Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Kings 20 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In those days Hezekiah became sick and was near death. The prophet Isaiah son of Amoz came, saying, "This is what our Father says: Set your house in order; you will die, not live." Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad jis rive nan pòt lanmò. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Mete lakay ou an lòd; paske ou va mouri e ou p ap viv.’”
2 Then Hezekiah turned his face to the wall and prayed to our Father: Konsa, Ézéchias te vire figi li vè miray la pou te priye a SENYÈ a. Li te di:
3 "Father, remember how I have walked before you faithfully, with a whole heart, doing what is good in your eyes." And Hezekiah wept bitterly. “Sonje koulye a, O SENYÈ a, mwen sipliye Ou, jan mwen te mache devan Ou anverite avèk tout kè m nan, ak jan mwen te fè sa ki bon nan zye Ou a.” Epi Ézéchias te kriye byen anmè.
4 Before Isaiah had gone out of the middle court, the word of our Father came to him: Avan Ésaïe te sòti nan mitan vil a, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di:
5 "Go back and tell Hezekiah, leader of my people: Your Father, the God of your father David, says: I have heard your prayer and seen your tears. I will heal you. On the third day you will go up to my house. “Retounen pale ak Ézéchias, dirijan pèp mwen an: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a zansèt ou a, David: “Mwen te tande lapriyè pa w la. Mwen te wè dlo ki sòti nan zye ou a. Men vwala, Mwen va geri ou. Nan twazyèm jou a, ou va monte lakay SENYÈ a.
6 I'll add fifteen years to your life, rescue you and this city from the grip of Assyria's king, and defend this city for my sake and my servant David's." Mwen va mete kenzan sou lavi ou e mwen va delivre ou avèk vil sa a soti nan men a wa Assyrie. Mwen va defann vil sa a pou koz pa Mwen ak pou koz David, sèvitè Mwen an.”’”
7 Isaiah said, "Bring a fig cake." They brought it, put it on the boil, and he recovered. Konsa, Ésaïe te di: “Pran yon gato figye etranje.” Yo te pran l e te mete li sou apse a, e li te vin refè.
8 Hezekiah asked Isaiah, "What is the sign that our Father will heal me and I'll go up to our Father's house on the third day?" Alò, Ézéchias te di a Ésaïe: “Ki sign ki va parèt ke SENYÈ a va geri mwen, e ke mwen va monte lakay SENYÈ a nan twazyèm jou a?”
9 Isaiah said, "This is your sign from our Father that our Father will keep his promise: will the shadow go forward ten steps, or back ten steps?" Ésaïe te di: “Sa va sign a ou menm soti nan SENYÈ a, ke SENYÈ a va fè bagay ke li te pale a: èske ou pito lonbraj la avanse dis pa, oswa fè bak dis pa?”
10 Hezekiah replied, "It is easy for the shadow to lengthen ten steps; no, let it go back ten steps." Alò, Ézéchias te reponn: “Li tèlman fasil pou lonbraj la avanse dis pa. Men non, kite li fè bak dis pa.”
11 So the prophet Isaiah called to our Father, and he brought the shadow back the ten steps it had gone down on Ahaz's stairway. Ésaïe, pwofèt la, te kriye a SENYÈ a, e Li te fè lonbraj la fè bak dis pa sou eskalye a sou sila li te avanse nan eskalye Achaz la.
12 At that time Berodach-baladan son of Baladan, king of Babylon, sent letters and a gift to Hezekiah, hearing he had been sick. Nan tan sa a, Berodac-Baladan, fis a Baladan nan, wa Babylone nan, te voye lèt avèk yon kado bay Ézéchias, paske li te tande ke Ézéchias te konn malad.
13 Hezekiah welcomed them and showed them his whole treasure house: silver, gold, spices, fine oil, his entire armory, everything in his storerooms. There was nothing in his palace or in all his realm that Hezekiah did not show them. Ézéchias te koute yo e montre yo tout kay trezò li a, ajan avèk lò, epis avèk lwil presye, lakay boukliye li yo avèk tout sa ki te konn twouve nan trezò li yo. Pa t gen anyen lakay li ni nan tout wayòm li a ke li pa t montre yo.
14 Isaiah the prophet came to King Hezekiah and asked, "What did these men say, and where did they come from?" "From a distant land, Babylon," said Hezekiah. Alò, pwofèt la, Ésaïe, te vin kote Ézéchias. Li te mande li: “Kisa mesye sila yo te di e depi kibò yo sòti pou rive kote ou a?” Epi Ézéchias te di: “Yo sòti nan yon peyi lwen, nan Babylone.”
15 What did they see in your palace?" Isaiah asked. "Everything in my palace," Hezekiah replied. "Nothing in my treasures I didn't show them." Li te di: “Kisa yo te wè lakay ou a?” Ézéchias te reponn: “Yo te wè tout sa ki lakay mwen an. Nanpwen anyen pami trezò mwen yo ke m pa t montre yo.”
16 Then Isaiah said to Hezekiah, "Hear the word of our Father: Konsa, Ésaïe te di a Ézéchias: “Tande pawòl SENYÈ a.
17 Days are coming when everything in your palace, all your ancestors stored up until now, will be carried off to Babylon. Nothing will be left, says our Father. ‘Veye byen, jou yo ap vini lè tout sa ki lakay ou avèk tout sa ke zansèt ou yo te mete an depo jis rive jou sa a va pote ale Babylone. Anyen p ap rete, pale SENYÈ a.
18 Some of your own sons, your descendants, will be taken to serve as eunuchs in the palace of Babylon's king." Kèk nan fis ou yo ki va sòti nan ou menm, ke ou va fè, va retire ale; epi yo va devni ofisye nan palè a wa Babylone nan.’”
19 "The word of our Father you spoke is good," Hezekiah said, thinking, "Will there not be peace and security in my days?" Alò Ézéchias te di a Ésaïe: “Pawòl SENYÈ a ke ou te bay la bon.” Paske li te reflechi: “Èske se pa sa, si k ap gen lapè avèk verite nan jou mwen yo?”
20 Hezekiah's remaining deeds, all his might, and how he made the pool and tunnel to bring water into the city—are they not in the annals of Judah's kings? Alò, tout lòt zèv a Ézéchias yo avèk tout pwisans li ak jan li te fè sous dlo a avèk kanal ki te mennen dlo a nan vil la, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?
21 Then Hezekiah rested with his ancestors, and Manasseh his son became king in his place. Konsa, Ézéchias te dòmi avèk zansèt li yo e Manassé, fis li a, te devni wa nan plas li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]