Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 15 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Samuel said to Saul, "Our Father sent me to anoint you king over his people Israel. Now listen to our Father's words. Alò, Samuel te di a Saül: “SENYÈ a te voye mwen pou onksyone ou wa sou pèp Li a, sou Israël. Pou sa, koute pawòl a SENYÈ a.
2 This is what the Father of heaven's armies says: 'I have taken account of what Amalek did to Israel—how he opposed them on the way up from Egypt. Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Mwen va pini Amalek pou sa li te fè Israël la, jan li te opoze li nan chemen an pandan li t ap vini sòti an Égypte la.
3 Go, strike Amalek and destroy completely all that is theirs. Show no mercy—kill man and woman, child and infant, ox and sheep, camel and donkey.'" Alò, ale frape Amalek e detwi tout sa li genyen. Pa fè li gras, men mete a lanmò ni gason, ni fanm, ni timoun ni tibebe, bèf, mouton, chamo ak bourik.’”
4 Saul summoned the troops and counted them at Telaim: 200,000 foot soldiers, 10,000 men of Judah. Epi Saül te pase lòd rasanble pèp la e te konte yo nan Thelaïm, de-san-mil sòlda apye yo, di-mil mesye Juda yo.
5 Saul came to the city of Amalek and lay in wait in the valley. Saül te rive kote vil Amalek yo, e li te òganize yon anbiskad nan vale a.
6 Saul told the Kenites, "Go, leave, get away from among the Amalekites, or I'll sweep you away with them; for you showed kindness to all Israel's people when they came up from Egypt." So the Kenites left from among the Amalekites. Saül te di a Kenyen yo: “Ale, sòti kite Amalekit yo pou m pa detwi nou ansanm avèk yo; paske nou te montre favè nou anvè tout fis Israël yo lè yo te monte soti an Égypte.” Konsa, Kenyen yo te sòti nan mitan Amalekit yo.
7 Then Saul struck down the Amalekites from Havilah as far as Shur, which is east of Egypt. Konsa, Saül te bat Amalekit yo soti nan Havila pou rive Schur, ki te bò lès a Égypte la.
8 He captured Agag, king of the Amalekites, alive, but devoted all the people to destruction with the sword. Li te kaptire vivan Agag, wa a Amalekit yo e te detwi nèt tout pèp la avèk lam nepe.
9 Saul and the troops spared Agag, the best sheep and cattle, the fat ones and lambs—everything good. They refused to destroy them, but devoted all that was despised and worthless to destruction. Men Saül avèk pèp la te lese Agag viv ansanm avèk pi bèl nan mouton yo, bèf yo, bèt gra yo, jenn mouton yo, tout sa ki te bon, e li pa t dakò pou detwi yo nèt. Men tout sa ki te meprize e san valè, yo te vin detwi nèt.
10 Then the word of our Father came to Samuel: Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Samuel e te di:
11 "I regret making Saul king; he has turned back from following me and hasn't done what I commanded." Samuel was angry and cried out to our Father all night. “Mwen regrèt ke M te fè Saül wa, paske li te vire fè bak nan swiv Mwen, e li pa t akonpli lòd Mwen yo.” Konsa, Samuel te vin twouble e li te kriye fò a SENYÈ a pandan tout nwit lan.
12 Samuel rose early to meet Saul in the morning, and was told, "Saul went to Carmel and set up a monument for himself, then turned and went down to Gilgal." Samuel te leve granmmaten pou rankontre Saül. Yo te pale a Samuel, e te di: “Saül te vini nan Carmel e vwala, li te fè monte yon moniman pou tèt li, e li te vire kontinye desann vè Guilgal.”
13 Samuel came to Saul. Saul said, "May our Father bless you! I have carried out our Father's command." Samuel te vini kote Saül, e Saül te di li: “Beni se ou menm pa SENYÈ a! Mwen te akonpli lòd SENYÈ a.”
14 But Samuel said, "What is this bleating of sheep in my ears, and the lowing of cattle I hear?" Men Samuel te di li: “Men ki mouton ke m tande k ap blete nan zòrèy mwen la a e ki rèl a bèf ke m tande la a?”
15 Saul said, "They brought them from the Amalekites; the troops spared the best sheep and cattle to sacrifice to your Father, but devoted the rest to destruction." Saül te di: “Yo te mennen yo soti nan Amalekit yo, paske pèp la te kite pi bèl nan mouton avèk bèf yo pou fè sakrifis bay SENYÈ a, Bondye pa w la. Men tout rès nou te genyen an nou te detwi l nèt.”
16 Samuel told Saul, "Stop—let me tell you what our Father said to me last night." "Speak," said Saul. Alò, Samuel te di: “Tann e kite mwen menm di ou sa ke SENYÈ a te di mwen yèswa.” Epi li te di li: “Pale”!
17 Samuel said, "Though small in your own eyes, did you not become head of Israel's tribes? Our Father anointed you king over Israel, Samuel te di: “Èske se pa vrè, ke malgre ou te piti nan pwòp zye pa ou, ke ou te devni gran chèf a tribi Israël yo?
18 and our Father sent you on a mission, saying, 'Go, devote the sinners, the Amalekites, to destruction; fight against them until you finish them off.'" Epi ke SENYÈ a te voye ou fè yon misyon e te di: ‘Ale detwi pechè yo nèt; Amalekit yo, e batay kont yo jiskaske yo fin disparèt.’
19 Why did you not obey the voice of our Father? You pounced on the plunder and did evil in the eyes of our Father. Pou sa, poukisa ou pa t obeyi vwa SENYÈ a; men ou te kouri sou piyaj la, e te fè sa ki mal nan zye SENYÈ a?”
20 Saul said to Samuel, "I did obey our Father's voice! I went on the mission our Father sent me on, brought back Agag king of Amalek, and devoted the Amalekites to destruction. Alò Saül te di a Samuel: “Mwen te obeyi vwa SENYÈ a e te fè misyon nan sila SENYÈ a te voye mwen an e te mennen retounen Agag, wa Amalek la, e mwen te detwi nèt tout Amalekit yo.
21 But the troops took the best sheep and cattle from the plunder, devoted to destruction, to sacrifice to your Father at Gilgal." Men pèp la te pran nan piyaj mouton avèk bèf yo, pi bèl nan sa ki te anba ve pou destriksyon an, pou fè sakrifis bay SENYÈ a, Bondye ou a nan Guilgal.”
22 Samuel said, "Does our Father delight in burnt offerings and sacrifices as much as in obeying the voice of our Father? To obey is better than sacrifice, to listen better than the fat of rams. Samuel te di: “Èske SENYÈ a twouve menm fòs plezi nan ofrann brile yo avèk sakrifis yo ke li jwenn nan obeyi vwa SENYÈ a? Veye byen, obeyisans pi bon ke sakrifis e koute pase grès a belye yo.
23 For rebellion is like the sin of divination, and arrogance is like the evil of idolatry. Because you have rejected the word of our Father, he has rejected you from being king." Paske rebelyon se tankou peche divinasyon e refize swiv lòd se tankou inikite avèk idolatri. Akoz ou te refize pawòl SENYÈ a, Li osi te gentan refize ou kòm wa.”
24 Saul said to Samuel, "I have sinned. I violated the command of our Father and your words, since I feared the people and obeyed them. Alò, Saül te di a Samuel: “Mwen te peche; Mwen te vrèman transgrese kòmand SENYÈ a e pawòl a ou menm yo; paske mwen te pè pèp la e mwen te koute vwa pa yo.
25 Now please, forgive my sin and return with me, so that I may worship our Father." Alò, pou sa, souple, padone peche mwen e retounen avè m pou m kapab adore SENYÈ a.”
26 Samuel said to Saul, "I won't return with you. You rejected our Father's word, and our Father has rejected you as king over Israel." Men Samuel te di a Saül: “Mwen p ap retounen avè w; paske ou te rejte pawòl a SENYÈ a e SENYÈ a te gentan rejte ou kòm wa sou Israël.”
27 As Samuel turned to go, Saul seized the hem of Samuel's robe, and it tore. Lè Samuel te vire pou l sòti, Saül te sezi bò manto li, e li te vin chire.
28 Samuel said to him, "Our Father has torn Israel's kingdom from you today and given it to a companion of yours, one better than you. Epi Samuel te di li: “SENYÈ a te dechire wayòm ou an, e Li te bay li a vwazen ou an, ki pi bon pase ou.
29 The Glory of Israel, our Father, will not lie or change his mind, for he is not a man who should change his mind." Anplis, Glwa Israël La p ap manti, ni chanje tèt Li. Paske Li pa yon nonm pou Li ta chanje tèt Li.”
30 Saul said, "I have sinned, but please honor me now before my people's elders and before Israel; return with me, so I may worship your Father." Alò li te di: “Mwen te peche; souple, onore mwen koulye a devan ansyen a pèp mwen yo ak devan Israël e retounen avè m, pou m kapab adore SENYÈ a, Bondye ou a.”
31 So Samuel went back with Saul, and Saul worshiped our Father. Konsa, Samuel te swiv Saül retounen e Saül te adore SENYÈ a.
32 Then Samuel said, "Bring me Agag king of the Amalekites." Agag came to him confidently, thinking, "Surely the danger of death is past." Alò, Samuel te di: “Mennen ban m Agag, wa Amalekit yo.” Epi Agag te vin kote li avèk kè kontan. Akoz Agag t ap di: “Asireman gou anmè lanmò a gen tan pase.”
33 Samuel said, "As your sword made women childless, so will your mother be childless among women." Then he cut Agag to pieces before our Father at Gilgal. Men Samuel te di: “Menm jan ke nepe ou te fè fanm yo vin manke pitit; konsa, manman ou va vin manke pitit pami fanm yo.” Epi Samuel te koupe Agag an mòso devan SENYÈ a nan Guilgal.
34 Then Samuel went to Ramah, and Saul went up to his home in Gibeah of Saul. Samuel te ale Rama; men Saül te monte vè lakay li nan Guibea ki pou li.
35 Samuel never saw Saul again until the day of his death, but Samuel grieved over Saul. And our Father regretted that he had made Saul king over Israel. Samuel pa t wè Saül ankò jis jou li te mouri an. Paske Samuel te gen anpil tristès akoz Saül. Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè Saül wa sou Israël.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]