Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Timothy 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Don't sharply rebuke an older man, but appeal to him as a father, and to younger men as brothers, Pa bay repwòch ki di a yon granmoun, men, de preferans, rezone ak li tankou yon papa, a jèn mesye yo tankou frè yo,
2 older women as mothers, and younger women as sisters, in all purity. a fanm avanse nan laj yo tankou manman, e jèn fanm yo tankou sè. Ak tout, san tach.
3 Honor widows who are truly widows. Onore vèv ki vrèman vèv yo;
4 But if a widow has children or grandchildren, they should first learn to show devotion toward their own household, repaying their parents—this pleases our Father. men si yon vèv gen pitit, oswa pitit pitit, yo dwe, dabò, aprann pratike respè anvè pwòp fanmi pa yo, e repaye pwòp paran pa yo, paske sa akseptab devan zye Bondye.
5 The true widow, left alone, sets her hope on our Father, continuing night and day in petitions and prayers. Alò, sila ki vrèman yon vèv, e ki kite sèl la, fikse tout espwa l sou Bondye e kontinye nan siplikasyon ak lapriyè lajounen kon lannwit.
6 But the widow who lives for self-indulgence is dead even while she lives. Men sila ki viv nan plezi a, mouri menm pandan ke li ap viv la.
7 Give these orders too, so they are above criticism. Preskri bagay sa yo tou pou yo kapab vin san repwòch.
8 If anyone fails to provide for their own—especially household members—they have denied the faith and are worse than an unbeliever. Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.
9 Enroll a widow only if she's at least sixty and has been faithful to one husband, Yon vèv dwe mete nan lis la sèlman si li pa gen mwens ke swasant ane, e te madanm a yon sèl moun,
10 attested for good works: if she raised children, welcomed strangers, washed the feet of the saints, helped the suffering, and pursued every good work. avèk repitasyon bon zèv, si li te elve timoun, si li te konn resevwa etranje byen, si li te lave pye a sen yo, si li te konn ede sila ki nan gwo pwoblèm yo, e si li te devwe tèt li a tout bon zèv.
11 But refuse to enroll younger widows; when their desires pull them from Christ, they want to marry, Men refize mete jèn vèv nan lis la, paske lè yo vin gen dezi sansyèl kont Kris la, y ap vle marye.
12 and so they bring judgment on themselves for having set aside their first pledge. Konsa y ap vin merite kondanasyon paske yo mete sou kote ve ke yo te fè deja a.
13 They also learn to be idle, going house to house—not just idle, but gossips and busybodies, saying what they shouldn't. An menm tan an, yo va aprann vin parese, pandan yo prale de kay an kay. E pa senpleman parese, men osi nan fè tripotay ak antre bouch nan zafè a moun, nan pale bagay ki pa bon pou pale.
14 So I want younger widows to marry, bear children, manage homes, and give the opponent no chance to slander. Konsa, mwen vle jèn vèv yo marye, fè pitit, okipe kay, pou pa bay lènmi an plas pou repwòch.
15 For some have already turned aside to follow Satan. Paske kèk nan yo deja detounen pou swiv Satan.
16 If any believing woman has widows among her relatives, she should support them, not burdening the church, so it can support true widows. Si yon fanm ki se yon kwayan gen vèv ki depann de li, li dwe asiste yo e legliz la pa dwe pote chaj sa a, pou li kapab asiste sila ki vrèman vèv yo.
17 Elders who lead well deserve double honor, especially those working hard at preaching and teaching. Ansyen ki dirije byen yo, dwe konsidere dign de doub onè, sitou sila ki travay di nan predikasyon ak enstriksyon yo.
18 For Scripture says: "Don't muzzle an ox while it treads out grain," and "The worker deserves his pay." Paske Lekriti a di: “Nou pa dwe mete mizo nan bouch a bèf la pandan l ap moulen sereyal la,” epi: “Ouvriye a dign de salè li.”
19 Do not entertain an accusation against an elder except on the evidence of two or three witnesses. Pa resevwa yon akizasyon kont yon ansyen eksepte sou baz a de oswa twa temwen.
20 As for those who persist in sin, rebuke them in front of everyone, so that the rest will fear. Sila ki kontinye nan peche yo repwoche yo nan prezans a tout moun, pou lòt yo tou kapab pè fè peche.
21 I solemnly charge you before our Father, Christ Jesus, and the elect angels: keep these instructions without prejudice, doing nothing out of favoritism. Mwen solanèlman chaje ou nan prezans a Bondye, a Kris Jésus e a zanj chwazi Li yo, pou kenbe prensip sa yo san favorize pèsòn, e pa fè anyen nan yon lespri patipri.
22 Don't lay hands on anyone hastily, and don't share in others' sins—keep yourself pure. Pa poze men sou okenn moun twò vit, e konsa vin pataje nan peche a lòt yo. Kenbe tèt ou lib de peche.
23 Don't drink only water anymore—take a little wine for your stomach and your frequent illnesses. Pa bwè dlo sèl ankò, men pran yon ti diven pou koz a vant ou ak maladi yo k ap boulvèse ou.
24 Some people's sins are obvious, going ahead to judgment; others' sins follow after. Peche kèk moun vin toutafè klè, li ale devan yo pou jijman. Pou lòt yo, peche pa yo vini aprè yo.
25 In the same way, good works are obvious, and even those that are not cannot stay hidden. Menm jan an tou, zèv ki bon yo toutafè klè, e sila ki pa konsa yo, p ap kapab kache.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]