Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Kings 21 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Manasseh became king at twelve and reigned fifty-five years in Jerusalem. His mother was Hephzibah. Manassé te gen laj douzan lè l te devni wa a e li te renye senkann-senk ane Jérusalem. Manman li te rele Hephtsiba.
2 He did evil in our Father's sight, following the detestable practices of the nations he drove out before the people of Israel. Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te rache devan fis Israël yo.
3 He rebuilt the high places his father Hezekiah had destroyed, built altars to Baal, and made an Asherah pole as Ahab king of Israel did, bowed to all the host of heaven and served them. Paske li te rebati wo plas ke Ézéchias te detwi yo, epi li te monte lotèl pou Baal yo, e li te fè yon Astarté, jan Achab, wa Israël la te fè pou te adore tout lame syèl la e te sèvi yo.
4 He built altars in our Father's house, of which he said, "In Jerusalem I will put my name." Li te bati lotèl lakay SENYÈ a, sou sila SENYÈ a te di: “Nan Jérusalem, Mwen va mete non Mwen.”
5 In both courts of our Father's house he built altars to all the host of heaven. Li te bati lotèl pou tout lame syèl la nan de lakou lakay SENYÈ a.
6 He sacrificed his own son in the fire, practiced witchcraft and fortune-telling, and consulted mediums and spirit-guides. He did much evil in our Father's eyes, provoking him to anger. Li te fè fis li yo pase nan dife, pratike maji e sèvi divinasyon. Li te sèvi moun ki pale ak mò ansanm ak lespri. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè.
7 The carved Asherah he had made he set up in the house our Father had told David and his son Solomon about: "In this house and in Jerusalem, which I chose from all the tribes of Israel, I will put my name forever. Anplis, li te plase imaj a Astarté ke li te fè a, nan kay ke SENYÈ a te di a David avèk fis li a, Salomon: “Nan kay sila a ak Jérusalem nan, ke Mwen te chwazi soti nan tout tribi Israël yo, Mwen va mete non Mwen jis pou tout tan.
8 I won't make Israel's feet wander again from the land I gave their ancestors, if they carefully obey all I commanded them, keeping the whole Law my servant Moses gave them." Epi mwen p ap fè pye Israël mache egare ankò deyò peyi ke m te bay a zansèt yo a, si sèlman, yo va obsève pou fè selon tout sa ke M te kòmande yo, selon tout lalwa ke sèvitè Mwen an, Moïse te kòmande yo.”
9 But they did not listen; Manasseh led them astray to do more evil than the nations our Father destroyed before Israel's people. Men yo pa t koute e Manassé te sedwi yo pou fè mal plis ke nasyon ke SENYÈ a te detwi devan fis Israël yo.
10 So our Father spoke through his servants the prophets: Alò, SENYÈ a te pale pa sèvitè yo, pwofèt yo, e te di:
11 "Because Manasseh king of Judah did these detestable things—worse than all Amorites before him—and led Judah to sin with his idols, “Akoz Manassé, wa Juda a, te fè abominasyon sila yo, e te fè plis mechanste pase tout Amoreyen ki te avan li yo, e anplis, li te fè Juda peche avèk zidòl pa li yo;
12 so our Father, the God of Israel, says: I am bringing disaster on Jerusalem and Judah that will make both ears of everyone who hears ring. pou sa, konsa pale SENYÈ, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap mennen yon tèlman gwo twoub sou Jérusalem avèk Juda, pou nenpòt moun ki tande koz li, toude zòrèy li va sonnen avèk sezisman.
13 "Over Jerusalem I will stretch Samaria's measuring line and Ahab's house's plumb line; I will wipe Jerusalem as one wipes a dish, wiping and turning it over. Mwen va fè lonje sou Jérusalem lizyè Samarie a, avèk fil aplon kay Achab la, e Mwen va siye Jérusalem jan yon moun ta siye yon plato. Konsa m ap siye li e vire li tèt anba.
14 I will abandon the rest of my inheritance, handing them to their enemies—prey and plunder for all their foes, Mwen va abandone retay eritaj Mwen an e Mwen va livre yo nan men a lènmi yo. Yo va vin piyaje e depouye pa tout lènmi yo,
15 because they have done evil in my sight and provoked me since the day their ancestors left Egypt until today." akoz yo te fè mal devan zye Mwen e te pwovoke Mwen a lakòlè soti jou ke zansèt pa yo te sòti an Égypte la, menm rive jodi a.’”
16 Manasseh shed so much innocent blood he filled Jerusalem end to end, besides the sin he led Judah into, doing evil in the sight of our Father. Anplis, Manassé te vèse san inosan jiskaske li te ranpli Jérusalem soti nan yon bout jis rive nan yon lòt. Li te fè sa, anplis, peche pa li avèk sila li te fè Juda peche nan fè mal devan zye SENYÈ a.
17 The rest of Manasseh's acts, all he did, and the sin he committed—are they not written in the Book of the Chronicles of the Kings of Judah? Alò, tout lòt zèv a Manassé yo avèk tout sa ke li te fè ak peche ke li te komèt yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?
18 Manasseh rested with his ancestors, buried in his palace garden, the garden of Uzza. His son Amon became king in his place. Konsa, Manassé te dòmi avèk zansèt pa li yo e te antere nan jaden lakay li, nan jaden Uzza a. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li.
19 Amon became king at twenty-two and reigned two years in Jerusalem. His mother was Meshullemeth, daughter of Haruz, from Jotbah. Amon te gen venn-dezan lè l te devni wa e li te renye dezan Jérusalem. Manman li te rele Meschullémeth, fi a Haruts la, nan Jotba.
20 He did what was evil in the sight of our Father, as his father Manasseh had done. Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, jan Manassé, papa li te konn fè a.
21 He followed all his father's ways, serving and bowing to the idols his father served. Paske li te mache nan tout chemen ke papa li te konn mache yo, e li te sèvi zidòl ke papa li te konn sèvi, e te adore yo.
22 He abandoned our Father, the God of his ancestors, not walking in the way of our Father. Konsa, li te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo, e li pa t mache nan chemen SENYÈ a.
23 Amon's officials conspired against him and killed the king in his own palace. Sèvitè a Amon yo te fè konplo kont li e yo te touye wa a nan pwòp kay li.
24 But the people of the land killed all who had conspired against King Amon, and made his son Josiah king in his place. Alò, pèp peyi a te touye tout sila ki te fè konplo kont Wa Amon yo, e pèp peyi a te fè Josias, fis li a, wa nan plas li.
25 The rest of Amon's deeds—are they not written in the Book of the Chronicles of the Kings of Judah? Alò, tout lòt zèv ke Amon te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?
26 He was buried in his tomb in Uzza's garden, and his son Josiah reigned in his place. Li te antere nan tonm pa li nan jaden Uzza a e Josias, fis li a, te devni Wa nan plas li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]