Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Kings 25 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In Zedekiah's ninth year, the tenth day of the tenth month, Nebuchadnezzar king of Babylon marched on Jerusalem with his whole army, camped outside, and built a siege wall around it. Alò nan nevyèm ane règn li an, nan dizyèm jou ak nan dezyèm mwa a, Nebucadnetsar, wa Babylone nan te vini. Li menm avèk tout lame li te fè kan kont Jérusalem, e li te bati yon miray syèj ki te antoure li.
2 So the city remained under siege until the eleventh year of King Zedekiah. Konsa, vil la te anba syèj jis rive nan onzyèm ane a Wa Sédécias la.
3 By the ninth day of the fourth month the city's famine was so severe the people of the land had no food. Nan nevyèm jou ak nan katriyèm mwa a, grangou te tèlman rèd nan vil la ke pa t gen manje pou pèp peyi a.
4 The city wall was broken through, and though the Babylonians surrounded it, all the soldiers fled by night through the gate between the two walls by the king's garden, toward the Arabah. Konsa, yo te kase vil la antre e tout mesye lagè yo te sove ale nan nwit lan pa pòtay antre de mi yo akote jaden a wa a, malgre Kaldeyen yo te antoure tout vil la. Konsa, yo te sòti pa chemen dezè a.
5 Babylonian army chased the king, caught him on Jericho's plains, and all his troops scattered from him. Men lame Kaldeyen yo te kouri dèyè wa a. Yo te rive pran li nan plèn Jéricho a, e tout lame li a te gaye kite li.
6 They seized the king, brought him up to Babylon's king at Riblah, and sentenced him. Yo te kaptire wa a e yo te mennen li kote wa Babylone nan Ribla e yo te pase jijman sou li.
7 They killed Zedekiah's sons before his eyes, blinded him, bound him in bronze shackles, and took him to Babylon. Yo te touye fis a Sédécias yo devan zye li, yo te pete zye a Sédécias, yo te mare l avèk chenn an bwonz yo, e yo te mennen li Babylone.
8 In the fifth month, on the seventh day—the nineteenth year of Nebuchadnezzar king of Babylon—Nebuzaradan, commander of the guard, servant of the king of Babylon, came to Jerusalem. Alò, nan setyèm jou ak nan senkyèm mwa a, ki se te diznevyèm ane Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Nebuzaradan, kapitèn gad yo, yon sèvitè a wa Babylone nan, te rive Jérusalem.
9 He burned the house of our Father, the king's palace, and all Jerusalem's houses; every great house he burned. Li te brile lakay SENYÈ a, lakay wa a ak tout kay Jérusalem yo. Menm tout gwo kay yo, li te brile yo avèk dife.
10 And the whole Babylonian army under the commander of the guard broke down the walls surrounding Jerusalem. Epi tout lame Kaldeyen yo ki te avèk kapitèn gad la te kraze, chire, tout mi ki te antoure Jérusalem yo.
11 Nebuzaradan, commander of the guard, exiled the rest of the people left in the city, the deserters who had gone over to Babylon's king, and the rest of the crowd. Epi tout rès nan moun ki te kite lavil yo, sila ki te dezète al jwenn wa Babylone nan e tout rès pèp la ki te rete, Nébuzaraden, kapitèn gad la, te pote yo ale an egzil.
12 But the guard commander left some of the land's poorest to tend the vineyards and fields. Men kapitèn gad la te kite kèk moun pami pi malere yo pou sèvi kòm ouvriye nan chan rezen yo ak pou raboure tè a.
13 The Babylonians broke to pieces the bronze pillars, the movable stands, and the bronze Sea of our Father's house that were there, and carried the bronze to Babylon. Alò, pilye an bwonz ki te lakay SENYÈ yo ak baz avèk lanmè an bwonz ki te lakay SENYÈ a, Kaldeyen yo te kase yo an mòso e te pote bwonz lan Babylone.
14 They also took the pots, shovels, wick trimmers, dishes, and all the bronze temple service articles. Yo te retire po yo, pèl yo, etennwa yo, kiyè yo ak tout veso an bwonz ki te konn sèvi nan sèvis tanp lan.
15 The guard commander took the firepans and the sprinkling bowls, all of pure gold and pure silver. Kòmandan gad la, anplis, te pran tout plato pou resevwa sann yo, avèk basen yo, sila ki te an lò fen ak sila ki te an ajan fen yo.
16 The two pillars, the Sea, and the movable stands Solomon made for our Father's house—the bronze of all these was beyond weighing. De pilye yo, yon sèl lanmè a ak baz ke Salomon te fè pou lakay SENYÈ a, bwonz nan veso sila yo te depase kapasite pou peze.
17 Each pillar stood twenty-seven feet high, topped by a bronze capital four and a half feet high, ringed with a bronze network of pomegranates. The second pillar matched, with its network. Wotè a yon pilye te di-zuit koude e yon tèt an bwonz te sou li. Wotè a tèt an bwonz lan te twa koude, avèk yon griyaj ak grenad ki te antoure li an bwonz. Epi dezyèm pilye a te tankou sila yo avèk yon sistèm griyaj.
18 The guard commander took Seraiah the chief priest, Zephaniah the second priest, and the three doorkeepers. Alò, kapitèn gad la te pran Seraja, wo prèt la, avèk Sophonie, dezyèm prèt la, avèk twa ofisye a tanp lan.
19 From the city he took the officer over the fighting men, five royal advisers found there, the army commander's secretary who conscripted the land's people, and sixty commoners found in the city. Depi nan vil la, li te pran yon ofisye ki te chèf mesye lagè yo ak senk nan konseye a wa yo ki te twouve nan vil la; epi grefye a kapitèn lame ki te responsab anrejistre moun nan peyi a; epi swasant moun nan pèp peyi a te twouve nan vil la.
20 Nebuzaradan, commander of the guard, took them to the king of Babylon at Riblah. Nebuzaradan, kapitèn gad la, te pran yo pou te mennen yo kote wa Babylone nan Ribla.
21 There at Riblah in Hamath, Babylon's king struck and killed them. So Judah was exiled from its land. Alò, wa Babylone nan te frape yo e te mete yo a lanmò nan Ribla nan peyi Hamath. Konsa, Juda te mennen an egzil soti nan peyi li.
22 Nebuchadnezzar king of Babylon made Gedaliah son of Ahikam, son of Shaphan, governor over the people left in Judah. Alò, moun ki te rete nan peyi Juda yo, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te kite, li te chwazi Guedalia, fis a Achikam nan, fis a Schaphan an sou yo.
23 When all the army officers and their men heard Babylon's king had made Gedaliah governor, they came to him at Mizpah: Ishmael son of Nethaniah, Johanan son of Kareah, Seraiah son of Tanhumeth the Netophathite, and Jaazaniah the Maacathite's son, with their men. Lè tout kapitèn yo avèk sòlda pa yo te tande ke wa Babylone nan te chwazi Guedalia kòm gouvènè, yo te vin kote Guedalia nan Mitspa; pa non, Ismaël fis a Nethania a, avèk Jochanan, fis a Karéach la, Seraja, fis a Thanhumeth la, Netofayit la, avèk Jaazania, fis a Maakatyen an, yo menm avèk mesye pa yo.
24 Gedaliah swore to them and their men, "Don't fear the Babylonian officials. Live in the land, serve the king of Babylon, and it will go well for you." Guedalia te sèmante a yo avèk mesye pa yo a, e te di yo: “Pa pè vin sèvitè a Kaldeyen yo. Viv nan peyi a, sèvi wa Babylone nan e sa va ale byen pou nou.”
25 In the seventh month Ishmael son of Nethaniah, son of Elishama, of royal descent, came with ten men and struck down Gedaliah, killing him along with the Judeans and Babylonians with him at Mizpah. Men li te vin rive nan setyèm mwa a, ke Ismaël, fis a Nethania yo, fis a Élischama yo nan fanmi wayal la, te rive avèk dis òm pou te frape Guedalia e li te mouri ansanm avèk Jwif ak Kaldeyen ki te avèk li nan Mitspa yo.
26 So all the people, small to great, and army officers fled to Egypt, fearing the Babylonians. Alò, tout pèp la, ni gran ni piti, avèk kapitèn a fòs soulèvman yo te leve ale an Égypte; paske yo te pè Kaldeyen yo.
27 In Jehoiachin of Judah's thirty-seventh year of exile, the year Evil-merodach became king of Babylon, he favored Jehoiachin and freed him from prison on the twelfth month's twenty-seventh day. Alò, li te vin rive nan trant-setyèm ane an egzil a Jojakin, wa Juda a, nan douzyèm mwa a, nan venn-setyèm jou nan mwa a, ke Évil-Merodac, wa Babylone nan, nan lane ke li te vin wa a, li te lage Jojakin, wa Juda a, soti nan prizon.
28 He spoke kindly to him and gave him a seat above the other kings with him in Babylon. Konsa, li te pale avèk dousè anvè li e li te leve twòn li an piwo pase lòt wa ki te avèk li Babylone yo.
29 Jehoiachin took off his prison clothes and ate at the king's table regularly the rest of his life. Jojakin te chanje rad prizonye li yo, e li te vin pran repa l nan prezans a wa a pandan tout rès jou lavi li.
30 Day by day the king gave him a regular allowance for as long as he lived. Epi pou bous li, yon bous nòmal te bay a li menm pa wa a, yon pòsyon pou chak jou pandan tout jou lavi li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]