Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Nahash the Ammonite went up and camped against Jabesh-gilead. All the men of Jabesh said to Nahash, "Make a treaty with us, and we'll serve you." Alò Nachasch, Amonit la te vin monte pou te fè syèj sou Jabès nan Galaad; epi tout mesye Jabès yo te di a Nachasch: “Fè yon akò avèk nou e nou va sèvi ou.”
2 Nahash the Ammonite answered, "I will make this treaty with you: I gouge out everyone's right eye, and bring disgrace on all Israel." Men Nachasch, Amonit la, te di yo: “Mwen va fè l avè w sou yon sèl kondisyon; pou mwen kreve zye dwat a nou chak! Konsa mwen va fè li yon repwòch sou tout Israël.”
3 Jabesh's elders told him, "Give us seven days to send messengers through all Israel's territory. If no one saves us, we will surrender to you." Ansyen nan Jabès yo te di a li: “Bay nou sèt jou, pou nou kapab voye mesaje yo toupatou nan teritwa Israël la. Alò, si nanpwen moun pou delivre nou, nou va sòti deyò kote ou.”
4 The messengers reached Gibeah of Saul, told the people what happened, and all of them wept aloud. Alò mesaje yo te vini Guibea kote Saül e te pale pawòl sa yo nan zòrèy a pèp la, e tout pèp la te leve vwa yo pou te kriye.
5 Just then Saul came in from the field, behind his oxen. He asked, "What is wrong with the people? Why are they weeping?" So they told him the news of the men of Jabesh. Alò gade byen, Saül t ap sòti nan chan an dèyè bèf kabwèt yo. Li te di: “Kisa ki gen avèk pèp la pou y ap kriye la a?” Konsa, yo te pataje avèk li pawòl a mesye Jabès yo.
6 When Saul heard these words, the Spirit of our Father rushed upon him; his anger burned fiercely. Konsa Lespri Bondye te vini sou Saül avèk gran fòs lè li te tande pawòl sa yo, e li te vin fache anpil.
7 He took a yoke of oxen, cut them in pieces, and sent them through all Israel's territory by messengers: "This will be done to the oxen of anyone who does not come out after Saul and Samuel." Then dread of our Father fell on the people, and they came out as one man. Li te pran yon pè bèf k ap rale chaj, e li te koupe yo an mòso. Li te voye yo toupatou nan teritwa Israël la nan men mesaje yo. Li te di: “Nenpòt moun ki pa vin parèt apre Saül, e apre Samuel, se konsa l ap rive pou bèf pa li yo.” Konsa, lakrent SENYÈ a te tonbe sou pèp la e yo te sòti tankou yon sèl moun.
8 He counted them at Bezek: 300,000 Israelites, 30,000 men of Judah. Li te konte yo nan Bézek e fis Israël yo te twa-san-mil e mesye Juda yo te trant-mil.
9 They told the messengers who came, "Say to the men of Jabesh-gilead: Tomorrow, by the time the sun is hot, you will be rescued." The messengers went and told the men of Jabesh, and they were glad. Yo te di a mesaje ki te vini yo: “Konsa nou va pale a mesye a Jabés-Galaad la: ‘Demen, soti nan lè solèy la fè cho, ou va genyen delivrans ou.’” Konsa mesaje yo te ale pale mesye Jabés yo; epi yo te kontan.
10 The men of Jabesh said, "Tomorrow we will surrender to you; do to us whatever you like." Alò, mesye a Jabés yo te di: “Demen nou va parèt vè nou e nou va kapab fè avèk nou sa ki sanble bon pou nou menm.”
11 Next day Saul split the people into three companies. At the morning watch they entered the camp and struck down the Ammonites until the day's heat; the survivors scattered so that no two remained together. Nan pwochen maten an, Saül te divize pèp la an twa konpayi. Epi yo te vin antre nan mitan kan an nan lè maten pou te frape Amonit yo jiskaske chalè joune a te vin rive. Sila ki te siviv yo te gaye jiskaske pa t gen de nan yo ki te rete ansanm.
12 The people said to Samuel, "Who asked, 'Will Saul reign over us?' Hand over those men—we will kill them." Alò, pèp la te di a Samuel: “Se kilès ki te di nou: ‘Èske Saül va renye sou nou?’ Mennen mesye yo pou nou kab mete yo a lanmò.”
13 But Saul said, "No one will be killed today, for today our Father has brought salvation to Israel." Men Saül te di: “Nanpwen yon moun k ap mete a lanmò nan jou sa a; paske jodi a, SENYÈ a te acheve delivrans Israël la.”
14 Samuel said to the people, "Come, let's go to Gilgal and renew the reign there." Alò, Samuel te di a pèp la: “Vini, annou ale Guilgal pou renouvle wayòm nan la.”
15 All the people went to Gilgal and made Saul king there before our Father. There they sacrificed peace offerings before our Father, and Saul and all the men of Israel rejoiced greatly. Epi tout moun te monte Guilgal e la, yo te fè Saül Wa devan SENYÈ a nan Guilgal. La osi, yo te ofri sakrifis lapè devan SENYÈ a. Epi la Saül avèk tout mesye Israël yo te rejwi anpil.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]