Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Kings 19 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When King Hezekiah heard this, he tore his clothes, put on sackcloth, and went into the house of our Father. Lè Ézéchias te tande sa, li te chire rad li. Li te kouvri kò li avèk twal sak e li te antre lakay SENYÈ a.
2 He sent palace manager Eliakim, the scribe Shebna, and the senior priests, all in mourning clothes, to the prophet Isaiah son of Amoz. Epi li te voye Éliakim ki te sou tout kay avèk Schebna, grefye a ak ansyen pami prèt yo, kouvri avèk twal sak kote Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la.
3 They told him, "Hezekiah says: Today is a day of distress, rebuke, and disgrace; children have reached the point of birth, but there is no strength to deliver them. Yo te di li: “Konsa pale Ézéchias: ‘Jou sa a se yon jou gwo twoub, chatiman, ak abandon; pwiske pitit yo vin parèt pou akouche, men pa gen fòs pou fè l.
4 Perhaps your Father will hear all the field commander's words, sent by his master the king of Assyria to mock the living Father, and will condemn the words he heard. So pray for the remnant that survives." Petèt SENYÈ a, Bondye ou a, va tande tout pawòl a Rabschaké yo ke mèt li a, wa Assyrie a, te voye pou repwoche Bondye Vivan an e va repwoche pawòl ke SENYÈ a, Bondye ou a, te tande a. Pou sa, ofri lapriyè pou retay ki toujou rete a.’”
5 When King Hezekiah's servants came to Isaiah, Pou sa, sèvitè a wa Ézéchias yo te vin kote Ésaïe.
6 Isaiah told them, "Tell your master our Father says: Don't fear the words you heard, with which the king of Assyria's servants have insulted me. Ésaïe te di yo: “Konsa nou va pale a mèt nou an: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Pa krent akoz pawòl ke ou te tande yo, avèk sila sèvitè a wa Assyrie yo te blasfeme Mwen yo.
7 I am putting a spirit in him: he will hear a report, return to his own land, and there I will make him fall by the sword." Veye byen, mwen va mete yon lespri nan li pou l tande yon fo nouvèl pou retounen nan pwòp peyi pa li. Epi Mwen va fè l tonbe pa nepe nan pwòp peyi li.”’”
8 When the field commander heard the king of Assyria had left Lachish, he withdrew and found him fighting Libnah. Alò, Rabschaké te retounen e te twouve wa Assyrie a t ap goumen kont Libna; paske li te tande ke li te fin kite Lakis.
9 Now the king heard concerning Tirhakah king of Cush, "Look, he has set out to fight against you." So he again sent messengers to Hezekiah: Lè l te tande sa pa Tirhaka, wa Ethiopie a, vwala, li vin parèt pou goumen kont ou, li te ankò voye mesaje yo kote Ézéchias e te di:
10 "Tell Hezekiah king of Judah: Don't let your God, whom you trust, deceive you by promising Jerusalem won't fall to Assyria's king. “Konsa ou va pale a Ézéchias, wa Juda a, ‘Pa kite Bondye ou a nan Sila ou mete konfyans ou an twonpe ou e di: “Jérusalem p ap antre nan men a wa Assyrie a.”
11 Look, you've heard what Assyria's kings did to every land, destroying them completely. Will you be rescued? Gade byen, ou konn tande sa ke wa Assyrie a te fè a tout peyi yo, destriksyon konplèt. Èske se konsa ke ou va delivre a?
12 Did the nations' gods my predecessors destroyed rescue them—Gozan, Haran, Rezeph, the people of Eden in Telassar? Èske dye a nasyon sila yo ke zansèt mwen yo te detwi yo, te delivre yo, menm? Gozan, Charan, Retseph, avèk fis a Éden ki te Telassar yo?
13 Where is the king of Hamath, the king of Arpad, and the king of the city of Sepharvaim, of Hena, and of Ivvah?" Kibò wa Hamath la ye, wa Arpad la, wa gran vil Sepharvaïm nan, Henna, avèk Ivva?’”
14 Hezekiah took the letter from the messengers and read it. Then he went up to the house of our Father and spread it out before him. Alò, Ézéchias te pran lèt la soti nan men a mesaje yo e li te li li. Li te monte lakay SENYÈ a, e li te louvri li devan SENYÈ a.
15 Hezekiah prayed before our Father: "God of Israel, seated above the cherubim, you alone are God over all earth's kingdoms; you made the heavens and the earth. Ézéchias te priye devan SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, ki chita sou twòn li pami cheriben yo, Ou se Bondye a, Ou sèl Ou pami tout wayòm sou latè yo. Ou te fè syèl la avèk tè a.
16 Turn your ear, our Father, and hear; open your eyes and see. Hear Sennacherib's words sent to mock the living Father. Panche zòrèy Ou, O SENYÈ a pou tande. Ouvri zye Ou O SENYÈ pou wè. Koute pawòl a Sanchérib yo, ke li te voye pou repwoche Bondye Vivan an.
17 Truly, our Father, the kings of Assyria destroyed the nations and their lands, Anverite, O SENYÈ, wa Assyrie yo te devaste nasyon yo avèk peyi pa yo,
18 and threw their gods into the fire; for they were not gods but human handiwork, wood and stone. So they destroyed them. epi yo te jete dye pa yo nan dife, paske se pa dye yo ye, men se zèv a men lèzòm yo, bwa avèk wòch. Pou sa, yo te detwi yo.
19 Now, our Father, save us from his hand, so every kingdom of the earth may know you alone are God." Alò, O SENYÈ, Bondye nou an, mwen priye Ou, delivre nou nan men li pou tout wayòm sou latè yo kab konnen Ou sèl, O SENYÈ, se Bondye a.”
20 Isaiah son of Amoz sent to Hezekiah: "This is what our Father, the God of Israel, says: I have heard your prayer to me about Sennacherib king of Assyria. Epi Ésaïe, fis a Amots la te voye kote Ézéchias e te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Akoz ou te priye a Mwen pou Sanchérib, wa Assyrie a, Mwen te tande.”
21 This is what our Father says against him: The Virgin Daughter of Zion despises and mocks you; the Daughter of Jerusalem shakes her head behind you. Sa se pawòl ke SENYÈ a te pale kont li an: “Li te meprize ou e moke ou, Fi vyèj a Sion an. Li te souke tèt li dèyè do ou, Fi a Jérusalem nan!
22 Whom have you taunted and blasphemed? Against whom have you raised your voice and lifted your eyes in pride? Against the Holy One of Israel! Se kilès ou te repwoche e blasfeme a? Epi kont kilès ou te leve vwa ou a, avèk ògèy, ou te leve zye ou? Kont Sila ki Sen a Israël la?
23 By your messengers you have mocked the Sovereign Father, and you have said: With my many chariots I have ascended the heights of the mountains, the far recesses of Lebanon. I have cut down its tallest cedars, its choicest cypresses. I have reached its remotest height, its densest forest. Pa mesaje ou yo, ou te repwoche SENYÈ a. Ou te di: “Avèk anpil cha mwen yo, mwen te rive sou wotè a mòn yo. Jis rive nan kote pi izole nan Liban an, mwen va koupe gwo bwa sèd li yo, avèk bwa pichpen pi chwazi li yo. Epi mwen va antre jis nan lojman pi izole yo, nan pi gran rakbwa ki te genyen yo.
24 I have dug wells and drunk foreign waters; with the soles of my feet I have dried up all the streams of Egypt. Mwen te fouye pwi yo e te bwè dlo etranje li yo, Epi avèk pla pye mwen, mwen te seche tout rivyè Égypte yo.”
25 Have you not heard? Long ago I did it; from days of old I planned it. Now I have brought it to pass, that you should turn fortified cities into heaps of ruins. Èske ou pa t tande? Depi lontan Mwen te fè l; Depi nan tan ansyen yo, Mwen te planifye l. Koulye a, Mwen gen tan fè l vin rive, ke ou ta fè vil fòtifye yo vin pil ranblè.
26 Their inhabitants, shorn of strength, were dismayed and ashamed. They were like plants of the field, like tender green shoots, like grass sprouting on the rooftops, scorched before it is grown. Pou sa, abitan pa yo te manke fòs. Yo te deranje e te vin wont nèt. Yo te tankou zèb chan, tankou zèb vèt, tankou zèb sou twati kay ki vin brile avan li kab grandi.
27 But I know your sitting down, your going out and your coming in, and your raging against me. Men M konnen chita ou, sòti avèk antre pa ou, ak laraj ke ou konn fè kont Mwen.
28 Because of your raging against me and your arrogance that has reached my ears, I will put my hook in your nose and my bridle in your lips, and I will turn you back by the way you came. Epi akoz laraj ou kont Mwen, akoz awogans ou vin monte nan zòrèy Mwen, pou sa, mwen va mete zen Mwen nan nen ou, ak brid Mwen, pou antre nan lèv ou, epi Mwen va vire ou fè ou fè bak pa menm chemen ke ou te antre a.”
29 This is your sign, Hezekiah: this year eat what grows on its own, next year what springs from that; the third year, sow and reap, plant vineyards, and eat their fruit. “Epi sa va sign lan pou ou: Ou va manje nan lane sila a sa ki grandi pou kont li, nan dezyèm ane a, sa ki sòti menm jan an konsa e nan twazyèm ane a, ou va simen, rekòlte, plante chan rezen yo e manje fwi pa yo.
30 Once more a remnant of the house of Judah will take root below and bear fruit above. Retay ki chape lakay Juda a va ankò pran rasin k ap pouse pa anba pou bay fwi pa anlè.
31 For out of Jerusalem will come a remnant, and out of Mount Zion a band of survivors. The zeal of the Father of heaven's armies will accomplish this. Paske depi Jérusalem, va vin sòti yon retay e sòti nan Mòn Sion, sila ki chape yo. Zèl SENYÈ a va acheve sa.”
32 "So this is what our Father says about Assyria's king: He will not enter this city or shoot an arrow here, confront it with a shield, or raise a siege ramp against it. “Pou sa, pale SENYÈ a selon wa Assyrie a: ‘Li p ap rive nan vil sila a, ni tire yon flèch la. Li p ap rive devan li avèk yon boukliye, ni monte yon ran syèj kont li.
33 By the way he came he will return; he will not enter this city, declares our Father. Pa menm chemen ke li te antre a, pa li menm, li va retounen e li p ap rive nan vil sila a’, deklare SENYÈ a.
34 I will defend this city and save it, for my own sake and for the sake of my servant David." ‘Paske Mwen va defann vil sa a pou sove li pou koz Mwen menm ak pou koz sèvitè mwen an, David.’”
35 That night the angel of our Father went out and struck down 185,000 in the Assyrian camp. At dawn, when they rose—there lay all the dead bodies. Epi li te vin rive menm nwit sa a ke zanj SENYÈ a te sòti e te frape san-katre-ven-senk-mil moun nan kan Asiryen yo. Lè moun yo te leve granmmaten, men vwala, yo tout te mouri.
36 So Sennacherib king of Assyria broke camp and withdrew. He returned to Nineveh and stayed there. Pou sa, Sanchérib, wa Assyrie a, te sòti e te retounen lakay li pou te rete Ninive.
37 As he worshiped in the temple of his god Nisroch, his sons Adrammelech and Sharezer killed him with the sword and escaped to Ararat. His son Esarhaddon reigned in his place. Konsa, li te vin rive pandan li t ap adore lakay Nisroc la, dye pa li a, ke Adrammélec avèk Scharetser te touye li avèk nepe, epi yo te chape nan peyi Ararat. Epi Ésar-Haddon, fis li a, te devni wa nan plas li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]