1One day Jonathan son of Saul said to his armor-bearer, "Come, let's cross to the Philistine post opposite us," but did not tell his father.hatbsaAlò jou a te rive ke Jonathan, fis a Saül la, te di a jennonm ki t ap pote zam li yo: “Vini, annou travèse vè anplasman post militè Filisten ki sou kote lòtbò a.” Men li pa t pale sa a papa l.
2Saul stayed at Gibeah's edge under the pomegranate tree in Migron, with about 600 men.hatbsaSaül te rete nan zòn andeyò Guibea anba pye grenad la nan Migron. Epi moun ki te avèk li yo te anviwon sis-san mesye.
3Ahijah son of Ahitub, Ichabod's brother, son of Phinehas, son of Eli, our Father's priest at Shiloh, wore the ephod. The troops did not know Jonathan had left.hatbsaAchija, fis a Achithub la, frè I-Kabod, fis a Phinées a, fis a Éli, sakrifikatè SENYÈ a nan Silo, te abiye avèk yon efòd. Epi pèp la pa t konnen ke Jonathan te ale.
4Between the passes Jonathan sought to cross toward the Philistine outpost stood a rocky crag on one side and a rocky crag on the other—one named Bozez, the other Seneh.hatbsaAntre pasaj kote Jonathan te chache travèse pou rive nan anplasman post militè Filisten yo, te gen yon kote dan wòch byen file sou yon bò ak yon dan wòch byen file sou lòtbò a. Youn te rele Botsets e lòt la te rele Séné.
5One crag stood to the north, facing Michmash, and the other to the south, facing Geba.hatbsaYoun nan dan wòch yo te leve nan kote nò anfas Micmasch e lòt la nan sid anfas Guéba.
6Jonathan told his armor-bearer, "Come, let's cross to this uncircumcised outpost. Maybe our Father will act for us; nothing keeps him from saving by many or by few."hatbsaAlò Jonathan te di a jennonm ki t ap pote zam li yo: “Vini pou nou travèse lòtbò vè anplasman militè a ensikonsi sila yo. Petèt, SENYÈ a va aji pou nou. Paske SENYÈ a pa anpeche delivre, menm si se anpil, menm si se kèk grenn.”
7His armor-bearer said, "Do all in your heart. Go—I'm with you, heart and soul."hatbsaSila ki pote zam li yo te di: “Fè tout sa ki nan kè ou; vire ou menm e mwen la avèk ou selon volonte ou.”
8Then Jonathan said, "We will cross over to those men and let them see us.hatbsaJonathan te di: “Gade byen, nou va travèse lòtbò vè mesye yo pou vin parèt a yo menm.
9If they say, 'Wait till we reach you,' we'll stay put and won't go up to them.hatbsaSi yo di nou: ‘Tann jiskaske nou rive bò kote nou’, alò, nou va kanpe nan plas nou e pa monte kote yo.
10But if they say, 'Come up to us,' we'll go up, for our Father has given them into our hand—that's our sign."hatbsaMen si yo di: ‘Vin monte kote nou’, alò nou va monte. Paske SENYÈ a te mete yo nan men nou; epi sa va sinyal pou nou.”
11Both showed themselves to the Philistine outpost. "Look," the Philistines said, "the Hebrews are crawling out of the holes where they hid."hatbsaLè yo toude te parèt nan anplasman militè Filisten yo, Filisten yo te di: “Gade byen, Ebre yo vin sòti nan tou a kote yo te kache kò yo.”
12Outpost men called to Jonathan and his armor-bearer, "Come up to us and we'll teach you a lesson." Jonathan told his armor-bearer, "Climb up behind me, for our Father gave them into Israel's hand."hatbsaEpi mesye nan anplasman yo te rele Jonathan avèk gason ki pote zam li yo. Yo te di: “Monte kote nou pou nou di ou yon bagay.” Epi Jonathan te di a gason zam li yo: “Vin monte dèyè m, paskeSENYÈ a fin mete yo nan men Israël.”
13Jonathan scrambled up on hands and feet, his armor-bearer behind him; the Philistines fell before Jonathan, his armor-bearer killing them behind him.hatbsaAlò, Jonathan te rale monte ak men l ak pye li, avèk gason zam yo dèyè li. Konsa, yo te tonbe devan Jonathan e gason zam yo te touye kèk apre li.
14In that first attack Jonathan and his armor-bearer killed about twenty men within about half an acre.hatbsaPremye masak sa ke Jonathan avèk gason zam yo te fè te anviwon ven òm soti nan mwatye distans ke yon cha ta fè lè l ap raboure fè yon pase nan yon tyè kawo tè.
15Panic struck the camp, field, and all the troops; outpost and raiders trembled too, the earth quaked—panic from our Father.hatbsaEpi nan kan an yo t ap tranble, anplis nan chan an, e pami tout pèp la. Menm gason anplasman militè yo te tranble. Ekip ravajè yo te tranble e latè te vin tranble jiskaske li te tranble anpil.
16Saul's watchmen at Gibeah of Benjamin looked out—the Philistine horde was melting away, scattering everywhere.hatbsaGad Saül yo nan Guibea nan Benjamin te wè ke gran kantite fòs sòlda yo te kòmsi yo t ap fonn; epi yo te gaye pasi pala.
17Saul told his troops, "Count who's missing." When they had counted, Jonathan and his armor-bearer were gone.hatbsaSaül te di a moun ki te avèk li yo: “Kontwole soti koulye a pou wè kilès ki kite nou.” Epi lè yo fin fè kontwòl, gade byen, Jonathan avèk gason potè zam li yo pa t la.
18Saul told Ahijah, "Bring the ark of our Father here," for then the ark of our Father was with the Israelites.hatbsaAlò, Saül te di a Achija: “Mennen lach Bondye a isit la.” Paske lach Bondye a te nan tan sa a avèk fis Israël yo.
19While Saul spoke to the priest, the Philistine camp's uproar grew louder and louder. He told the priest, "Withdraw your hand."hatbsaPandan Saül te pale avèk prèt la, zen nan kan Filisten yo te kontinye e te vin ogmante. Donk, Saül te di prèt la: “Retire men w!”
20Saul and his troops rallied, reached the battle, and found the Philistines' swords turned against each other in total confusion.hatbsaEpi Saül avèk tout pèp ki te avèk li a te rasanble pou te rive kote batay la. Epi vwala, zam a chak moun te vire kont moun parèy pa yo. Te vin gen yon trè gran konfizyon.
21Hebrews who had earlier sided with the Philistines and gone up with them into the camp also turned to join the Israelites with Saul and Jonathan.hatbsaAlò, Ebre ki te avèk Filisten avan yo, ki te monte avèk yo toupatou nan kan an, menm yo menm te vire pou alinye avèk Izrayelit ki te avèk Saül ak Jonathan yo.
22When all the Israelite men hiding in Ephraim's hill country heard the Philistines had fled, they too chased them closely in the battle.hatbsaLè tout mesye Israël yo ki te kache kò yo nan peyi ti mòn Ephraïm yo te tande ke Filisten yo te sove ale, menm yo menm anplis, te kouri dèyè yo toupre nan batay la.
23So our Father rescued Israel that day, and the fighting moved on beyond Beth-aven.hatbsaKonsa SENYÈ a te delivre Israël nan jou sa a e batay la te gaye pi lwen Beth-Aven.
24Israel's troops were hard-pressed that day, for Saul made them swear, "Cursed is anyone who eats food before evening, before I avenge myself on my enemies." None of the troops tasted food.hatbsaAlò mesye Israël yo te byen peze nan jou sa a, paske Saül te mete pèp la anba yon sèman, e te di: “Modi se mesye ki manje manje avan nwit lan, jiskaske mwen fè vanjans sou lènmi mwen yo.” Konsa, pa t gen nan pèp la ki te goute manje.
25All the troops entered the forest, and there was honey on the ground.hatbsaTout pèp peyi a te antre nan forè a e te gen siwo myèl atè a.
26Entering the forest, honey was flowing, yet no one raised a hand to his mouth, for the troops feared the oath.hatbsaLè pèp la te antre forè a, men vwala, te gen yon flèv siwo myèl. Men pèsòn pa t rale men l rive nan bouch li, paske pèp la te pè sèman an.
27But Jonathan hadn't heard his father put the troops under oath, so he reached out his staff tip, dipped it in the honeycomb, put his hand to his mouth, and his eyes brightened.hatbsaMen Jonathan pa t ankò tande lè papa l te mete pèp la anba sèman an. Pou sa, li te lonje baton ki te nan men l lan, li te fonse li nan gato myèl la, li te mete men l nan bouch li e zye li te vin limen.
28One soldier said, "Your father made the troops swear, 'Cursed is anyone who eats food today'—so the men are exhausted."hatbsaEpi youn nan moun yo te di: “Papa ou te mete pèp la anba sèman avèk severite e li te di: ‘Modi se mesye ki manje manje jodi a.’” Epi pèp la te bouke.
29Jonathan said, "My father has troubled the land. See how my eyes brightened from tasting a little of this honey.hatbsaAlò, Jonathan te di: “Papa m te twouble peyi a! Gade, koulye a kijan zye m vin limen akoz mwen te goute yon ti kras nan siwo sa a.
30How much better if the troops had eaten freely today from their enemies' plunder! The defeat of the Philistines has not been great."hatbsaKonbyen anplis, si sèlman pèp la te manje avèk libète jodi a nan piyaj lènmi ke yo te twouve a! Paske koulye a masak pami Filisten yo pa gwo.”
31That day they struck down the Philistines from Michmash to Aijalon, and the troops were utterly exhausted.hatbsaYo te frape pami Filisten yo nan jou sa a soti Micmasch pou jis rive Ajalon. Epi pèp la te vin byen bouke.
32The troops rushed on the loot, seized sheep, cattle, and calves, killed them on the ground, and ate the meat with blood in it.hatbsaPèp la te kouri avèk gwo anvi sou piyaj la. Yo te pran mouton yo avèk gwo bèf ak ti bèf yo, yo te touye yo atè a, e yo te manje yo avèk san an.
33Someone told Saul, "The troops are sinning against our Father, eating meat with the blood still in it." "You've broken faith," he said. "Roll a large stone over to me here."hatbsaAlò, yo te pale Saül e te di: “Gade byen, pèp la ap peche kont SENYÈ a pandan yo manje avèk san an.” Epi li te di: “Nou te aji kòm trèt; woule yon gwo wòch kote mwen jodi a.”
34Then he said, "Scatter among the troops and tell them: each bring me his ox or sheep, slaughter it here, and eat—don't sin against our Father by eating meat with the blood." So that night everyone brought his ox and slaughtered it there.hatbsaSaül te di: “Gaye nou menm pami pèp la e di yo: ‘Nou chak mennen bèf nou ban mwen, oswa mouton nou e touye li isit la pou manje. Pa fè peche kont SENYÈ a avèk afè manje san an.’” Konsa, tout pèp la nan nwit lan, yo chak te mennen bèf yo e te kòche li la.
35Saul built an altar to our Father—his first altar to him.hatbsaEpi Saül tebati yon lotèl a SENYÈ a; se te premye lotèl ke li te bati a SENYÈ a.
36Saul said, "Let's go down after the Philistines tonight, plunder them till dawn, and leave none alive." They answered, "Do what seems good to you." But the priest said, "Let's approach our Father here."hatbsaEpi Saül te di: “Annou desann dèyè Filisten yo lannwit lan, pran piyaj pami yo jis li fè klè nan maten e annou pa kite youn nan mesye yo vivan.” Epi yo te di: “Fè nenpòt sa ki sanble bon pou ou menm.” Konsa, prèt la te di: “Annou apwoche de Bondye isit la.”
37So Saul asked our Father, "Should I go down after the Philistines? Will you hand them to Israel?" But he gave him no answer that day.hatbsaSaül te fè demand a Bondye: “Èske mwen dwe desann dèyè Filisten yo? Èske Ou va ba yo nan men Israël?” Men Li pa t reponn li nan jou sa a
38Saul said, "Come here, all you leaders of the troops, and let us find out how this sin happened today.hatbsaSaül te di: “Apwoche isit la, tout chèf a tout pèp la pou fè ankèt pou aprann kijan peche sa a te vin fèt jodi a.
39As surely as our Father who rescues Israel lives—even if the guilt lies with my son Jonathan, he will surely die." But no one among the people answered.hatbsaPaske jan SENYÈ a ki delivre Israël la viv la, malgre ke si se fis mwen, Jonathan, li va anverite mouri.” Men yon moun nan tout pèp la pa t reponn li.
40He told all Israel, "You stand on one side; Jonathan my son and I on the other." The people told Saul, "Do what you think is best."hatbsaAlò, li te di a tout Israël: “Nou va sou yon kote e mwen menm avèk Jonathan va nan lòt kote a.” Epi pèp la te di a Saül: “Fè sa ki sanble bon a ou menm.”
41Saul prayed, "our Father, God of Israel, why haven't you answered your servant today? If this guilt is in me or my son Jonathan, our Father, God of Israel, respond with Urim; but if it's in your people Israel, respond with Thummim." The lot fell on Jonathan and Saul; the troops were cleared.hatbsaPou sa, Saül te di a SENYÈ a, Bondye a Israël la: “Fè yon tiraj osò konplè.” Epi Jonathan avèk Saül te pran; men pèp la te delivre.
42Saul said, "Cast the lot between me and my son Jonathan." The lot fell on Jonathan.hatbsaSaül te di: “Tiraj osò a antre mwen menm avèk Jonathan, fis mwen an.” Epi se Jonathan ki pran.
43Saul said to Jonathan, "Tell me what you did." He answered, "I only tasted a little honey on the tip of my staff. Now I must die."hatbsaAlò Saül te di a Jonathan: “Di mwen kisa ou te fè a.” Konsa, Jonathan te rakonte li e te di: “Mwen, anverite, te goute yon ti kras siwo myèl avèk pwent baton ki te nan men m nan. Men mwen, fòk mwen mouri!”
44Saul said, "May our Father deal with me, and more, if you don't surely die, Jonathan."hatbsaSaül te di: “Ke Bondye fè sa e menm plis; paske vrèman, Jonathan, ou oblije mouri.”
45The troops told Saul, "Must Jonathan die—who won this great victory for Israel? Never! As our Father lives, not one hair of his head will fall to the ground, for it was with our Father's help that he acted today." So they rescued Jonathan, and he did not die.hatbsaMen pèp la te di a Saül: “Èske fòk Jonathan ta mouri, ki te fè reyisi gran delivrans sa a an Israël? Lwen de sa! Kòm SENYÈ a viv la, pa menm yon cheve nan tèt li p ap tonbe atè; paske li te fè travay Bondye nan jou sa a.” Konsa, pèp la te sove Jonathan pou li pa t mouri.
46Then Saul broke off his pursuit of the Philistines, and the Philistines withdrew to their own land.hatbsaAlò, Saül te monte kite afè kouri dèyè Filisten yo, e Filisten yo te ale kote plas pa yo a.
47Once Saul took the reign over Israel, he fought all his enemies on every side: Moab, Ammon, Edom, the kings of Zobah, and the Philistines. Wherever he turned, he defeated them.hatbsaAlò, lè Saül te pran plas chèf sou wayòm Israël la. Li te goumen kont tout lènmi li yo tout kote; kont Moab, fis a Ammon yo, Édom, wa a Zobah yo ak Filisten yo. Nenpòt kote li te vire li te pini yo.
48He fought bravely, struck down the Amalekites, and rescued Israel from those who raided them.hatbsaLi te aji avèk kouraj; li te bat Amalekit yo, e li te delivre Israël soti nan men a sila ki te piyaje yo.
49Saul's sons: Jonathan, Ishvi, Malchishua. His two daughters: Merab the firstborn, Michal the younger.hatbsaAlò, fis a Saül yo te Jonathan, Jischiv avèk Malkischua. Epi non a de fi yo se te konsa; non a premye ne a, Mérab e non a pi piti a, Mical.
50His wife: Ahinoam, daughter of Ahimaaz. His army commander: Abner son of Ner, Saul's uncle,hatbsaNon a madanm a Saül se te Achinoam fi a Achimaats la. Epi non a kapitèn lame a se te Abner, fis a Ner a, tonton a Saül.
51for Kish, Saul's father, and Ner, Abner's father, were sons of Abiel.hatbsaKish se te papa a Saül ak Ner. Papa a Abner te fis a Abiel.
52War against the Philistines was fierce all Saul's days; whenever he saw a strong or brave man, he recruited him for himself.hatbsaAlò, lagè kont Filisten yo te di anpil pandan tout jou a Saül yo. Epi lè Saül te wè nenpòt gason pwisan oswa vanyan, li te fè l vin atache nan sèvis pa l la.