Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Kings 23 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then the king sent word, and they gathered to him all the elders of Judah and Jerusalem. Alò wa a te voye rasanble vè li menm tout ansyen Juda ak Jérusalem yo.
2 The king went up to the house of our Father with all Judah and everyone living in Jerusalem—the priests, the prophets, and all the people, least to greatest. In their hearing he read every word of the Book of the Covenant found in the house of our Father. Wa a te monte kote kay SENYÈ a ak tout mesye Juda yo, tout moun ki te rete Jérusalem avèk li yo, prèt yo ak pwofèt yo ak tout pèp la, ni gran, ni piti; epi li te li nan zòrèy yo, tout pawòl a liv akò a ki te twouve lakay SENYÈ a.
3 The king stood by the pillar and made a covenant before our Father: to follow him and keep his commandments, testimonies, and statutes with all his heart and soul, carrying out the covenant words written in this book. And all the people joined the covenant. Wa a te kanpe akote pilye a pou te fè yon akò devan SENYÈ a, pou mache apre SENYÈ a, pou kenbe kòmandman avèk temwayaj li yo avèk règleman li yo avèk tout kè li ak tout nanm li, pou akonpli pawòl akò a ki te ekri nan liv sa a. Epi tout pèp la te antre nan akò a.
4 The king ordered Hilkiah the high priest, the priests next in rank, and the doorkeepers to remove from our Father's temple all the objects made for Baal, Asherah, and the whole host of heaven. He burned them outside Jerusalem in the Kidron fields and carried their ashes to Bethel. Konsa, wa a te kòmande Hilkija, wo prèt la e prèt a dezyèm lòd yo avèk gadyen pòtay yo pou mennen fè sòti deyò nan tanp SENYÈ a tout veso ki te fèt pou Baal yo, pou Astarté ak pou tout lame syèl la. Konsa, li te brile yo deyò Jérusalem nan chan Cédron an e li te pote sann yo jis rive Béthel.
5 He removed the idolatrous priests the kings of Judah had appointed to burn incense at the high places in Judah's cities and around Jerusalem, and those burning incense to Baal, the sun, moon, constellations, and all the host of heaven. Li te mete deyò tout prèt zidòl ke wa Juda yo te chwazi pou brile lansan nan wo plas yo nan vil Juda yo ak nan andwa Jérusalem yo. Anplis, sila ki te brile lansan a Baal yo, a solèy la, lalin nan, avèk tout gwoup zetwal yo ak tout lame syèl yo.
6 He brought out the Asherah pole from the house of our Father to the Kidron Valley outside Jerusalem, burned it, ground it to dust, and scattered the dust on the graves of common people. Li te fè mete deyò Astarté la soti lakay SENYÈ a rive Jérusalem nan flèv Cédron an, li te moulen l an poud nèt e li te jete pousyè a nan simityè a pèp la.
7 He tore down the male shrine prostitutes' quarters in the house of our Father, where the women wove hangings for the Asherah. Osi, li te kraze kay mal pwostitiye sakre ki te lakay SENYÈ a, kote fanm t ap trese bagay yo kwoke pou Astarté yo.
8 He brought all the priests from Judah's cities and made unclean the high places where the priests had burned incense, from Geba to Beersheba. He tore down the high places at the gates—at the entrance of the Gate of Joshua the city governor, left of the city gate. Epi li te mennen tout prèt yo soti nan tout vil Juda yo, e li te souye wo plas kote prèt yo te konn brile lansan yo, soti Guéba jis rive Beer-Schéba. Li te kraze wo plas pòtay ki te nan antre pòtay Josué a, majistra vil la, ki te bò kote goch pòtay lavil la.
9 Yet the priests of the high places did not come up to the altar of our Father in Jerusalem, though eating bread without yeast among their fellow priests. Sepandan, prèt wo plas yo pa t monte nan lotèl SENYÈ a Jérusalem, men yo te manje pen san ledven pami frè yo.
10 He made Topheth unclean, in the Valley of Ben Hinnom, so no one could pass his son or daughter through the fire to Molech. Anplis, li te souye Topheth, ki nan vale fis Hinnom an, pou pèsòn pa t kab fè fis li oswa fi li pase nan dife Moloc la.
11 He removed the horses the kings of Judah had dedicated to the sun, at the entrance to the house of our Father, near the chamber of Nathan-Melech the official in the precincts. He burned the chariots of the sun with fire. Li te retire cheval ke wa a Juda yo te konn bay a solèy la, kote antre kay SENYÈ a, kote chanm Nethan-Mélec la, ofisye a, ki te nan pwovens yo e li te brile cha solèy yo avèk dife.
12 The altars on the roof of Ahaz's upper chamber, which Judah's kings had made, and the altars Manasseh made in the two courts of the house of our Father, the king tore down; he smashed them there and threw their dust into the Kidron Valley. Lotèl ki te sou twati yo, nan wo chanm Achaz ke wa Juda yo te fè a ak lotèl ke Manassé te fè nan de lakou lakay SENYÈ a, wa a te kraze yo. Li te kraze yo e li te jete poud yo nan flèv Cédron an.
13 The king made unclean the high places east of Jerusalem, south of the Mount of Corruption, which Solomon king of Israel had built for Ashtoreth, detestable idol of the Sidonians, for Chemosh, detestable idol of Moab, and for Milcom, detestable idol of the Ammonites. Wo plas ki te devan Jérusalem yo, ki te adwat mòn pèdisyon ke Salomon te bati pou Astarté la, abominasyon a Sidonyen yo, avèk Kemosch, abominasyon a fis Ammon yo, wa a te souye yo.
14 He smashed the sacred pillars, cut down the Asherah poles, and filled their sites with human bones. Li te kraze an mòso pilye sakre yo, li te koupe Astarté yo e li te plen plas yo avèk zo moun.
15 Even the Bethel altar—the high place Jeroboam son of Nebat made, who led Israel into sin—that altar and high place he tore down, burned the high place, ground it to dust, and burned the Asherah pole. Anplis, lotèl ki te Béthel la avèk wo plas ke Jéroboam, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche a, menm lotèl sila a avèk wo plas la a li te kraze. Epi li te kraze wòch li yo, li te moulen yo jis yo te fè poud e li te brile Astarté la.
16 When Josiah turned and saw the tombs on the hillside, he sent men to take the bones out and burn them on the altar, desecrating it—fulfilling our Father's word that the man of God proclaimed when he predicted these things. Alò, lè Josias te vire gade, li te wè tout simityè ki te sou mòn nan e li te voye pran zo ki te ladann yo, li te brile yo sou lotèl la e te souye li pa pawòl SENYÈ a, ke nonm Bondye a te pwoklame a, sila ki te pwoklame bagay sa yo.
17 He asked, "What monument do I see?" The city's men said, "The tomb of the man of God who came from Judah and proclaimed against Bethel's altar the very things you did." Alò, li te di: “Se ki moniman sa a ke m wè la a?” Epi mesye lavil yo te di l: “Li se tonm a nonm Bondye ki te sòti Juda a pou te pwoklame bagay sa yo ke ou te fè kont lotèl Béthel la.”
18 "Leave it alone," he said. "Let no one move his bones." So they left his bones alone, with the bones of the prophet who came from Samaria. Li te di: “Lese li; pa kite pèsòn deranje zo li.” Konsa, yo te kite zo li yo san deranje avèk zo a pwofèt ki te sòti Samarie a.
19 Josiah also removed all the high-place shrines in the towns of Samaria, which Israel's kings had built to provoke our Father to anger; he did to them as he had done at Bethel. Anplis, Josias te retire tout kay nan wo plas ki te nan vil Samarie yo, ke wa Israël la te fè pou te pwovoke SENYÈ a, epi li te fè a yo menm sa ke li te fè Béthel la.
20 He slaughtered all the priests of those high places on the altars, burned human bones on them, and returned to Jerusalem. Tout prèt a wo plas ki te prezan yo, li te touye yo sou lotèl yo, e li te brile zo moun yo sou yo. Konsa, li te retounen Jérusalem.
21 Then the king ordered all the people, "Celebrate the Passover to your Father, as written in this Book of the Covenant." Wa a te kòmande tout pèp la. Li te di: “Selebre fèt Pak SENYÈ a, Bondye nou an, jan sa ekri nan liv akò sila a.”
22 No such Passover had been kept since the days of the judges who led Israel, nor in all the days of Israel's and Judah's kings. Anverite, yon Pak tankou sila a pa t selebre depi nan jou a jij ki te jije Israël yo, ni nan tout jou a wa Israël yo avèk wa Juda yo.
23 But in the eighteenth year of King Josiah, this Passover was kept to our Father in Jerusalem. Men nan di-zuityèm ane a Wa Josias la, Pak sila a te obsève Jérusalem.
24 Josiah also removed the mediums, spiritists, household gods, idols, and all the detestable things seen in Judah and Jerusalem—fulfilling the words of the law written in the book Hilkiah the priest found in the house of our Father. Anplis, Josias te retire moun ki te konn rele lespri mò yo, avèk bòkò avèk zidòl lakay yo ak tout lòt zidòl avèk tout abominasyon ki te konn wè nan tout peyi Juda a avèk Jérusalem, pou li ta kapab konfime pawòl lalwa ki te ekri nan liv ke Hilkija, prèt la, te twouve lakay SENYÈ a.
25 No king before or after Josiah turned to our Father like him—with all his heart, all his soul, all his strength, following all the law of Moses. Avan li, pa t gen wa tankou li ki te vire vè SENYÈ a avèk tout kè li, avèk tout nanm li e avèk tout fòs li, selon lalwa Moïse la. Ni pa t gen okenn moun tankou li ki te leve apre li.
26 Still, our Father did not turn from his great, fierce, burning anger against Judah, because of all Manasseh had done to provoke him. Malgre sa, SENYÈ a pa t kite chalè gran kòlè Li ki te brile kont Juda, akoz tout pwovokasyon avèk sila Manassé te pwovoke Li yo.
27 For our Father had said, "I will remove Judah from my presence too, as I removed Israel, and reject this city I chose, Jerusalem, and the house of which I said, My name will be there." SENYÈ a te di: “Mwen va retire Juda tou devan zye Mwen, jan mwen te retire Israël la. Mwen va voye jete Jérusalem, vil sila ke M te chwazi a ak tanp sou sila Mwen te di: ‘Non Mwen va la a.’”
28 The rest of Josiah's acts, and all he did—are they not written in the book of the annals of the kings of Judah? Alò, tout lòt zèv a Josias yo, avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?
29 In his days Pharaoh Necho of Egypt marched up to help Assyria's king at the Euphrates. King Josiah went to meet him, but Necho killed him at Megiddo on sight. Nan jou pa li yo, Farawon Néco, wa Égypte la, te monte kont wa Assyrie a nan Rivyè Euphrate la e Wa Josias te ale rankontre li. Epi lè Néco te wè l, li te touye li Méguiddo.
30 His servants carried his body by chariot from Megiddo to Jerusalem and buried him in his own tomb. Then the people of the land took Jehoahaz son of Josiah, anointed him, and made him king in place of his father. Sèvitè li yo te kondwi kadav li a nan yon cha soti Méguiddo pou te mennen li rive Jérusalem, e yo te antere li nan pwòp tonm pa li. Konsa, pèp peyi a te pran Joachaz, fis a Josias la, yo te onksyone li, e yo te fè l wa nan plas papa li.
31 Jehoahaz was twenty-three when he became king, and reigned three months in Jerusalem. His mother was Hamutal daughter of Jeremiah, from Libnah. Joachaz te gen laj a venn-twazan lè l te devni wa a e li te renye twa mwa Jérusalem. Manman li te rele Hamuthal, fi a Jérémie an nan Libna.
32 And he did evil in the sight of our Father, just as his fathers had done. Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke zansèt li yo te fè.
33 Pharaoh Necho chained him at Riblah in the land of Hamath, so he could not reign in Jerusalem, and fined the land about four tons of silver and about seventy-five pounds of gold. Farawon Néco te fèmen li nan prizon nan Ribla nan peyi Hamath pou li pa renye Jérusalem, epi li te enpoze sou peyi a yon amann san talan ajan avèk yon talan lò.
34 Pharaoh Necho made Josiah's son Eliakim king in place of his father and renamed him Jehoiakim. He took Jehoahaz to Egypt, where he died. Farawon Néco te fè Éliakim, fis a Josias la wa nan plas Josias, papa li e te chanje non li an Jojakim. Men li te mennen Joachaz sòti. Li te mennen li an Égypte e li te mouri la.
35 Jehoiakim paid the silver and gold to Pharaoh, but taxed the land to meet Pharaoh's demand. He exacted silver and gold from the people of the land, each by his assessment, to give to Pharaoh Necho. Konsa, Jojakim te bay ajan avèk lò a Farawon, men li te egzije kontribisyon sou peyi a pou l ta kab bay lajan lè Farawon te mande li. Li te egzije ajan avèk lò a soti nan pèp peyi a, chak moun selon kalkil valè pa li, pou vèse bay a Farawon Néco.
36 Jehoiakim was twenty-five when he became king, and he reigned eleven years in Jerusalem. His mother was Zebidah daughter of Pedaiah, from Rumah. Jojakim te gen laj venn-senkan lè l te devni wa a, e li te renye onzan Jérusalem. Non manman li te Zébudda, fi a Pedaja a nan Ruma.
37 And he did evil in the sight of our Father, just as his fathers had done. Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa zansèt li yo te konn fè yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]