Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Chronicles 29 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 David the king told the whole assembly: My son Solomon, the one our Father has chosen, is young and inexperienced, and the task is great, for the temple is not for man but for our Father. Epi Wa David te di a tout asanble a: “Fis mwen an, Salomon, ki sèl pou kont li Bondye te chwazi a, toujou jèn, san gwo eksperyans e travay la byen gwo. Paske tanp lan pa pou lòm, men pou SENYÈ a, Bondye a.
2 With all my strength I have provided for my Father's house: gold for the gold, silver for the silver, bronze for the bronze, iron for the iron, wood for the wood; onyx stones and stones for settings, stones of antimony and varied colors, every kind of precious stone, and marble in abundance. Alò, avèk tout kapasite mwen, mwen te fè pwovizyon pou lakay Bondye mwen a; lò, pou bagay fèt an lò yo, ajan pou bagay fèt an ajan yo, bwonz pou bagay fèt an bwonz yo, fè pou bagay fèt an fè yo, bwa pou bagay fèt an bwa yo, pyè oniks pou bagay fèt an pyè oniks yo, pyè byen prezante, pyè briyan avèk anpil koulè ak tout kalite pyè presye avèk mab blan an gran kantite.
3 Because I delight in my Father's house, I give my personal treasure of gold and silver to my Father's house, beyond all I've provided for the holy house: Anplis, nan gran lajwa mwen pou lakay Bondye mwen an, trezò pèsonèl ke mwen gen an lò avèk ajan, mwen bay li a lakay Bondye mwen an; anplis de sou sa ke m te founi deja pou sen tanp lan,
4 about 112 tons of gold, gold of Ophir, and about 262 tons of refined silver, to overlay the buildings' walls. kon swivan: twa mil talan lò nan lò Ophir ak sèt mil talan ajan rafine, pou kouvri mi kay yo;
5 Gold for the gold, silver for the silver, and every task for craftsmen's hands. Now who is willing to dedicate himself today to our Father? lò pou bagay an lò e ajan pou bagay an ajan, sa vle di, pou tout lèv ki fèt pa mèt ouvriye yo. Pou sa, se kilès k ap konsakre li nan jou sa a SENYÈ a?”
6 Then the clan leaders, the tribal leaders of Israel, the commanders of thousands and hundreds, and the officials over the king's work offered willingly. Answit chèf lakay zansèt yo, chèf a tribi Israël yo e kòmandan a dè milye e a dè santèn yo, avèk sipèvizè sou travay a wa a, te bay ofrann avèk bòn volonte;
7 For the service of our Father's house, they gave about 188 tons of gold and 10,000 darics, 375 tons of silver, 675 tons of bronze, and 3,750 tons of iron. epi pou sèvis lakay Bondye a, yo te bay senk-mil talan avèk di-mil kilo an lò, di mil talan ajan, di-zui-mil talan bwonz ak san-mil-talan an fè.
8 Whoever had precious stones gave them to our Father's house treasury, under Jehiel the Gershonite's care. Nenpòt moun ki te posede pyè presye, yo te bay yo a trezò lakay SENYÈ a, sou jerans a Jehiel, Gèshonit lan.
9 The people rejoiced at their willing gifts, offered freely to our Father with a whole heart; King David also rejoiced greatly. Epi pèp la te rejwi paske yo te ofri sa tèlman ak bòn volonte, paske yo te fè ofrann a SENYÈ a avèk tout kè yo, epi Wa David osi te rejwi anpil.
10 So David blessed our Father before the whole assembly. And David said, "Blessed are you, the Father of Israel our father, from everlasting to everlasting. Konsa, David te beni SENYÈ a devan zye a tout asanble a. David te di: “Beni se Ou menm, O SENYÈ a, Bondye Israël la, papa nou, jis pou tout tan e tout tan.
11 Yours, our Father, are the greatness, the power, the glory, the victory, and the majesty—for everything in the heavens and on earth is yours. Yours is the kingdom, our Father; you are lifted up as head over all. A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout .
12 Riches and honor come from you; you rule over all. Power and might are in your hand; it is in your hand to make great and to give strength to all. Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs.
13 And now, our Father, we give thanks to you and praise your glorious name. Koulye a, pou sa, Bondye nou an, nou remèsye Ou, e bay glwa a non Ou ki plen ak glwa a.
14 Who am I, and who are my people, that we could offer so willingly? Everything comes from you—we have only given you what's from your own hand. Men se kilès mwen ye, e kilès pèp mwen an ye, pou nou ta kapab ofri ak jenewozite sa a? Paske tout bagay sòti nan Ou, e nou te bay Ou sa ki deja pa W.
15 We are foreigners and guests before you, as all our ancestors were; our days on earth are like a shadow, with no hope of staying. Paske nou se vwayajè devan Ou, lokatè, tankou tout zansèt nou yo te ye. Jou nou sou latè a se tankou lonbraj e nanpwen espwa.
16 O our Father, all this wealth we gathered to build you a house for your holy name comes from your hand, and all of it is yours. O SENYÈ a, Bondye pa nou an, tout abondans sa ke nou te founi pou bati yon kay pou non sen pa Ou, soti nan men Ou, e tout se pou Ou.
17 I know, my Father, you test the heart and delight in integrity. In my heart's integrity I have freely given all this, and now I see your people found here, giving to you with joy. Mwen konnen tou, O Bondye mwen an, ke Ou fè sonde tout kè, e pran plezi nan ladwati. Pou mwen menm, ak yon kè entèg, mwen te ofri avèk bòn volonte tout sila yo. Epi koulye a, avèk jwa, mwen gen tan wè pèp Ou a, ki prezan isit la, pou fè sakrifis ak bòn volonte a Ou menm.
18 O God of Abraham, Isaac, and Israel, our fathers, keep this intent forever in your people's hearts, and direct their hearts toward you. O SENYÈ, Bondye a Abraham nan, Issac avèk Israël, papa zansèt pa nou yo, sere sa jis pou tout tan nan entansyon kè a pèp Ou a, e dirije kè yo vè Ou menm.
19 Give my son Solomon a whole heart to keep your commands, testimonies, and statutes, to do all this, and build the temple I have provided for." Anplis, bay a fis mwen an, Salomon, yon kè entèg pou kenbe tout kòmandman Ou yo, temwayaj Ou yo ak règleman Ou yo, pou fè tout sa, pou bati tanp lan, pou sila mwen te fè pwovizyon an.”
20 David told the whole assembly, "Bless your Father now." So they all blessed the God of their fathers, bowed their heads, and fell facedown before our Father and the king. Konsa, David te di a tout asanble a: “Koulye a, beni SENYÈ a, Bondye nou an.” Epi tout asanble a te beni SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, e te bese ba devan SENYÈ a e ak wa a.
21 They sacrificed sacrifices to our Father and offered burnt offerings to our Father the next day: 1,000 bulls, 1,000 rams, 1,000 lambs, with their drink offerings, and abundant sacrifices for all Israel. Yo te fè sakrifis a SENYÈ a, e nan pwochèn jou a te ofri ofrann brile a SENYÈ a; mil towo, mil belye ak mil jenn mouton avèk ofrann bwason pa yo ak sakrifis an gran kantite pou tout Israël.
22 They ate and drank before our Father that day with great joy, made Solomon son of David king again, anointed him ruler for our Father, and Zadok priest. Yo te manje ak bwè nan jou sa a devan SENYÈ a avèk kè kontan. Konsa, yo te fè Salomon, fis a David la, wa pou yon dezyèm fwa, e yo te onksyone li devan SENYÈ a pou l ta prens, ak Tsadok kon prèt la.
23 Solomon sat on our Father's throne as king in place of David his father. He thrived, and all Israel obeyed him. Apre, Salomon te chita sou twòn SENYÈ a kon wa olye David, papa li. Li te byen reyisi, e tout Israël te obeyi a li menm.
24 Also all the leaders and mighty warriors, and also all King David's sons, submitted to King Solomon. Tout ofisye yo, mesye pwisan yo e anplis, tout fis a Wa David yo, te sèmante fidelite a Wa Salomon.
25 And our Father made Solomon exceedingly great in the sight of all Israel, giving him royal majesty beyond any king before him in Israel. SENYÈ a te egzalte Salomon byen wo nan zye a tout Israël, e te bay li yon majeste wayal ki pa t sou okenn wa avan li an Israël.
26 David son of Jesse reigned over all Israel. Alò David, fis a Jesse a te renye sou tout Israël.
27 His reign over Israel lasted forty years—seven in Hebron, thirty-three in Jerusalem. Fòs tan ke li te renye sou Israël la se te karantan; li te renye Hébron pandan setan e Jérusalem pandan trann-twazan.
28 He died at a good old age, full of days, wealth, and honor; Solomon his son reigned in his place. Epi li te mouri a yon gwo laj, trè avanse plen avèk jou, richès, avèk onè. Epi fis li a, Salomon te renye nan plas li.
29 Now the acts of King David, first and last, are written in the records of Samuel the seer, the records of Nathan the prophet, and the records of Gad the seer, Alò, zèv a Wa David yo, premye a jis rive nan dènye a, yo ekri nan Kwonik a Samuel yo, konseye a, nan Kwonik a Nathan yo, pwofèt la ak nan Kwonik a Gad yo, vwayan a,
30 with all his reign and might, and the events that came upon him, Israel, and all the kingdoms of the lands. avèk tout règn li, pouvwa li ak sikonstans ki te rive sou li yo, sou Israël ak sou tout wayòm a peyi yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]