Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Chronicles 27 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 This is the count of Israel's people—heads of families, commanders of thousands and hundreds, and officers serving the king in every matter of the divisions that rotated monthly through the year, each division 24,000. Men chif kontwòl a fis Israël yo, chèf lakay zansèt yo, kòmandan a dè milye, a dè santèn yo, avèk chèf pa yo ki te sèvi wa a nan tout afè divizyon ki te antre sòti mwa pa mwa pandan tout mwa nan ane yo, chak divizyon te konte a venn-kat-mil sòlda:
2 Over the first division, for the first month, was Jashobeam son of Zabdiel; his division numbered 24,000. Sou tèt a premye divizyon an pou premye mwa a te Jaschobeam, fis a Zabdiel la; nan divizyon pa li a te gen venn-kat-mil òm.
3 He was a descendant of Perez, chief of all army commanders for the first month. Sòti nan fis a Pérets yo, chèf a tout kòmandan lame a pou premye mwa a.
4 Dodai the Ahohite led the second month's division; Mikloth was its chief officer—24,000 men. Sou tèt a divizyon dezyèm mwa a te Dodaï, Achochit la; Mikloth te youn nan chèf yo nan divizyon pa li yo; epi li te gen nan divizyon pa li a, venn-kat-mil òm.
5 Third army commander, for the third month: Benaiah son of Jehoiada the priest, chief; his division: 24,000. Twazyèm kòmandan lame a pou twazyèm mwa a te Benaja, fis a prèt la, Jehojada kon chèf; epi nan divizyon pa li te gen venn-kat-mil òm.
6 This Benaiah was the mighty man of the thirty and their leader; his son Ammizabad led his division. Benaja sila a se te nonm pwisan a trant yo e li te an chaj sou trant yo; epi Ammizadab, fis li a, te sou divizyon pa li.
7 Fourth, for the fourth month: Asahel, Joab's brother, then his son Zebadiah; his division: 24,000. Katriyèm nan pou katriyèm mwa a te Asaël, frè a Joab la e apre li, Zebadia, fis li a; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
8 The fifth, for the fifth month, was the commander Shamhuth the Izrahite; his division numbered 24,000. Senkyèm nan pou senkyèm mwa a te kòmandan Schamehuth, Jizrachit la; epi te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
9 The sixth, for the sixth month, was Ira son of Ikkesh the Tekoite; his division numbered 24,000. Sizyèm nan pou sizyèm mwa a te Ira, fis a Ikkesch la, Tekoyit la; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
10 Seventh, for month seven: Helez the Pelonite, of Ephraim's descendants; his division: 24,000. Setyèm nan pou setyèm mwa a te Hélets, Pelonit lan, sòti nan fis a Éphraïm yo; li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
11 The eighth, for the eighth month, was Sibbecai the Hushathite, of the Zerahites; his division numbered 24,000. Uityèm nan, pou uityèm mwa a te Sibbecaï, Ouchatit la, sòti nan Zerachit yo; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
12 The ninth, for the ninth month, was Abiezer the Anathothite, of the Benjamites; his division numbered 24,000. Nevyèm nan pou nevyèm mwa a te Abiézer, Anathoth la, sòti nan Benjamit yo; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
13 The tenth, for the tenth month, was Maharai the Netophathite, of the Zerahites; his division numbered 24,000. Dizyèm nan pou dizyèm mwa a te Maharaï, Netofayit la nan fanmi Zerachit yo; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
14 Eleventh, for month eleven: Benaiah the Pirathonite, from Ephraim's descendants; his division: 24,000. Onzyèm nan pou onzyèm mwa a te Benaja, Piratit la, sòti nan fis Éphraïm nan; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
15 Twelfth, for the twelfth month: Heldai the Netophathite, of Othniel's clan; 24,000 in his division. Douzyèm nan, pou douzyèm mwa a te Heldaï, Netofit la, sòti nan fanmi Othniel la; epi li te gen yon divizyon venn-kat-mil òm.
16 Over the tribes of Israel: Reubenites' leader was Eliezer son of Zichri; Simeonites' leader, Shephatiah son of Maacah, Men chèf a tribi Israël yo. Chèf a Ribenit yo; Éliézer, fis a Icri a; pou Simeonit yo: Schephathia, fis a Maaca a;
17 for Levi, Hashabiah son of Kemuel; for Aaron, Zadok; pou Levit yo: Haschabia, fis a Kemuel la; nan fanmi Aaron an: Tsadok;
18 for Judah, Elihu, one of David's brothers; for Issachar, Omri son of Michael; pou Juda: Élihu, frè a David la; pou Issacar: Omri, fis a Micaël la;
19 for Zebulun, Ishmaiah son of Obadiah; for Naphtali, Jerimoth son of Azriel; pou Zabulon: Jischemaeja, fis a Abdias la; pou Nephthali: Jerimoth, fis a Azriel la;
20 for Ephraim's descendants, Hoshea son of Azaziah; for the half-tribe of Manasseh, Joel son of Pedaiah, pou fis Éphraïm yo: Hosée, fis a Azazia a; pou mwatye tribi a Manassé a: Joël, fis a Pedaja a;
21 for the half-tribe of Manasseh in Gilead, Iddo son of Zechariah; for Benjamin, Jaasiel son of Abner; pou mwatye tribi Manassé nan Galaad: Jiddo, fis a Zacharie a, pou Benjamin: Jaasiel, fis a Abner a;
22 for Dan, Azarel son of Jeroham. These were the leaders of the tribes of Israel. pou Dan: Azareel, fis a Jerocham nan. Sila yo se te chèf a tribi Israël yo.
23 David did not count those twenty years old and under, since our Father promised to make Israel as many as heaven's stars. Men David pa t kontwole sila nan laj ventan oswa mwens yo, akoz SENYÈ a te di Li ta miltipliye Israël kon zetwal syèl yo.
24 Joab son of Zeruiah started counting but didn't finish; anger came on Israel over it, so the total never appeared in King David's record. Joab, fis a Tseruja a, te kòmanse fè gwo kontwòl la, men li pa t fini; epi akoz gwo kòlè sa a ki te vin rive sou Israël e fòs kantite a pa t ladann nan chif kontwòl a Wa David la.
25 Azmaveth son of Adiel oversaw the king's treasuries, and Jonathan son of Uzziah oversaw the storehouses in the fields, towns, villages, and towers. Alò, Azmaveth, fis Adiel la te an chaj depo trezò a wa a. Epi Jonathan, fis a Uzias la, te gen chaj a depo andeyò yo, nan vil yo, nan ti bouk yo ak nan wo fò anlè yo.
26 Over the field workers who tilled the soil was Ezri son of Chelub. Ezri, fis a Kelub la te responsab tout ouvriye agrikòl ki te travay tè yo.
27 Shimei the Ramathite oversaw the vineyards; Zabdi the Shiphmite oversaw their produce for the wine cellars. Schimeï, Ramatit la te gen chaj sou chan rezen yo; epi Zabdi, Shefamit lan, te an chaj tout pwodwi a chan rezen ki te depoze nan depo diven anba tè yo.
28 Baal-hanan the Gederite oversaw the olive and sycamore-fig trees in the foothills; Joash oversaw the olive oil stores. Baal-Hanan Gedetit la, te an chaj chan bwa oliv ak bwa sikomò nan gran plèn nan e Joasch te an chaj depo lwil yo.
29 Shitrai the Sharonite oversaw herds grazing in Sharon; Shaphat son of Adlai oversaw herds in the valleys. Schithraï, Sawonit lan te an chaj bèt ki t ap manje nan Saron yo; epi Schaphath, fis a Adlaï a, sou bèf ki te nan vale yo.
30 Over the camels was Obil the Ishmaelite; and over the donkeys was Jehdeiah the Meronothite. Obil, Izmayelit la, te an chaj chamo yo; epi Jechdia, Mewonotit la, te an chaj bourik yo.
31 Over the flocks was Jaziz the Hagrite; all these were officials over King David's property. Jaziz, Agarenyen an, te an chaj bann mouton yo. Tout sila yo te sipèvizè nan tèren ki te apatyen a Wa David la.
32 Jonathan, David's uncle, was a counselor, a man of understanding and a scribe; and Jehiel son of Hachmoni cared for the king's sons. Anplis, Jonathan, tonton David la, te yon konseye, yon nonm ak bon konprann e yon skrib; epi Jehiel, fis a Hacmoni an, te pwofesè a fis Wa yo.
33 Ahithophel was the king's counselor, and Hushai the Archite was the king's friend. Achitophel te yon konseye a wa a e Huschaï, Akyen an, te zanmi a wa a.
34 After Ahithophel: Jehoiada son of Benaiah, and Abiathar. Joab commanded the king's army. Jehojada, fis a Benaja a avèk Abiathar te ranplase Achitophel; epi Joab te kòmandan lame wa a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]