Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Kings 24 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Under Jehoiakim, Nebuchadnezzar king of Babylon attacked the land; Jehoiakim served him three years, then turned and rebelled against him. Nan jou pa li yo, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte e Jojakim te vin sèvitè li pandan twazan. Epi, konsa, li te vire fè rebèl kont li.
2 Then our Father sent Babylonian, Aramean, Moabite, and Ammonite raiders against him; he sent them against Judah to destroy it, just as our Father had said through his servants the prophets. SENYÈ a te voye kont li twoup a Kaldeyen yo, twoup a Siryen yo, twoup Moabit yo ak twoup Amonit yo. Li te voye yo kont Juda pou detwi li, selon pawòl ke SENYÈ a te pale pa sèvitè li yo, pwofèt yo.
3 This happened to Judah at our Father's command, to remove them from his presence for Manasseh's sins—all he had done, Anverite, sou kòmand SENYÈ a, li te rive Juda, pou retire yo devan zye Li akoz peche a Manassé yo selon tout sa ke li te fè yo,
4 and also for the innocent blood he shed, for he had filled Jerusalem with innocent blood that our Father would not forgive. anplis, ak san inosan li te vèse yo. Paske li te ranpli Jérusalem avèk san inosan e SENYÈ a pa t padone sa.
5 The rest of Jehoiakim's acts, all he did, aren't they written in the annals of Judah's kings? Alò, tout lòt zèv a Jojakim yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?
6 So Jehoiakim rested with his ancestors, and Jehoiachin his son became king in his place. Konsa, Jojakim te dòmi avèk papa zansèt li yo e Jojakin, fis li a, te vin wa nan plas li.
7 Egypt's king did not leave his land again, for Babylon's king had taken all of Egypt's territory, from Egypt's Brook to the Euphrates River. Wa Égypte la pa t sòti nan peyi li ankò, paske wa Babylone nan te kaptire tout sa ki te pou wa Égypte la soti nan flèv Égypte la jis rive nan Rivyè Euphrate la.
8 Jehoiachin was eighteen when he became king, and he reigned three months in Jerusalem; his mother was Nehushta, daughter of Elnathan, from Jerusalem. Jojakin te gen di-zuit ane lè li te devni wa e li te renye twa mwa Jérusalem. Non manman li se te Néhuschtha, fi a Elnathan an Jérusalem.
9 He did what was evil in the eyes of our Father, just as his father had done. Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, selon tout sa ke papa li te konn fè yo.
10 At that time, Nebuchadnezzar king of Babylon's servants marched to Jerusalem, and the city came under siege. Nan tan sa a, sèvitè a wa Babylone yo te monte Jérusalem e vil la te antre anba syèj.
11 Nebuchadnezzar king of Babylon himself came against the city while his servants were besieging it. Epi Nebucadnetsar, wa Babylone nan te rive nan vil la pandan sèvitè li yo t ap fè syèj li.
12 Jehoiachin king of Judah went out to Babylon's king—he, his mother, his servants, his officials, and his court attendants—and Babylon's king took him captive, in his reign's eighth year. Jojakin, wa Juda a, te sòti kote wa a Babylone nan, li menm avèk manman li, sèvitè li yo avèk kapitèn li yo ak ofisye li yo. Konsa, wa a Babylone nan te pran li an kaptivite nan uityèm ane règn pa li a.
13 He carried off from there all the treasures of our Father's house and of the royal palace, and cut up all gold vessels Solomon king of Israel made for the temple, as our Father said. Li te pote fè sòti depi la, tout trezò lakay SENYÈ a ak trezò lakay wa a. Li te koupe an mòso tout veso lò ke Salomon, wa Israël la, te fè nan tanp SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te di a.
14 He exiled all Jerusalem: all officials, all mighty warriors—10,000 captives—and all craftsmen and smiths. Only the land's poorest remained. Konsa, li te mennen an egzil tout Jérusalem avèk tout kapitèn ak tout moun avèk gwo kouraj yo; di-mil kaptif, avèk tout mèt ouvriye ak tout sila ki konn fòme oswa fonn metal yo.
15 He exiled Jehoiachin to Babylon with the king's mother, wives, officials, and the land's leading men, taking them from Jerusalem to Babylon. Konsa, li te mennen Jokajin sòti an egzil Babylone, anplis, manman a wa a avèk madanm li yo, ofisye li yo ak tout mesye ki te chèf dirijan peyi yo. Li te mennen yo ale an egzil soti Jérusalem jis rive Babylone.
16 The king of Babylon exiled to Babylon all 7,000 fighting men, 1,000 craftsmen and smiths, all strong, fit for war. Tout mesye gwo kouraj ak pwisans yo, sèt-mil, mèt ouvriye yo, mil, tout te plen avèk fòs e pare pou fè lagè. Tout sila yo, wa Babylone nan te mennen an egzil Babylone.
17 The king of Babylon made Jehoiachin's uncle Mattaniah king in his place, renaming him Zedekiah. Epi wa Babylone nan te fè tonton Jokajin nan, Matthania, wa nan plas li e li te chanje non li an Sédécias.
18 Zedekiah became king at twenty-one and reigned eleven years in Jerusalem; his mother was Hamutal daughter of Jeremiah of Libnah. Sédécias te gen laj a venteyen ane lè l te devni wa a, e li te renye pandan onzan Jérusalem. Non manman li se te Hamuthal, fis a Jérémie an nan Libna.
19 He did what was evil in the eyes of our Father, just as Jehoiakim had done. Li te fè mal nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke Jojakim te konn fè yo.
20 Because of our Father's anger, all this happened in Jerusalem and Judah, until he cast them from his presence. Then Zedekiah rebelled against Babylon's king. Paske akoz kòlè SENYÈ a, tout sa te rive Jérusalem avèk Juda jiskaske Li te jete yo deyò prezans Li. Epi Sédécias te fè rebèl kont wa Babylone nan.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]