Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Timothy 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 All under slavery's yoke should consider their own masters worthy of full respect, so our Father's name and the teaching aren't spoken against. Tout sila ki anba jouk esklavaj yo dwe gade pwòp mèt yo kòm moun ki dign de tout onè pou pèsòn pa kapab pale mal kont non a Bondye e ak doktrin nou an.
2 Those with believing masters must not disrespect them for being brothers; instead serve better, since the ones benefiting are believers, dearly loved. Teach and urge these. Sila ki gen kwayan kòm mèt yo pa dwe derespekte yo paske yo se frè yo, men dwe sèvi yo plis toujou, paske sila ki pataje benefis yo se kwayan e byeneme. Enstwi e preche prensip sa yo.
3 If anyone teaches otherwise, disagreeing with the sound words of our Lord Jesus Christ and the teaching that fits devotion to God, Si yon moun ap enstwi yon lòt doktrin, e pa dakò avèk bon pawòl sen, sila ki soti nan Senyè nou an, Jésus Kri, e avèk doktrin ki konfòm ak sentete a,
4 he is conceited, knowing nothing, but sick with obsession over disputes and word-battles, producing envy, strife, slander, and evil suspicions, li se yon moun ògeye e pa konprann anyen, men li gen yon obsesyon pou poze kesyon diskisyon e fè kont pou mo ki sòti nan lanvi, konfli, jouman, ak sispèk moun mal,
5 and constant conflict among people with corrupted minds, deprived of truth, who think devotion to God is a way to profit. diskisyon san rete antremoun ak panse konwonpi e san verite, ki sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.
6 Now godliness with contentment is great gain, Men vi sentete a vrèman gen anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman.
7 for we brought nothing into the world, and we can take nothing out of it. Paske nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.
8 But if we have food and clothing, with these we will be content. Si nou genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan.
9 But those wanting to grow rich fall into temptation, a trap, and many foolish, harmful desires that plunge people into ruin and destruction. Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon.
10 Love of money is a root of all kinds of evil; craving it, some have strayed from the faith and pierced themselves with many pains. Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.
11 But you, man of our Father, flee all this. Pursue righteousness, godliness, faith, love, perseverance, and gentleness. Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès.
12 Fight the good fight of the faith; take hold of the eternal life you were called to, and professed the good confession before many witnesses. Mennen bon konba lafwa a. Kenbe fèm a lavi etènèl la pou sila ou te rele a, e te fè bon konfesyon nan prezans a anpil temwen yo.
13 I charge you before our Father, who gives life to all things, and Christ Jesus, who testified the good confession before Pontius Pilate, Mwen kòmande ou nan prezans Bondye, ki bay lavi a tout bagay yo, e nan Kris Jésus ki te temwaye bon konfesyon devan Ponce Pilate la,
14 to keep the command spotless and blameless until our Lord Jesus Christ appears, pou ou kenbe kòmandman an san tach oubyen repwòch, jiska aparisyon Senyè nou an, Jésus Kri.
15 which the blessed and only Ruler, the King of kings and Lord of lords, will bring about at the proper time. Li va fè rive nan tan konvenab li—Sila ki beni e ki se sèl Souveren an, Wa a tout wa yo e Senyè tout senyè yo.
16 He alone is immortal, living in unapproachable light, whom no one has seen or can see. To him be honor and eternal dominion. Amen. Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
17 Tell the rich in this present age not to be arrogant or hope in uncertain wealth, but in our Father, who richly gives us everything to enjoy. Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan.
18 Command them to do good, be rich in good works, generous, willing to share, Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje.
19 laying up for themselves a good foundation for the future, so they may grasp the life that is truly life. Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.
20 Timothy, guard what's entrusted to you. Avoid godless, empty chatter and contradictions of so-called knowledge, O Timothée, gade byen sa ki konfye a ou menm nan, e evite pale pawòl mond lan, pawòl vid e san sans, ak tout diskou fo pawòl yo rele “konesans” lan,
21 for by professing it some have wandered away from the faith. Grace be with you all. ke kèk moun te pwofese, e konsa yo te vin egare kite lafwa. Ke lagras avèk nou. Amen.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]