Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Chronicles 28 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 David assembled at Jerusalem all Israel's officials: officials of the tribes, commanders of the divisions serving the king, commanders of thousands and hundreds, stewards over all the king's and his sons' property and livestock, with the court officials, the mighty men, and all valiant warriors. Alò, David te rasanble nan Jérusalem tout ofisye Israël yo, chèf a tribi yo, kòmandan a divizyon ki te sèvi wa yo, kòmandan a dè milye yo avèk kòmandan a dè santèn yo, sipèvizè a tout teren avèk bèt ki te apatyen a wa a, avèk fis li yo, avèk ofisye yo ak mesye pwisan yo, menm tout mesye gwo kouraj yo.
2 King David rose to his feet and said, "Listen to me, my brothers and my people. I had it in my heart to build a house of rest for the ark of our Father's covenant, the footstool for his feet, and I prepared to build it. Epi Wa David te leve sou pye li e te di: “Koute mwen, frè m yo ak pèp mwen an! Mwen te gen entansyon bati yon kay repo pou lach akò SENYÈ a e pou machpye Bondye nou an. Pou sa, mwen te fè preparasyon yo pou bati li.
3 But our Father told me, 'You won't build a house for my name, because you're a man of war who has shed blood.' Men Bondye te di mwen: ‘Ou p ap bati yon kay pou non Mwen, akoz ou se yon nonm lagè, e ou te vèse san.’
4 Yet our Father of Israel chose me, from my whole father's house, to reign over Israel forever. For our Father chose Judah to lead, and within Judah's house, chose my father's house; and of my father's sons he delighted to make me king over all Israel. Sepandan, SENYÈ a, Bondye Israël la, te chwazi mwen soti nan tout lakay papa m pou vin wa sou Israël jis pou tout tan.
5 Of all my sons—our Father has given me many—he chose Solomon my son to sit on the throne of our Father's kingdom over Israel. Pami tout fis mwen yo, (paske SENYÈ a te ban mwen anpil fis), Li te chwazi fis mwen an, Salomon pou chita sou twòn wayòm SENYÈ a sou Israël.
6 He told me, 'Solomon your son will build my house and my courts, for I chose him as my son, and I will be his father.' Li te di mwen: ‘Fis ou a, Salomon, se li menm ki va bati kay Mwen an, ak tout lakou li yo; paske Mwen te chwazi Li pou devni yon fis pou Mwen e Mwen va yon papa pou li.
7 I will establish his kingdom forever if he stays firm to keep my commands and judgments, as he does today. Mwen va etabli wayòm li jis pou tout tan si avèk tout kè li, li fè kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen yo, jan sa ap fèt koulye a.’”
8 "So now, before all Israel, the assembly of our Father, and in his hearing, keep and seek out every command of your Father, so you may possess this good land and leave it to your children after you forever. “Pou sa, koulye a, devan zye a tout Israël, asanble SENYÈ a e nan tande a Bondye nou an, swiv e pran a kè tout kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou nou kapab posede bon peyi a e bay li a fis apre nou yo, jis pou tout tan.
9 You, Solomon my son, know the God of your father, and serve him with a whole heart and willing mind—our Father searches every heart, understands every plan and thought. Seek him and you'll find him; abandon him and he'll reject you forever. “Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.
10 Take note, since our Father chose you to build a house for the sanctuary. Be strong, act." Koulye a, reflechi byen, paske SENYÈ a te fin chwazi ou menm pou bati yon kay pou sanktiyè a. Pran kouraj e aji.”
11 David gave Solomon his son the plan of the portico of the temple, its buildings, its storerooms, its upper rooms, its inner rooms, and the room of the mercy seat, Epi David te bay a fis li Salomon, plan pou fè galri tanp lan, tout chanm li yo, avèk chanm trezò li yo, chanm anlè li yo, chanm enteryè li yo, ak chanm pou twòn pwopiyatwa a;
12 and the plan of all he had in mind for the courts of our Father's house, for all the surrounding rooms, for the storerooms of his house, and for the storerooms of the dedicated gifts; epi plan a tout sa ke li te gen nan tèt li, pou lakou lakay SENYÈ a e pou tout chanm ki te antoure l yo, pou chanm trezò lakay Bondye yo, e pou chanm trezò pou tout bagay konsakre yo;
13 for the divisions of the priests and Levites, for all the work of service in our Father's house, and all the vessels for service in his house. anplis, pou divizyon a prèt yo avèk Levit yo pou tout travay sèvis lakay SENYÈ a e pou tout zouti sèvis lakay SENYÈ yo;
14 He gave gold by weight for each gold article for every kind of service, and silver by weight for each silver article for every kind of service. pou zouti an lò yo, lò pou tout zouti pou tout kalite sèvis yo, pou zouti an ajan yo, ajan pou tout zouti a tout kalite sèvis yo;
15 The weight for the gold lampstands and their gold lamps, the weight of gold for each gold lampstand and its lamps, and the weight of silver for each silver lampstand and its lamps, according to each lampstand's use. epi lò pou baz chandelye an lò yo avèk lanp pa li yo; epi ajan a baz chandelye an ajan yo, avèk pwa a chak baz avèk lanp pa li yo selon sèvis a chak chandelye;
16 Gold's weight for each table of the bread of the Presence; and silver for the silver tables. epi pwa a lò a pou tab pen konsakre pou chak tab la; epi ajan pou tab an ajan yo;
17 The forks, basins, and pitchers of pure gold; the weight for each gold dish; the weight for each silver dish; epi fouchèt yo, basen yo ak krich an lò pi yo; epi pou bòl an lò yo avèk pwa pou chak bòl; epi pou bòl an ajan avèk pwa a chak bòl;
18 refined gold by weight for the incense altar; gold for the design of the chariot—the cherubim spreading their wings and covering the ark of the covenant of our Father. epi pou lotèl lansan an lò rafine pa pwa; epi lò pou modèl a cha a, menm cheriben ki te ouvri zèl yo pou te kouvri lach akò SENYÈ a.
19 "All this," David said, "I have in writing from our Father's hand, who gave me understanding of all the plan's details." David te di: “SENYÈ a te fè M konprann avèk men L ki te ekri pou mwen, tout detay a modèl sila a.”
20 David told his son Solomon, "Be strong and courageous; do the work. Don't fear or be discouraged, for my Father is with you. He won't fail or abandon you until all the work for the service of the house of our Father is finished. Konsa, David te di a fis li, Salomon: “Kenbe fèm, pran kouraj e aji pran desizyon. Pa pè, ni dekouraje, paske SENYÈ a, Bondye a, avèk ou. Li p ap fè fayit, ni Li p ap abandone ou jiskaske ke tout lèv pou lakay SENYÈ a fini.
21 Look—the priests and Levites are divided, ready for all the service of our Father's house. Every skilled, willing man will join you in any task, with the officials and all the people, fully at your command." Alò, gade byen, men divizyon a prèt yo avèk Levit yo pou tout sèvis lakay Bondye yo e tout mesye avèk kapasite yo va avèk ou nan travay la pou tout kalite sèvis yo. Anplis, ofisye yo avèk tout pèp la va disponib nèt sou lòd pa ou.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]