Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 12 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Samuel said to all Israel, "I listened to your voice in all you told me, and made a king over you. Samuel te di a tout Israël: “Gade byen, mwen te koute vwa nou nan tout sa ke nou te di m yo e mwen te chwazi yon wa sou nou.
2 Now the king walks before you. I am old and gray-haired; my sons are with you. I have walked before you from my youth until today. Alò, men wa a k ap mache devan nou. Men mwen fin granmoun, cheve m blanch e gade byen fis mwen yo avèk nou. Mwen te mache devan nou soti nan jenès mwen jis rive jodi a.
3 Here I am—testify against me before our Father and his anointed. Whose ox have I taken? Whose donkey have I taken? Whom have I cheated? Whom have I oppressed? Whose bribe have I taken to look away? Tell me, and I will repay you." Men mwen! Temwaye kont mwen devan SENYÈ a avèk moun onksyone pa Li yo. Se bèf a ki moun mwen konn vòlè, oswa bourik a kilès mwen te konn pran, oswa se kilès mwen te konn twonpe? Ki moun mwen te konn oprime, oswa nan men a kilès mwen te touche anba tab pou zye m pa wè? Si mwen te fè bagay sa yo, M ap repare sa.”
4 They said, "You have not cheated us or oppressed us or taken anything from anyone's hand." Yo te di: “Ou pa janm te twonpe nou, ni oprime nou ni pran anyen nan men a pèsòn.”
5 He said to them, "Our Father is witness against you, and his anointed is witness today, that you found nothing in my hand." They said, "He is witness." Li te di yo: “SENYÈ a se temwen kont nou e onksyone pa Li yo se temwen nan jou sa a ke nou pa t twouve anyen nan men m nan.” Epi yo te di: “Li se temwen.”
6 Then Samuel told the people, "It was our Father who appointed Moses and Aaron and brought your ancestors up out of Egypt. Epi Samuel te di a pèp la: “Li se SENYÈ a ki te chwazi Moïse avèk Aaron, e ki te mennen zansèt nou yo monte soti nan peyi Égypte la.
7 Now stand, so I may state my case against you before our Father—all his just acts for you and your ancestors." Alò koulye a, kanpe pou m kab plede avèk nou devan SENYÈ a konsènan tout zèv ladwati ke SENYÈ a te fè pou nou avèk zansèt pa nou yo.
8 When Jacob entered Egypt, your ancestors cried to our Father, who sent Moses and Aaron, bringing them out of Egypt and settling them here. “Lè Jacob te antre an Égypte, zansèt nou yo te kriye fò a SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a te voye Moïse avèk Aaron ki te mennen zansèt nou yo sòti an Égypte, e Li te fè yo vin rete nan plas sa a.
9 But they forgot our Father, so he handed them to Sisera, Hazor's army commander, to the Philistines, and to Moab's king, who fought them. Men yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a, e pou sa, Li te vann yo nan men Sisera, kapitèn a lame Hatsor a, nan men a Filisten yo, nan men wa Moab la, e yo te goumen kont yo.
10 They cried to our Father: "We have sinned; we abandoned our Father and served the Baals and Ashtaroth. Now rescue us from the hand of our enemies, and we will serve you." Yo te kriye fò a SENYÈ a e yo te di: ‘Nou te peche akoz nou te kite SENYÈ a pou te sèvi Baal yo avèk Astarté; men koulye a, delivre nou nan men a lènmi nou yo e nou va sèvi Ou.’
11 So our Father sent Jerubbaal, Barak, Jephthah, and Samuel, rescued you from the hand of your enemies all around, so you lived safely. Alò apre, SENYÈ a te voye Jerubbaal avèk Bedan, Jephthé ak Samuel pou te delivre nou nan men a lènmi nou yo toupatou, pou nou viv ansekirite.
12 When you saw Ammon's king Nahash coming against you, you told me, "No, a king must rule us"—though our Father was your king. “Lè nou te wè ke Nachasch, wa a fis Ammon yo, te vini kont nou, nou te di m: ‘Non, men se yon wa k ap renye sou nou’, malgre sa, SENYÈ Bondye nou an te wa nou.
13 Now here is the king you chose and asked for. Look, our Father set a king over you. Alò pou sa, men wa ke nou te mande a. Epi gade byen, SENYÈ a te mete yon wa sou nou.
14 If you fear our Father, serve and obey him, and don't rebel against his command, and you and your king both follow our Father, all will be well. Si nou va gen lakrent SENYÈ a, sèvi Li, koute vwa Li, e pa fè rebèl kont lòd SENYÈ a; alò, ni nou, ni wa ki renye sou nou an va swiv SENYÈ Bondye nou an.
15 But if you disobey our Father and rebel against his command, our Father's hand will oppose you, as it did your ancestors. Si nou pa koute vwa SENYÈ a, men fè rebèl kont lòd SENYÈ a, alò men a SENYÈ a va kont nou, jan li te ye kont zansèt nou yo.
16 Now stand still and see this great thing our Father is about to do before your eyes. “Menm koulye a, kanpe la pou nou wè gwo bagay sa a ke SENYÈ a va fè devan zye nou.
17 Isn't it wheat harvest today? I'll call our Father—he'll send thunder and rain, so you'll know how great the evil of your asking a king for yourselves was in our Father's sight. Èske se pa rekòlt ble li ye kounye a? M ap fè apèl SENYÈ a, pou Li kapab voye tonnè avèk lapli. Konsa, nou va konnen e wè mechanste ke nou te fè nan zye SENYÈ a gran, lè nou te mande pou nou yon wa.”
18 Samuel called out to our Father; that day he sent thunder and rain, and all the people deeply feared our Father and Samuel. Konsa, Samuel te rele a SENYÈ a, e SENYÈ a te voye tonnè avèk lapli nan jou sa a. Epi tout pèp la te gen gwo lakrent SENYÈ a ak Samuel.
19 All the people said to Samuel, "Pray to your Father for your servants, so we won't die: we've added evil to all our sins by asking for a king." Alò, tout pèp la te di a Samuel: “Priye pou sèvitè ou yo a SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou pa mouri; paske nou te ogmante sou peche nou yo, mal sila a, ke nou te mande yon wa pou kont nou an.”
20 Samuel told the people, "Don't be afraid. You've done all this evil - yet don't turn from following our Father; serve him with all your heart. Samuel te di a pèp la: “Pa pè Nou te fè tout mechanste sa a. Men pa vire akote pou pa swiv SENYÈ a, men sèvi SENYÈ a avèk tout kè nou.
21 Do not turn to empty idols—no help, no rescue, for they are empty. Fòk nou pa vire akote. Paske konsa, nou ta swiv bagay san valè ki pa kab fè benefis ni delivre, paske yo san valè.
22 For our Father will not abandon his people, for his great name's sake. He chose to make you his own people. Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a akoz gran non Li, paske sa te fè SENYÈ a plezi pou fè nou yon pèp ki te pou Li menm.
23 I too could never sin against our Father by stopping prayers for you; I will teach you the good and right way. Anplis, pou mwen menm, lwen de mwen ke m ta peche kont SENYÈ a e sispann fè lapriyè pou nou; men mwen va enstwi nou nan chemen ki bon e ki dwat la.
24 Only fear our Father, serve him faithfully with all your heart, consider his great deeds for you. Sèlman, gen lakrent Bondye e sèvi Li anverite, avèk tout kè nou. Paske kalkile ki kalite gwo zafè Li te fè pou nou.
25 But if you persist in doing evil, both you and your king will be swept away." Men si nou toujou fè mal, ni nou menm ni wa nou an va peri.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]