Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Kings 18 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In Hoshea son of Elah, king of Israel's third year, Hezekiah son of Ahaz became king of Judah. Alò, li te vin rive nan twazyèm ane Osée, fis a Éla a, wa Israël la ke Ézéchias, fis Achaz la, wa Juda a, te devni wa a.
2 Twenty-five when he became king, he reigned twenty-nine years in Jerusalem. His mother: Abijah, daughter of Zechariah. Li te gen venn-senkan lè l te devni wa e li te renye pandan vent-nèf ane Jérusalem. Non manman li se te Abi, fi a Zacharie a.
3 He did what was right in our Father's eyes, as his father David had done. Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke zansèt li yo, David te konn fè.
4 He removed the high places, smashed the sacred pillars, cut down the Asherah, and broke into pieces the bronze snake Moses made—until then Israelites had been burning incense to it, called Nehushtan. Li te retire wo plas yo, li te kraze pilye sakre yo, e li te koupe desann Astarté la. Anplis, li te kraze an mòso sèpan an bwonz ke Moïse te fè a, paske jis rive nan jou sa yo, fis Israël yo te konn brile lansan pou li; epi li te rele Nehuschtan.
5 He trusted our Father, the God of Israel; no king of Judah matched him, before or after. Li te mete konfyans li nan SENYÈ a, Bondye Israël la, jiskaske, apre li, pa t gen tankou li nan tout wa Juda yo, ni nan sila ki te avan l yo.
6 He clung to our Father, never stopped following him, and kept the commands our Father gave Moses. Paske li te kenbe fèm a SENYÈ a. Li pa t varye nan swiv Li, men li te kenbe kòmandman ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo.
7 He thrived wherever he went out, for our Father was with him. He rebelled against Assyria's king, refusing to serve him. Epi SENYÈ a te avèk li. Nenpòt kote li te ale, li te reyisi. Li te fè rebèl kont wa a Assyrie a e li pa t sèvi li.
8 He struck down the Philistines as far as Gaza and its borders, from watchtower to fortified city. Li te venk Filisten yo soti rive nan Gaza avèk teritwa li, soti nan tou kay gad yo, jis rive nan gwo vil fòtifye a.
9 Hezekiah's fourth year—Hoshea son of Elah, Israel's king, seventh—Shalmaneser king of Assyria came up against Samaria and besieged it. Alò, nan katriyèm ane Wa Ézéchias la, ki te setyèm ane Osée, fis a Éla a, wa Israël la, Salmanasar, wa Assyrie a, te monte kont Samarie, e te fè syèj kont li.
10 Three years later they captured it—Hezekiah's sixth year, Hoshea king of Israel's ninth—Samaria was captured. Nan fen twazan, yo te kaptire li, epi nan sizyèm ane Ézéchias la, ki te nan nevyèm ane Osée a, wa Israël la, Samarie te vin kaptire.
11 Assyria's king exiled Israel to Assyria, settling them in Halah, on the Habor River of Gozan, and in Medes' cities, Konsa, wa Assyrie a te pote Israël ale an egzil nan Assyrie, e li te mete yo nan Chalach sou rivyè Gozan nan vil a Mèdes yo,
12 because they ignored our Father's voice and broke his covenant—all Moses, our Father's servant, commanded—neither hearing nor doing it. paske yo pa t obeyi vwa a SENYÈ a, Bondye pa yo a, men yo te transgrese akò pa Li a, menm tout sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande yo. Yo pa t koute yo, ni fè yo.
13 In King Hezekiah's fourteenth year, Sennacherib king of Assyria attacked all Judah's fortified cities and captured them. Alò, nan katòzyèm ane a Wa Ézéchias, Sanchérib la, wa Assyrie a te vin monte kont tout vil fòtifye Juda yo, e li te sezi yo.
14 Then Hezekiah king of Judah sent to the king of Assyria at Lachish, "I have sinned; withdraw, and I will bear whatever you impose on me." The king of Assyria imposed on Hezekiah king of Judah about eleven tons of silver and one ton of gold. Alò, Ézéchias, wa Juda a te voye kote wa Assyrie a nan Lakis. Li te di: “Mwen te fè mal. Rale bak sòti sou mwen; nenpòt sa ke ou mande m peye, m ap sipòte l.” Pou sa, wa Assyrie a te fè demand a Ézéchias pou peye twa san talan ajan avèk trant talan lò.
15 Hezekiah gave him all the silver found in the house of our Father, and in the royal storerooms. Ézéchias te bay tout ajan ki te twouve nan kay SENYÈ a ak nan kès lakay wa a.
16 At that time Hezekiah stripped gold from our Father's temple doors and doorposts Hezekiah king of Judah had covered, and gave it to Assyria's king. Nan tan sa a, Ézéchias te koupe retire lò nan pòt tanp SENYÈ a, avèk chanbrann pòt ke Ézéchias, wa Juda a, te kouvri a e li te bay li a wa Assyrie a.
17 The king of Assyria sent his supreme commander, chief officer, and field commander with a large army from Lachish to King Hezekiah at Jerusalem. They came up to Jerusalem and stood by the upper pool's aqueduct, on the road to the Washerman's Field. Epi wa Assyrie a te voye Tharthan, Rab-Saris avèk Rabschaké sòti nan Lakis avèk yon gwo lame rive kote Ézéchias Jérusalem. Konsa, yo te monte pou te rive Jérusalem. Epi lè yo te monte, yo te rive e te kanpe kote kanal souteren an, nan ma sous dlo piwo a, ki te sou chemen chan lesiv la.
18 They called for the king, and Eliakim son of Hilkiah, palace overseer, came out to them with Shebnah the secretary and Joah son of Asaph the recorder. Lè yo te rele wa a, Élikiam, fis a Hilkija a, ki te sou tout kay la ak Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, achivist la, te parèt kote yo.
19 The field commander said to them, "Tell Hezekiah: The great king, the king of Assyria, says: What's this trust you're trusting in? Epi Rabschaké te di yo: “Pale koulye a a Ézéchias: ‘Konsa pale gran wa a, wa Assyrie a: “Ki kalite konfyans sa ke ou genyen an?
20 You say: strategy and strength for war—mere talk. Now, whom are you trusting, that you rebelled against me? Ou di nou (malgre se pawòl vid yo ye): ‘Mwen gen konsèy avèk pwisans pou fè lagè.’ Alò, sou kilès ou depann, pou ou vin fè rebèl kont mwen an?
21 Look, you trust Egypt, that splintered-reed staff piercing the hand of anyone leaning on it. So is Pharaoh king of Egypt to all who trust him. Alò, veye byen, ou depann de baton a wozo kraze sa a, sou Égypte menm. Sou sila si yon nonm apiye, l ap fonse antre nan men l e pèse l nèt. Se konsa, Farawon va ye pou tout sila ki depann de li yo.
22 But if you say, 'We trust in the LORD our God,' isn't he the one whose high places and altars Hezekiah removed, telling Judah and Jerusalem, 'Worship before this altar in Jerusalem'? Men si ou di mwen: ‘Nou mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an’, se pa li menm pou sila Ézéchias te retire wo plas avèk lotèl yo, e ki te di a Juda avèk Jérusalem: ‘Nou va adore devan lotèl sa a Jérusalem?’
23 Make a bet with my master the king of Assyria: I'll give you 2,000 horses if you can mount riders on them. Pou sa, vini, fè yon antant avèk mèt mwen, wa a Assyrie a, e mwen va ba ou de mil cheval, si ou kab menm mete moun sou do yo.
24 How can you turn back one officer among my master's least servants, trusting Egypt for chariots and horsemen? Kijan ou kab reziste a menm youn nan pi piti a sèvitè mèt mwen yo e depann de Égypte pou cha ak chevalye?
25 Did I go up against this place to destroy it without the LORD? The LORD told me: Go up against this land, destroy it." Èske se san soutyen SENYÈ a ke m vin monte kont plas sa a pou detwi li? SENYÈ a te di m ‘Monte kont plas sa a pou detwi l.’”’”
26 Eliakim son of Hilkiah, Shebnah, and Joah said to the field commander, "Please speak Aramaic to us your servants—we understand it. Don't speak Hebrew, with the people on the wall listening." Alò Éliakim, fis a Hilkija a, avèk Schebna ak Joach te di a Rabschaké: “Pale koulye a a sèvitè ou yo an Arameyen, paske nou konprann li. Pa pale avèk nou an Jideyen nan zòrèy a moun ki sou mi yo.”
27 The field commander replied, "Did my master send me to say this only to your master and you, and not to the men on the wall, who will eat their dung and drink their urine with you?" Men Rabschaké te di yo: “Èske mèt mwen an te voye m sèlman a mèt pa w la pou pale pawòl sila yo, pa pou mesye ki chita sou mi yo, ki va manje pwòp watè pa yo e bwè dlo pipi pa yo ansanm avè w?”
28 Then the field commander stood and shouted loudly in Hebrew: "Hear the word of the great king, the king of Assyria! Epi Rabschaké te kanpe, li te kriye avèk yon vwa fò an Jideyen. Li te di: “Tande pawòl gran wa a, wa Assyrie a!
29 The king says: Don't let Hezekiah fool you, for he can't rescue you from his hand. Konsa pale wa a! ‘Pa kite Ézéchias twonpe nou, paske li p ap kab delivre nou pou sòti nan men m.
30 Don't let Hezekiah make you trust in the LORD, saying, 'The LORD will surely rescue us; this city won't fall to Assyria's king.' Ni pa kite Ézéchias mennen nou pou mete konfyans nan SENYÈ a, pou l di: “SENYÈ a va anverite delivre nou, e vil sa a p ap livre nan men a gran wa a Assyrie a.”
31 Don't listen to Hezekiah. The king of Assyria says: make peace with me and come out to me—each of you will eat from your vine and fig tree, and drink from your cistern, Pa koute Ézéchias.’ Paske konsa pale wa Assyrie a: ‘Fè lapè nou avèk mwen e sòti vin kote mwen. Manje nou chak nan pwòp chan rezen pa nou, nou chak pye fig mi etranje pa nou e nou chak nan pwòp dlo sitèn pa nou,
32 until I take you to a land like yours—grain, new wine, bread, vineyards, olive trees, honey—so you live, not die. Don't listen to Hezekiah; he's misleading you when he says, 'The LORD will rescue us.' jiskaske mwen rive pou pran nou ale nan yon lòt peyi, yon peyi ak sereyal avèk diven nèf, yon peyi avèk bwa doliv ak siwo myèl, pou nou kapab viv e pa mouri.’ Men pa koute Ézéchias lè li mal dirije nou pou di: ‘SENYÈ a va delivre nou.’
33 Has any of the nations' gods rescued his land from the hand of Assyria's king? Èske okenn nan dye a peyi sila yo te delivre peyi pa yo a devan men wa a Assyrie a?
34 Where are Hamath's and Arpad's gods? Where are Sepharvaim's, Hena's, and Ivvah's gods? Did they save Samaria from my hand? Kote dye a Hamath yo oswa Arpad yo? Kote dye a Sepharvaïm yo, oswa Héna avèk Ivva yo? Èske yo te delivre Samarie pou l sòti nan men m?
35 Which of all these lands' gods saved his land from my hand, that the LORD should save Jerusalem from my hand?" Kilès pami tout dye a peyi yo ki te delivre peyi pa yo devan men m, pou SENYÈ a ta dwe delivre Jérusalem soti nan men m?”
36 But the people remained silent and answered him not a word, since the king had ordered, "Don't answer him." Men pèp la te rete an silans e pa t reponn menm yon mo; paske lòd a wa a se te “Pa reponn li”.
37 Eliakim son of Hilkiah, palace steward, Shebna the secretary, and Joah son of Asaph the recorder came to Hezekiah, clothes torn, and reported the field commander's words. Epi Éliakim, fis a Hilkija a, ki te sou tout kay la, Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, achivist la, te vin kote Ézéchias avèk rad yo tou chire pou te pale li pawòl a Rabschaké yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]