Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Chronicles 26 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Gatekeeper divisions: of the Korahites, Meshelemiah son of Kore, of Asaph's sons. Pou divizyon gadyen pòtay yo, te gen nan Koreyit yo; Meschélémia, fis a Koré a, fis yo a Asaph yo.
2 Meshelemiah had sons: Zechariah the firstborn, Jediael the second, Zebadiah the third, Jathniel the fourth, Meschélémia te gen fis: Zacharie, premye ne a, Jediaël, dezyèm nan, Zebadia, twazyèm nan, Jathiel, katriyèm nan,
3 Elam the fifth, Jehohanan the sixth, Eliehoenai the seventh. Élam, senkyèm nan, Jochanan, sizyèm nan, Eljoénaï, setyèm nan.
4 Obed-edom also had sons: Shemaiah the firstborn, Jehozabad second, Joah third, Sachar fourth, Nethanel fifth, Obed-Édom te gen fis: Schemaeja, premye ne a, Jozabad, dezyèm nan, Joach, twazyèm nan, Sacar, katriyèm nan, Nethaneel, senkyèm nan,
5 Ammiel the sixth, Issachar the seventh, Peullethai the eighth, for our Father had blessed him. Ammiel, sizyèm nan, Issacar, setyèm nan, Peulthaï, uityèm nan; paske Bondye te vrèman beni li.
6 Shemaiah his son also had sons over their father's household, for they were men of great valor. Anplis, a fis li, Schemaeja, te ne fis ki te renye sou lakay papa yo; paske yo te mesye pwisan ak gwo kouraj.
7 The sons of Shemaiah: Othni, Rephael, Obed, and Elzabad, whose brothers Elihu and Semachiah were able men. Fis a Schemaeja yo: Othni, Rephaël, Obed, Elzabad, avèk frè pa yo Élihu ak Semaeja ki te mesye ak gwo kouraj.
8 All these were among the sons of Obed-edom—they, their sons, and their brothers, strong and able for the work: sixty-two of Obed-edom. Tout nan sila yo, se te fis a Obed-Édom; yo menm avèk fis pa yo ak fanmi yo te mesye ak gwo kapasite, avèk fòs pou sèvis; swasann-de mesye ki sòti Obed-Édom.
9 Meshelemiah had sons and brothers, able men—eighteen in all. Fis a Meschélémia yo, mesye plen ak kouraj te kontwole diz-uit mesye.
10 Hosah, of Merari's sons, had sons: Shimri the chief—though not the firstborn, his father made him chief. Anplis, Hosa, nan fis a Merari yo te fè fis: Schimri, premye a (malgre li pa t ne premyèman, men papa li te fè l premye),
11 Hilkiah second, Tebaliah third, Zechariah fourth; Hosah's sons and brothers totaled thirteen. Hilkija, dezyèm nan, Thebalia, twazyèm nan, Zacharie, katriyèm nan. Tout fis yo avèk fanmi a Hosa yo te trèz mesye.
12 These gatekeeper divisions, assigned by chief men, served like their brothers in our Father's house. Se nan divizyon a gadyen pòtay sila yo, mesye chèf yo te bay responsabilite kon fanmi pa yo pou fè sèvis lakay SENYÈ a.
13 They cast lots, small and great alike, by their families, for each gate. Yo te tire yo osò, piti kon gran, selon lakay zansèt pa yo pou chak pòtay.
14 The east lot fell to Shelemiah. For his son Zechariah, a wise counselor, they cast lots, and his lot came out north. Tiraj osò ki tonbe pou lès la te devni pou Schélémia. Alò, yo te tire osò pou fis li a, Zacharie, yon konseye avèk bon konprann e tiraj osò li a te sòti nan nò.
15 To Obed-edom fell the south, and to his sons the storehouse. Pou Obed-Édom li te tonbe vè sid e a fis li yo, te ale chanm depo yo.
16 To Shuppim and Hosah fell the west, with Shallecheth Gate on the ascending road, watch facing watch. Pou Schuppm avèk Hosa, li te tonbe kote lwès, akote pòt Schalléketh la, vè chemen monte a. Yo te pozisyone gad anfas gad.
17 Six Levites stood east, four daily north, four daily south, and two by two at the storehouse. Sou lès la, te gen sis Levit; nan nò a, kat chak jou e nan chanm depo yo, de pa de yon kote apa.
18 At the pavilion on the west: four at the road and two at the pavilion. Nan cham bati sou kote lwès la, te gen kat sou gran chemen an e de nan cham nan a menm.
19 These were the divisions of the gatekeepers among the Korahites and the Merarites. Sila yo se te divizyon a gadyen pòtay a fis a Kore yo avèk fis a Merari yo.
20 Ahijah the Levite oversaw the treasuries of our Father's house and the treasuries of the dedicated gifts. Levit yo avèk fanmi pa yo te gen chaj sou trezò lakay Bondye a ak trezò a don konsakre yo.
21 The sons of Ladan, the Gershonites belonging to Ladan, the family leaders of Ladan the Gershonite: Jehieli. Fis a Laedan yo, fis a Gèshonit yo, ki apatyen a Laedan, chèf lakay zansèt pa yo ki te rele Jehiéli, te tèt lakay zansèt pa yo ki te pou Laedan, Gèshonit lan.
22 Jehieli's sons, Zetham and Joel his brother, oversaw our Father's house storerooms. Fis a Jehiéli yo, Zetham avèk Joël, frè li a, ki te an chaj trezò lakay SENYÈ a.
23 Of the Amramites, the Izharites, the Hebronites, and the Uzzielites: Pou Amramit yo, Jitsearit yo, Ebwonit avèk Izyelit yo,
24 Shebuel son of Gershom, son of Moses, was chief officer over the treasuries. Schebuel, fis a Guerschom an, fis a Moïse la te ofisye sou trezò yo.
25 His relatives through Eliezer: Rehabiah his son, Jeshaiah his son, Joram his son, Zichri his son, Shelomith his son. Fanmi li pa Éliézer te Rechabia, fis li a, Ésaïe, fis li a, Joram, fis li a, Zicri, fis li a ak Schelomith, fis li a.
26 Shelomith and his brothers oversaw all treasuries of gifts dedicated by King David, the family heads, the commanders of thousands and hundreds, and army commanders. Schelomith sila avèk fanmi li te gen chaj sou tout trezò a don konsakre ke Wa David avèk chèf lakay zansèt yo, kòmandan a dè milye, a dè santèn e kòmandan lame yo te dedye.
27 From the plunder won in battles they dedicated gifts to maintain the house of our Father. Yo te dedye yon pati nan piyaj ki te sezi nan gè yo pou repare lakay SENYÈ a.
28 All that Samuel the seer, Saul son of Kish, Abner son of Ner, and Joab son of Zeruiah dedicated—every dedicated thing—Shelomith and his brothers oversaw. Epi tout sa ke Samuel, konseye a, te dedye e Saül, fis a Kis la, pa Abner, fis a Ner a, pa Joab, fis a Tseruja a, tout moun ki te dedye bagay anba jerans a Schelomith lan avèk fanmi pa li.
29 Of the Izharites, Chenaniah and his sons managed Israel's outside affairs as officers and judges. Pou Jitsearit yo, Kenania avèk frè pa li yo, yo te anplwaye pou zafè andeyò kon majistra ak jij an Israël.
30 Of the Hebronites, Hashabiah and his relatives—1,700 capable men—oversaw Israel west of the Jordan, for all our Father's work and the king's service. Pou Ebwonit yo, Haschavbia avèk fanmi li, mil-sèt-san mesye ak kapasite, ki te an chaj tout zafè Israël yo nan lwès a Jourdain an, pou tout sèvis SENYÈ a ak sèvis wa a.
31 Among the Hebronites, Jerijah was chief, by their family records. In David's fortieth year, a search found capable men among them at Jazer in Gilead. Pou Ebwonit yo, Jerija, chèf la, (Ebwonit sila yo te envestige selon listwa fanmi avèk zansèt pa yo, nan karantyèm ane nan règn David la e mesye ak kapasite siperyè yo te twouve pami yo kote Jaezer nan Galaad).
32 Jerijah's relatives were 2,700 able men, family heads. King David set them over the Reubenites, Gadites, and half-tribe of Manasseh, for every matter of our Father and the king. Moun fanmi pa li, mesye byen kapab, te de-mil-sèt-san òm, chèf lakay zansèt pa yo. Epi Wa David te fè yo sipèvizè sou Ribenit yo, Gadit yo ak mwatye tribi Manassé pou tout zafè Bondye avèk wa a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]