Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Chronicles 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Solomon son of David strengthened his hold on his kingdom; our Father was with him, making him very great. Alò Salomon, fis a David la te etabli li menm byen solid sou wayòm li an. SENYÈ a, Bondye li a, te avèk li e Li te egzalte li anpil.
2 Solomon spoke to all Israel—the commanders of thousands and hundreds, the judges, and every leader in Israel, the family heads. Salomon te pale a tout Israël, a kòmandan a dè milye yo e dè santèn yo, a jij yo e tout moun nan sila ki t ap dirije nan tout Israël yo, chèf lakay zansèt pa yo.
3 Solomon and the whole assembly went to the high place at Gibeon, where our Father's tent of meeting stood, which Moses, our Father's servant, made in the wilderness. Konsa, Salomon avèk tout asanble a avèk li menm te monte nan wo plas ki te Gabaon an; paske tant asanble a Bondye ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te fè nan dezè a, te la.
4 But David had brought the ark of our Father up from Kiriath-jearim to the place he prepared for it, pitching a tent for it in Jerusalem. Sepandan, David te gen tan mennen fè monte lach Bondye a soti Kirjath-Jearim nan plas li te prepare pou li. Paske li te fè monte yon tant pou li Jérusalem.
5 The bronze altar Bezalel son of Uri, son of Hur, made was there before the tabernacle of our Father; so Solomon and the assembly sought our Father there. Alò, lotèl an bwonz ke Betsaleel, fis a Uri a, te fè a te la devan tabènak SENYÈ a, e Salomon avèk asanble a te chache jwenn li.
6 Solomon went up to the bronze altar before our Father at the tent of meeting and offered 1,000 burnt offerings on it. Salomon te monte la devan SENYÈ a kote lotèl an bwonz nan tant asanble a, e li te ofri yon mil ofrann brile sou li.
7 That night our Father appeared to Solomon and said to him, "Ask what I should give you." Nan lannwit, Bondye te parèt a Salomon. Li te di l: “Mande M sa pou M ta ba ou.”
8 Solomon said to our Father, "You showed great covenant love to David my father, and made me king in his place. Salomon te reponn a Bondye: “Ou te aji avèk papa m David avèk anpil lanmou dous, e Ou te fè m wa nan plas li.
9 Now, my Father, confirm your promise to my father David, for you made me king over a people as many as the earth's dust. Koulye a, O SENYÈ Bondye, Sa Ou te pwomèt a papa m nan, David, akonpli. Paske Ou te fè m wa sou yon pèp ki gran an kantite tankou pousyè latè.
10 Give me wisdom and knowledge now to lead this people, for who can govern this great people of yours?" Koulye a, ban mwen sajès avèk konesans, pou m kab antre sòti devan pèp sa a, paske se kilès ki kab gouvène gran pèp Ou sa a?”
11 Our Father said to Solomon, "Because this was in your heart—you asked not for riches, wealth, or honor, nor your enemies' lives, nor long life, but for wisdom and knowledge to govern my people, over whom I made you king, Bondye te di a Salomon: “Akoz ou te gen sa nan tèt ou e ou pa t mande richès, ni byen, ni lonè, ni lavi a sila ki rayi ou yo, ni ou pa t menm mande pou yon vi long, men ou te mande pou kont ou sajès pou ou ta kab gouvène pèp Mwen an, sou sila Mwen te fè ou wa a,
12 wisdom and knowledge are given you. I will also give you riches, wealth, and honor no king before you had, and none after you will." sajès avèk konesans gen tan bay a ou menm. Epi Mwen va ba ou richès avèk byen, avèk lonè, tankou okenn nan wa avan ou yo pa t janmen genyen, ni sila ki va swiv ou yo.”
13 So Solomon went from Gibeon's high place, from before the tent of meeting, to Jerusalem, and reigned over Israel. Konsa, Salomon te sòti nan kote wo ki te Gabaon an, li te soti nan tant asanble a, pou rive Jérusalem; e li te renye sou tout Israël.
14 Solomon gathered chariots and horsemen; he had 1,400 chariots and 12,000 horsemen, which he stationed in the chariot cities and with the king in Jerusalem. Salomon te vin gen cha avèk chevalye. Li te gen mil-kat-san cha avèk douz-mil chevalye e li te estasyone yo nan vil cha yo epi ak wa a nan Jérusalem.
15 In Jerusalem the king made silver and gold like stones, and cedar as plentiful as foothill sycamore-figs. Wa a te fè ajan avèk lò vin an kantite Jérusalem, menm jan avèk wòch, e li te fè bwa sèd vin anpil tankou bwa sikomò nan ba plèn nan.
16 Solomon's horses came from Egypt and Kue; the king's traders bought them from Kue at market price. Cheval Salomon yo te enpòte soti an Égypte ak Kue. Komèsan a wa yo te achte yo nan Kue.
17 They imported a chariot from Egypt for about fifteen pounds of silver, a horse for about four; through them they exported these to all the kings of the Hittites and Aram. Yo te enpòte cha yo soti an Égypte pou sis-san sik ajan chak, cheval yo pou san-senkant chak, e pa menm mwayen an, yo te fè distribisyon a tout wa Etyen yo avèk wa Siryen yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]