Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Saul was thirty years old when he became king, and he reigned over Israel forty-two years. Saül te gen trant ane lè l te kòmanse renye, e li te renye pandan karann-de ane sou Israël.
2 Saul chose 3,000 of Israel: 2,000 with him at Michmash and the hill country of Bethel, 1,000 with Jonathan at Gibeah of Benjamin. The rest he sent home, each to his tent. Alò, Saül te chwazi pou li menm twa mil mesye an Israël. Pami sila yo, de-mil te avèk Saül nan Micmasch ak nan peyi ti mòn Béthel la, pandan mil te avèk Jonathan nan Guibea pou Benjamin an. Men li te voye ale tout lòt moun yo, yo chak nan pwòp tant pa yo.
3 Jonathan struck down the Philistine garrison at Geba, and the Philistines heard. Then Saul blew the trumpet through the land: "Let the Hebrews hear!" Jonathan te frape post militè a Filisten ki te nan Guéba yo e Filisten yo te tande Koze sa a. Alò, Saül te soufle twonpèt la atravè tout peyi a, e li te di: “Kite Ebre yo tande.”
4 All Israel heard Saul had struck down the Philistine garrison, and that Israel had become a stench to the Philistines. So the people rallied to Saul at Gilgal. Tout Israël te tande nouvèl ke Saül te frape post a Filisten yo, e osi ke Israël te vin rayisab a Filisten yo. Konsa pèp la te resevwa lòd pou rasanble Guilgal.
5 The Philistines assembled to fight Israel—3,000 chariots, 6,000 horsemen, and troops as countless as the sand on the seashore. They came up and camped at Michmash, east of Beth-aven. Filisten yo te rasanble pou goumen avèk Israël; trant-mil cha avèk si-mil chevalye ak kantite moun ki te tankou sab ki bò lanmè. Anpil konsa, e yo te vin monte pou te fè kan nan Micmasch, nan lès a Beth-Aven.
6 When Israel's men saw they were in trouble—the people were hard pressed—they hid in caves, thickets, rocks, pits, and cisterns. Lè mesye Israël yo te vin wè ke yo te kwense (paske moun yo te vini sou yo anpil); alò, pèp la te kache kò yo nan gwòt yo, nan raje a, nan falèz yo, nan chanm anba tè yo ak nan sitèn yo.
7 Some Hebrews even crossed the Jordan to Gad and Gilead. But Saul stayed at Gilgal, and all the people followed him trembling. Anplis, kèk nan Ebre yo te travèse Jourdain an pou antre nan peyi Gad avèk Galaad. Men pou Saül, li te toujou Guilgal, e tout pèp la te swiv li avèk kò yo tou ap tranble.
8 He waited seven days, the time Samuel set; but Samuel did not come to Gilgal, and the people scattered from him. Alò li te tann pandan sèt jou, selon tan fikse pa Samuel la; men Samuel pa t vini Guilgal, e pèp la t ap gaye kite li.
9 Saul said, "Bring me the burnt offering and the peace offerings." And he offered up the burnt offering. Konsa, Saül te di: “Mennen ban mwen ofrann brile avèk ofrann lapè.” Epi li te ofri ofrann brile yo.
10 As he finished the burnt offering, Samuel came, and Saul went out to meet and greet him. Lè li te fin ofri ofrann brile yo, men vwala, Samuel te vini. Epi Saül te parèt deyò pou rankontre li e salye li.
11 "What have you done?" Samuel asked. Saul replied, "I saw the people scattering from me, you did not come at the set time, and the Philistines were gathering at Michmash, Men Samuel te di: “Kisa ou te fè?” Epi Saül te di: “Akoz mwen te wè ke pèp la t ap gaye kite m, ke ou pa t vini nan jou apwente a, e ke Filisten yo t ap rasanble nan Micmasch,
12 I thought, 'The Philistines will come against me at Gilgal, and I haven't sought our Father's favor.' So I forced myself and offered the burnt offering." pou sa, mwen te di: ‘Alò Filisten yo va vin desann kont mwen Guilgal, epi mwen poko mande favè SENYÈ a.’ Pou sa, mwen te fòse mwen menm pou te ofri ofrann brile yo.”
13 "You acted foolishly," Samuel told Saul. "You didn't keep the command your Father gave you. Had you kept it, our Father would have set your kingdom over Israel forever. Samuel te di a Saül: “Ou te aji nan foli. Ou pa t kenbe kòmandman ke SENYÈ a te kòmande ou a. Paske SENYÈ a t ap vin etabli wayòm ou a sou Israël jis pou tout tan.
14 But now your kingdom will not last. Our Father has sought for himself a man after his own heart and appointed him ruler over his people, because you did not keep what he commanded you." Men koulye a, wayòm ou an p ap dire. SENYÈ a te chache pou kont Li yon nonm selon pwòp kè li e SENYÈ a te chwazi li kòm chèf sou pèp Li a, akoz ou pa t kenbe sa ke SENYÈ a te kòmande ou a.”
15 Samuel left Gilgal and went up to Gibeah in Benjamin. Saul counted the people with him—about 600 men. Epi Samuel te leve monte soti Guilgal pou rive Guibea nan Benjamin. Saül te konte moun ki te prezan avè l yo, yo te anviwon sis-san mesye.
16 Saul, his son Jonathan, and the people with them stayed at Geba in Benjamin; the Philistines camped at Michmash. Alò Saül avèk fis li a, Jonathan avèk moun ki te prezan avèk yo te rete Guéba nan Benjamin pandan Filisten yo te fè kan Micmasch.
17 Raiders left the Philistine camp in three companies. One turned toward Ophrah, in the land of Shual; Epi ravajè yo te sòti nan kan Filisten yo an twa konpayi yo. Yon konpayi te vire nan sid vè Ophra vè peyi Schual.
18 another turned toward Beth-horon; the third toward the border overlooking the Valley of Zeboim, toward the wilderness. Yon lòt konpayi te vire vè Beth-Horon, e yon lòt konpayi te vire vè lizyè ki kouri anwo vale a nan Tseboïm vè dezè a.
19 No blacksmith could be found in all Israel, because the Philistines had said, "Otherwise the Hebrews will make swords or spears." Alò, nanpwen bòs fòjewon ki ta kab twouve nan tout peyi Israël la, paske Filisten yo te di: “Otreman Ebre yo va fè nepe yo oswa frenn yo.”
20 So all Israel went down to the Philistines to sharpen their plowshares, picks, axes, and sickles. Konsa, tout Israël te desann vè Filisten yo, yo chak pou file pwòp cha li, pikwa li, rach li, ak wou li.
21 The charge was about a quarter ounce of silver for sharpening plowshares, picks, and forks, and about an eighth of an ounce for sharpening axes and for resharpening the goads. Frè sèvis la te de tyè sik pou lam cha a, pou pikwa a, fochèt la, rach la e pou ranje wou yo.
22 On the day of battle no sword or spear was found among all the people with Saul and Jonathan; only Saul and his son Jonathan had them. Konsa sa te rive ke nan jou batay la ke ni nepe, ni fwenn pa t twouve nan men a okenn nan moun ki te avèk Saül ak Jonathan yo. Men yo te twouve sèlman nan men Saül ak Jonathan.
23 A detachment of the Philistines went out to the pass at Michmash. Epi ekip post militè a Filisten yo te sòti rive nan pasaj Micmasch.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]