Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Solomon began building our Father's house in Jerusalem, on Mount Moriah, where our Father had appeared to his father David, at the site David had prepared on Ornan the Jebusite's threshing floor. Alò, Salomon te kòmanse bati lakay SENYÈ a Jérusalem sou Mòn Moriah, kote SENYÈ a te parèt a papa li a, David, nan plas ke David te prepare sou glasi vannen ki te pou Ornan, Jebizyen an.
2 He began building in the second month, second day, in the fourth year of his reign. Li te kòmanse bati nan dezyèm jou, nan dezyèm mwa nan katriyèm ane règn pa li a.
3 These are the foundations Solomon laid for building the house of our Father: length about ninety feet by the earlier standard, width about thirty feet. Alò, sila yo se fondasyon ke Salomon te poze pou konstriksyon kay Bondye a. Longè a an koude, selon mezi ansyen an te swasant koude e lajè a te ven koude.
4 The portico across the house's front, along the width of the house, was about thirty feet wide; its height was 120 feet. He covered the inside with pure gold. Galri ki te devan kay la te menm longè avèk lajè kay la, ven koude e wotè a san-ven. Pa anndan li te kouvri kay la avèk yon kouch lò pi.
5 He paneled the large room with cypress wood, covered it in fine gold, and added palm trees and chains. Li te kouvri gran chanm nan avèk bwa sipre. Li te fè kouvri li ak lò fen e te dekore li avèk pye palmis avèk chenn.
6 He adorned the house with precious stones for beauty, and the gold was from Parvaim. Anplis, li te dekore kay la avèk pyè presye. Lò a te lò sòti Parvaïm.
7 He covered the house—beams, thresholds, walls, doors—with gold, and carved cherubim on the walls. Anplis, li te kouvri kay la avèk yon kouch lò—travès yo, chanbrann yo, mi li yo, avèk pòtay li yo, epi li te grave cheriben yo sou mi yo.
8 He made the Most Holy Place, its length matching the house's width—about thirty feet—and its width also thirty feet. He overlaid it with about twenty-three tons of fine gold. Alò, li te fè chanm ki pi sen pase tout lòt yo. Longè li ki te travèse lajè kay la, te ven koude, e lajè li te ven koude. Li te kouvri li avèk lò fen, ki te rive jis nan sis-san talan lò.
9 Nails weighed about twenty ounces of gold; he covered the upper rooms with gold. Pwa a klou yo te senkant sik an lò. Anplis, li te kouvri chanm anlè yo avèk lò.
10 In the Most Holy Place he made two carved cherubim, gilded them. Li te fè de cheriben skilpte nan chanm ki sen pase tout lòt yo a e li te kouvri yo avèk lò.
11 Together the cherubim's wings spanned about thirty feet: one wing of the first cherub, about seven and a half feet, touched the house wall; its other wing, also about seven and a half feet, touched the second cherub's wing. Distans zèl ouvri pou de cheriben yo te ven koude. Zèl a youn te fè senk koude pou touche mi kay la e lòt zèl la senk koude te touche pwent zèl a lòt cheriben an.
12 The second cherub's wing, about seven and a half feet, touched the house wall; its other wing, also about seven and a half feet, joined the first cherub's wing. Zèl a lòt cheriben an, a senk koude, te touche mi kay la, epi lòt zèl senk koude a te tache a zèl premye cheriben an.
13 The wings of these cherubim spread about thirty feet; they stood on their feet, facing the main hall. Zèl a cheriben sila yo te lonje pou ven koude, e yo te kanpe sou pye yo avèk fas yo vè gran chanm nan.
14 He made the curtain of blue, purple, and crimson yarn and fine linen, with cherubim woven into it. Li te fè vwal la avèk len vyolèt, mov, wouj, e li te fè desen cheriben yo sou li.
15 In front of the house he made two pillars, each about fifty-three feet tall, topped with a capital about seven and a half feet high. Anplis, li te fè de pilye pou devan kay la, trann-senk koude nan wotè e tèt anlè a sou chak te senk koude.
16 He made chains like a necklace, put them atop the pillars, made one hundred pomegranates, and fastened them to the chains. Li te fè chenn nan sanktyè enteryè a. Li te plase yo sou tèt pilye yo. Li te fè san grenad e te mete yo sou chenn yo.
17 He set up the pillars in front of the temple, one to the right, one to the left, naming the right one Jachin and the left one Boaz. Li te leve pilye yo pa devan tanp lan, youn adwat e lòt la agoch, epi li te rele sila adwat la Jakin e sila agoch la Boaz.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]