Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Solomon resolved to build a house for our Father's name, and a royal palace for himself. Alò, Salomon te deside bati yon kay pou non SENYÈ a ak yon palè wayal pou pwòp tèt li.
2 Solomon assigned 70,000 carriers, 80,000 stonecutters in the mountains, and 3,600 overseers over them. Pou sa, Salomon te chwazi swasann-di-mil mesye pou pote chaj, katreven-mil mesye pou taye wòch nan mòn yo, e twa-mil-sis-san pou sipèvize.
3 Solomon sent to Huram king of Tyre: "Deal with me as you did with my father David, sending him cedar to build his house to live in. Salomon te voye kote Huram, wa Tyr la. Li te di: “Jan ou te aji avèk David la, papa m nan, Ou te voye ba li bwa sèd pou bati yon kay pou li ta rete ladann. Konsa, fè sa pou mwen.
4 I am building a house for the name of my Father, to dedicate it to him—to burn fragrant incense before him, set out the bread of the Presence continually, offer burnt offerings morning and evening, on sabbaths, new moons, and appointed feasts of our Father. Israel must do this forever. Gade byen, mwen prè pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye a, pou l dedye a Li menm, pou brile lansan santi bon devan L, pou plase pen konsakre tout tan e pou ofri ofrann brile ni nan maten, ni nan aswè, nan Saba avèk nouvèl lin ak nan fèt etabli a SENYÈ a, Bondye nou an, sila kòm egzije jis pou tout tan an Israël.
5 The house I am building will be great, for our Father is greater than all gods. “Kay ke m prè pou bati a va tèlman gran; paske pi gran se Bondye pa nou an, ke tout lòt dye yo.
6 But who can build him a house, when heaven and the highest heavens cannot contain him? And who am I to build him one, except to burn sacrifices before him? Men se kilès ki kab bati yon kay pou Li, paske syèl yo avèk pi wo syèl yo pa kab kenbe Li? Pou sa, se kilès mwen ye, pou mwen ta dwe bati yon kay pou Li, sof ke pou brile lansan devan L.
7 Now send me a craftsman skilled in gold, silver, bronze, iron, purple, crimson, and blue yarn, and in engraving, to work with my skilled workers in Judah and Jerusalem, whom my father David provided. “Alò, voye ban mwen yon nonm abil pou travay an lò, ajan, bwonz, fè ak an twal mov, kramwazi, avèk vyolèt e yon nonm ki konn grave, pou travay avèk mesye kapab ke m genyen Juda avèk Jérusalem, ke papa m, David te chwazi yo.
8 Send me also cedar, cypress, and red sandalwood from Lebanon, for I know your servants skillfully cut Lebanon's timber; my servants will join yours. “Anplis, voye ban mwen bwa sèd, bwa sipre, avèk bwa sandal; twòn yo k ap sòti nan Liban, paske mwen konnen ke sèvitè ou yo konnen jan pou yo koupe bwa Liban yo. Èpi anverite, sèvitè mwen yo va travay avèk sèvitè pa w yo,
9 Prepare plenty of timber for me, for the house I am building will be great and wonderful. pou prepare bwa konstriksyon pou mwen an gran kantite. Pwiske kay ke mwen prè pou bati a va yon gran mèvèy.
10 For your servants who cut the timber I will give about 125,000 bushels of crushed wheat, 125,000 of barley, 115,000 gallons of wine, and 115,000 of oil." Alò, gade byen, mwen va bay a sèvitè ou yo, mesye forè ki koupe bwa konstriksyon yo, ven-mil barik ble kraze ven-mil barik lòj, ven-mil galon diven avèk ven-mil galon lwil.”
11 Huram king of Tyre wrote Solomon: "Because the LORD loves his people, he made you their king." Huram, wa Tyr la, te reponn nan yon lèt voye bay Salomon: “Akoz SENYÈ a renmen pèp Li a, Li te fè ou wa sou yo.”
12 Huram said: "Blessed be the LORD, God of Israel, maker of heaven and earth! He gave King David a wise son with insight and understanding, to build a house for the LORD and a royal palace for himself. Konsa, Huram te kontinye: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te fè syèl la avèk tè a, ki te bay Wa David yon fis ki saj, plen avèk pridans, avèk bon konprann, ki va bati yon kay pou SENYÈ a, avèk yon palè wayal pou li menm.
13 Now I am sending you a skilled craftsman, gifted with understanding, Huram-abi, “Alò, mwen ap voye Huramabi, yon nonm abil avèk anpil bon konprann,
14 son of a woman of Dan's daughters, his father a man of Tyre—skilled in gold, silver, bronze, iron, stone, wood, purple, blue, and crimson yarn, and fine linen. He can do any engraving and carry out any design assigned to him, working with your craftsmen and those of my lord David, your father. fis a yon fanm a Dan avèk yon papa a Tyriens, ki konnen jan pou travay an lò, ajan, bwonz, fè, wòch ak bwa; anplis, avèk twal mov, vyolèt, materyo wouj, pou fè tout kalite bagay grave yo, pou swiv nenpòt plan ke li resevwa, pou travay avèk mesye a kapasite pa w yo, avèk sila a mèt mwen, ak papa ou, David.
15 So let my lord send his servants the wheat, barley, oil, and wine he promised, “Alò, pou sa, kite mèt mwen an voye kote sèvitè li yo ble avèk lòj, lwil ak diven sou sa li te pale yo.
16 and we'll cut all the timber you need from Lebanon, float it to you as rafts by sea to Joppa, and you can haul it up to Jerusalem." Nou va koupe nenpòt bwa konstriksyon ke ou bezwen soti nan Liban pou pote ba ou ranje mare ansanm sou lanmè pou rive Japho, pou ou kab pote l monte Jérusalem.”
17 Solomon counted all the foreigners residing in the land of Israel, as his father David had; they numbered 153,600. Salomon te fè kontwòl a tout etranje ki te nan peyi Israël yo, pou swiv gran kontwòl ke papa li, David te fè a; epi yo te jwenn san-senkant-twa-mil-sis-san moun.
18 He assigned 70,000 as carriers, 80,000 as stonecutters in the mountains, and 3,600 as overseers to keep the people working. Li te chwazi swasann-di-mil nan yo pou pote chaj yo, katreven mil nan yo pou taye wòch nan mòn yo e twa-mil-sis-san sipèvizè pou fè moun yo travay.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]