Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Kings 22 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Josiah, eight when made king, reigned thirty-one years in Jerusalem. Mother: Jedidah daughter of Adaiah, from Bozkath. Josias te gen laj uitan lè l te vin wa a e li te renye tranteyen ane Jérusalem. Non manman li te Jedida, fi Adaja a nan Botskath.
2 He did right in our Father's eyes, walking in all the ways of David his father, turning neither right nor left. Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a e li te mache nan tout chemen a zansèt papa li a, David, ni li pa t vire akote ni adwat, ni agoch.
3 In his eighteenth year, King Josiah sent Shaphan son of Azaliah son of Meshullam, the secretary, to our Father's house, saying: Alò, nan di-zuityèm ane Wa Josias la, wa a te voye Schaphan, fis a Atsalia a, fis a Meschullam nan, skrib la, lakay SENYÈ a. Li te di:
4 Go up to Hilkiah the high priest and have him total the money brought into our Father's house, which the doorkeepers collected from the people. “Monte kote Hilkija, wo prèt la, pou li kapab kontwole lajan ki antre lakay SENYÈ a, lajan ke gadyen pòtay yo te ranmase soti nan pèp la.
5 Give it to the supervisors appointed over the work in our Father's house, and have them pay the workers in our Father's house repairing its damage. Kite yo livre li nan men a ouvriye k ap dirije lakay SENYÈ a e kite yo bay li a ouvriye ki lakay SENYÈ a pou repare donmaj nan kay la;
6 The carpenters, builders, masons—and to buy timber and hewn stone to repair the house. pou chapant yo, konstriktè yo avèk mason yo e pou achte gwo bwa avèk wòch taye pou fè reparasyon kay la.
7 No accounting is required of the money entrusted to them, for they act faithfully. Sèlman, nou p ap fè kontabilite pou lajan ki livre nan men yo, paske yo aji an bòn fwa.”
8 High priest Hilkiah told secretary Shaphan, "I found the Book of the Law in our Father's house." He gave it to Shaphan, who read it. Alò, Hilkija, wo prèt la, te di a Schaphan, skrib la: “Mwen te twouve liv lalwa a lakay SENYÈ a.” Konsa, Hilkija te bay liv la a Schaphan ki te li li.
9 Shaphan the secretary told the king, "Your servants poured out the money found in the temple and gave it to the workers and supervisors at the house of our Father." Schaphan, skrib la, te rive kote wa a. Li te pote pawòl la kote wa a, e li te di: “Sèvitè ou yo te vide lajan ki te twouve nan kay la e yo te livre li nan men a ouvriye k ap dirije lakay SENYÈ a.”
10 Shaphan the scribe told the king, "Hilkiah the priest gave me a scroll," and read it aloud before him. Anplis, Schaphan, skrib la, te pale wa a e te di: “Hilkija, prèt la, te ban mwen yon liv.” Epi Schaphan te li li nan prezans a wa a.
11 When the king heard the words of the Book of the Law, he tore his clothes. Lè wa a te tande pawòl a liv lalwa a, li te chire rad li.
12 The king commanded Hilkiah the priest, Ahikam Shaphan's son, Achbor Micaiah's son, Shaphan the scribe, and Asaiah the king's servant: Epi wa a te kòmande Hilkija, prèt la, Achikam fis a Schaphanb la, Acbor, fis a Michée a, a Schaphan, skrib la e a Asaja, sèvitè wa a:
13 "Go, ask our Father for me, for the people, for all Judah about the words of this discovered book. Great is our Father's anger burning against us, because our ancestors did not obey this book's words by doing all that is written about us." “Ale mande a SENYÈ a pou mwen avèk pèp la ak tout Juda selon pawòl a liv sa a ki te twouve a. Paske gran se kòlè SENYÈ a ki brile kont nou, akoz zansèt papa nou yo pa t koute pawòl a liv sa a, pou fè selon tout sa ki ekri konsènan nou.”
14 So Hilkiah the priest, Ahikam, Achbor, Shaphan, and Asaiah went to Huldah the woman prophet, wife of Shallum son of Tikvah son of Harhas, wardrobe keeper, living in Jerusalem's Second District, and spoke with her. Pou sa, Hilkija, prèt la, Achikam, Acbor, Schaphan e Asaja te ale kote Hulda, pwofetès la, madanm a Schallum nan, fis a Thikva a, fis a Harhas la, ki te an chaj vètman yo. (Alò, li te rete Jérusalem nan Katye Second lan). Yo te pale avèk li.
15 She told them, "This is what our Father, the God of Israel, says: Tell the man who sent you to me, Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Pale nonm ki te voye ou kote mwen an,
16 our Father says: I am bringing disaster on this place and its people—all the words the king of Judah has read in the book. Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va pote malè sou plas sa a ak sou sila ki rete ladann yo, menm tout pawòl a liv sa a ke wa Juda te di yo.
17 Because they abandoned me, burned incense to other gods, provoking me to anger with all their handiwork, my anger will burn against this place unquenched. Akoz yo te abandone Mwen e te brile lansan a lòt dye yo pou yo ta kab pwovoke Mwen a lakòlè avèk tout zèv men pa yo; pou sa, gran lakòlè Mwen va brile kont plas sa a, e li p ap etenn.”’
18 Tell Judah's king, who sent you to inquire of the Father: our Father, Israel's God, says this about the words you heard. Men pou wa Juda a, ki te voye ou pou mande a SENYÈ a, konsa ou va pale ak li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘selon pawòl ke ou te tande yo:
19 Because your heart was soft and you humbled yourself before the Father on hearing what I spoke against this place and its people—that they would become a ruin and a curse—and tore your clothes and wept before me, I too have heard you, declares the Father. Akoz kè ou te vin mou e ou te imilye ou devan SENYÈ a lè ou te tande sa Mwen te pale kont plas sa a ak kont sila ki rete ladann yo, pou yo ta devni yon dezolasyon ak yon malediksyon, epi akoz ou te chire rad ou e te kriye devan Mwen, anverite, Mwen te tande ou,’ deklare SENYÈ a.
20 So I will gather you to your ancestors; you will be gathered to your grave in peace, your eyes not seeing all the disaster I will bring on this place." Then they brought her answer back to the king. Pou sa, byen gade, Mwen va ranmase ou a zansèt pa ou yo e ou va ranmase rive nan tonm pa ou a anpè. Zye ou p ap wè tout mal ke Mwen va mennen sou plas sa a.” Konsa, yo te mennen pote pawòl la bay wa a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]