yo e ke m te voye bannou pa sèvitè Mwen yo, pwofèt yo.”
14 But they would not listen. They stiffened their necks like their ancestors, who did not trust our Father. Sepandan, yo pa t koute, men yo te fè tèt di tankou zansèt pa yo, ki pa t kwè nan SENYÈ a, Bondye pa yo a.
15 They rejected his decrees, the covenant with their ancestors, and his warnings. They chased worthless idols and became worthless, imitating the surrounding nations our Father forbade them to copy. Yo te rejte règleman pa Li yo avèk akò ke Li te fè avèk zansèt pa yo avèk avètisman sa yo, avèk sila li te avèti yo. Epi yo te swiv foli yo, e yo te vin plen ògèy. Yo te kouri apre nasyon ki te antoure yo, selon sila SENYÈ a te kòmande yo pa fè tankou yo.
16 They abandoned all our Father's commandments, made two cast calf idols and an Asherah pole, bowed to all heaven's starry host, and served Baal. Yo te bliye nèt tout kòmandman a SENYÈ a, Bondye pa yo a e yo te fè pou kont yo imaj fonn a ti bèf yo menm, te fè yon Astarté, yo te adore tout lame selès la e yo te sèvi Baal.
17 They burned their sons and daughters as sacrifices, practiced fortune-telling and witchcraft, sold themselves to do evil before our Father, provoking his anger. Konsa, yo te fè fis avèk fi pa yo pase nan dife, yo te pratike divinasyon avèk Wanga e yo te vann pwòp tèt yo pou fè mal nan zye SENYÈ a e pwovoke Li.
18 So our Father, furious with Israel, removed them from his presence. Only the tribe of Judah remained, Pou sa, SENYÈ a te byen fache avèk Israël e Li te retire yo devan zye Li. Okenn moun pa t rete sof tribi Juda a.
19 Judah too did not keep the commands of our Father, but followed Israel's practices. Anplis, Juda pa t kenbe kòmandman SENYÈ a, Bondye pa yo a, men te mache nan koutim ke Israël te etabli yo.
20 So our Father rejected all Israel's descendants, brought suffering on them, and handed them to raiders until he cast them from his presence. SENYÈ a te rejte tout desandan a Israël yo. Li te aflije yo e Li te livre yo nan men a piyajè jiskaske Li te jete yo deyò vizaj Li.
21 When our Father tore Israel from the house of David, they crowned Jeroboam son of Nebat their king. Jeroboam drove Israel from following our Father and led them into great sin. Lè Li te fin chire Israël fè l sòti lakay David la, yo te fè Jéroboam, fis Nebath la, wa. Epi Jéroboam te bourade kondwi Israël pou l pa swiv SENYÈ a e li te fè yo fè yon gwo peche.
22 Israel persisted in all the sins Jeroboam committed; they did not turn from them, Fis a Israël yo te mache nan tout peche ke Jéroboam te fè yo. Yo pa t kite yo
23 until our Father removed Israel from his presence, as he said through all his servant prophets. So Israel was exiled from their land to Assyria, remaining there to this day. jiskaske SENYÈ a te retire Israël soti devan vizaj Li, jan Li te pale pa tout sèvitè Li yo, pwofèt yo. Konsa, Israël te pote lwen an egzil soti nan pwòp peyi pa yo pou Assyrie jis rive jou sa a.
24 Assyria's king brought people from Babylon, Cuthah, Avva, Hamath, and Sepharvaim, settling them in Samaria's towns to replace Israel. They took over Samaria and lived in its towns. Wa a Assyrie a te mennen moun soti Babylone, Cutha, ak Avva pou Hamath, ak Sepharvaïm, e li te etabli yo nan vil Samarie yo pou ranplase fis Israël yo. Konsa, yo te posede Samarie e yo te viv nan vil pa li yo.
25 When they first lived there, they didn't worship our Father; so he sent lions among them that killed some of them. Lè yo te kòmanse viv la, yo pa t gen lakrent SENYÈ a. Pou sa, SENYÈ a te voye lyon pami yo ki te touye kèk nan yo.
26 They told Assyria's king: "The nations you deported to Samaria's towns don't know what the god of the land requires. So he sent lions among them, killing them, because they don't know what the land's god requires." Akoz sa, yo te pale avèk wa Assyrie. Yo te di li: “Nasyon sa yo ke ou te pote ale an egzil nan lavil Samarie yo pa konnen koutim a dye nan peyi a. Pou sa, li te voye lyon pami yo, e tande byen, yo touye yo akoz yo pa konnen koutim a dye nan peyi a.”
27 Assyria's king ordered: "Send back one priest you exiled from Samaria. Let him live there and teach the people what the land's god requires." Alò, wa Assyrie a te fè kòmand e te di: “Mennen la youn nan prèt ke ou te pote an egzil yo e kite li ale viv la. Epi kite li enstwi yo koutim a dye peyi a.”
28 So one of the priests deported from Samaria settled in Bethel and taught them how to worship our Father. Konsa, youn nan prèt ke yo te pote ale an egzil soti Samarie yo te vin viv Béthel, e li te enstwi yo jan yo te dwe gen lakrent SENYÈ a.
29 But each nation made its own gods and set them in the high-place shrines the Samaritans built, each nation in the towns where it lived. Men chak nasyon te toujou fè dye pa li e te mete yo lakay yo sou wo plas ke pèp Samarie a te konn fè yo, chak nasyon nan vil pa yo kote yo te viv la.
30 The people from Babylon made Succoth-benoth, those from Cuth made Nergal, those from Hamath made Ashima, Moun Babylone yo te fè Succoth-Benoth, moun Cuth yo te fè Nergal e moun Hamath yo te fè Aschima.
31 the Avvites made Nibhaz and Tartak, the Sepharvites burned their children in the fire as sacrifices to Adrammelech and Anammelech, gods of Sepharvaim. Moun Avva yo te fè Nibchaz avèk Tharthak; sila nan Sepharvaïm yo te brile pitit pa yo nan dife pou onore Adrammélec avèk Anamélec, dye a Sepharvaïm yo.
32 They worshiped our Father yet appointed from among themselves all sorts of priests for the high places, who sacrificed for them at the shrines. Yo te gen lakrent osi a SENYÈ a, e yo te chwazi pami yo menm prèt a wo plas yo, ki te aji pou yo nan kay wo plas yo.
33 They worshiped our Father, yet served their own gods by the customs of the nations they were deported from. Yo te krent SENYÈ a e osi, yo te sèvi dye pa yo selon koutim a nasyon pami sila yo te pote ale an egzil yo.
34 To this day they keep their former customs. They do not worship our Father, nor do they follow statutes, rules, law, and commandment our Father gave Jacob's children, whom he named Israel. Jis rive jou sa a, yo fè selon ansyen koutim yo: yo pa krent SENYÈ a, ni yo pa swiv règleman pa Li yo ni òdonans, ni lalwa a, ni kòmandman ke SENYÈ a te kòmande fis a Jacob yo, ke li te bay non Israël yo;
35 When our Father made a covenant with them, he commanded them: "Don't worship, bow to, serve, or sacrifice to other gods. avèk sila SENYÈ a te fè yon akò. Li te kòmande yo e te di: “Nou p ap gen krent lòt dye yo, ni bese nou menm ba devan yo, ni sèvi yo ni fè sakrifis a yo.
36 But your Father brought you out of Egypt with great power and an outstretched arm—worship him. Bow to him; offer sacrifices to him. Men SENYÈ a, ki te mennen nou monte soti nan peyi Égypte la avèk gran pouvwa e avèk yon bra lonje, a Li menm nou va gen krent. A Li menm, nou va bese ba e a Li menm, nou va fè sakrifis.
37 Always be careful to keep the statutes, rules, law, and commandment he wrote for you. Do not worship other gods. Règleman avèk òdonans avèk lalwa ak kòmandman ke Li te ekri pou nou yo, nou va obsève pou fè yo jis pou tout tan. Nou p ap fè lakrent lòt dye yo.
38 Do not forget the covenant I made with you, and do not worship other gods. Akò ke m te fè avèk nou an, nou p ap bliye li, ni nou p ap gen lakrent lòt dye yo.
39 But worship your Father, and he will rescue you from the hand of all your enemies." Men SENYÈ a, Bondye nou an, nou va krent Li. Epi Li va delivre nou soti nan men a tout lènmi pa nou yo.”
40 They would not listen, however, but persisted in their former customs. Sepandan, yo pa t tande; men yo te fè selon abitid pa yo.
41 These nations worshiped our Father yet served their idols. Their children and grandchildren do as their ancestors did, to this day. Pou sa, malgre nasyon sila yo te gen lakrent SENYÈ a, yo osi te sèvi zidòl pa yo. Pitit pa yo tou ak pitit pitit pa yo, jis jan ke zansèt pa yo te konn fè; konsa, yo fè jis rive jodi a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]