Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Samuel took the flask of oil, poured it on Saul's head, kissed him, and said, "Hasn't our Father anointed you ruler over his inheritance? Konsa, Samuel te pran poban lwil la. Li te vide li sou tèt li. Li te bo li e te di: “Èske SENYÈ a pa t onksyone ou kòm prens sou eritaj Li a?
2 When you leave me today, you'll meet two men by Rachel's tomb in Zelzah, in Benjamin's territory. They'll say: 'The donkeys you sought are found; your father no longer worries about them, now he worries about you, asking, "What should I do about my son?"' Lè ou kite mwen jodi a, alò ou va jwenn de moun toupre tonm Rachel la, nan teritwa Benjamin nan Tseltsach. Yo va di ou: ‘Bourik ke ou t ap chache yo gen tan twouve. Alò, gade byen, papa ou pa twouble tèt li ankò sou bourik yo, men li twouble pou ou menm. L ap mande: “Kisa mwen va fè konsènan pitit mwen an?”’”
3 From there, go on to the oak of Tabor, where three men going up to our Father at Bethel meet you—one with three young goats, one with three loaves, one with a skin of wine. Alò, ou va ale pi lwen soti la, e ou va parèt jis nan chèn Thabor a. La, twa mesye k ap monte vè Bondye Béthel yo va rankontre avè w. Youn k ap pote twa jenn kabrit, yon lòt k ap pote twa moso pen, e yon lòt k ap pote yon po diven.
4 They will greet you and give you two loaves of bread, which you accept from them. Yo va di ou: “Bonjou”, e yo va ba ou de moso pen, ke ou va aksepte nan men yo.
5 Then you'll come to Gibeah of our Father, where a Philistine garrison is; entering the town, you'll meet a band of prophets coming down from the high place with harp, tambourine, flute, and lyre before them, prophesying. Apre, ou va vini nan ti mòn Bondye a kote ganizon lame Filisten an ye a. Konsa, li va fèt ke depi ou vini la, kote vil la, ou va rankontre yon gwoup pwofèt k ap desann soti nan plas anwo a avèk gita, tanbouren, flit ak bandyo devan yo, e yo va pwofetize.
6 The Spirit of our Father will rush on you; you'll prophesy with them and become another man. Epi Lespri Bondye a va vini sou ou avèk gwo fòs. Ou va pwofetize avèk yo, e ou va chanje pou vin yon lòt moun.
7 When these signs come to you, do what your hand finds, for our Father is with you. Li va rive ke lè sign sa yo parèt sou ou, ou va fè pou kont ou sa ke okazyon an mande, paske Bondye avèk ou.
8 Go down ahead of me to Gilgal. I will surely come down to you to offer burnt offerings and sacrifice peace offerings. Wait seven days until I come to you and tell you what to do." “Epi ou va desann devan mwen Guilgal. Gade byen, m ap desann kote ou pou ofri ofrann brile avèk sakrifis lapè yo. Ou va tann sèt jou jiskaske mwen vin kote ou pou montre ou kisa ou ta dwe fè.”
9 When Saul turned from Samuel, our Father changed his heart, and all these signs happened that day. Alò, li te rive ke lè li te vire do li pou kite Samuel, Bondye te chanje kè li, epi tout sign sa yo te rive nan jou sa a.
10 At Gibeah a band of prophets met him, our Father's Spirit rushed on him, and he prophesied among them. Lè yo te rive la, nan kote ti mòn nan, yon gwoup pwofèt te rankontre li. Epi Lespri Bondye a te vini sou li avèk fòs, jiskaske li te pwofetize pami yo.
11 Everyone who knew him before saw him prophesying with the prophets, and people asked each other, "What happened to Kish's son? Is Saul also among the prophets?" Li vin rive ke lè tout moun ki te rekonèt li oparavan yo te wè ke koulye a li pwofetize avèk pwofèt yo, ke pèp la te di youn ak lòt: “Kisa ki rive a fis a Kish la? Èske Saül osi pami pwofèt yo?”
12 Someone there asked, "Who's their father?" So it became a saying: "Is Saul also among the prophets?" Yon mesye nan plas sa a te di: “Alò, kilès ki papa yo?” Konsa, sa te devni yon pwovèb: “Èske Saül, osi pami pwofèt yo?”
13 When he had finished prophesying, he went up to the high place. Lè li te fin pwofetize li te vini nan plas anwo a.
14 Saul's uncle asked him and his servant, "Where did you go?" "To seek the donkeys," he said. "Seeing they weren't there, we came to Samuel." Alò, tonton Saül te di li avèk sèvitè li a: “Kote ou te ale?” Epi li te di: “Pou chache bourik yo. Men lè nou vin wè yo p ap kab twouve, nou te ale kote Samuel.”
15 Saul's uncle said, "Please tell me what Samuel said to you." Tonton Saül te di li: “Souple, di m sa ke Samuel te di ou a.”
16 Saul told his uncle, "He assured us the donkeys were found." But Saul didn't tell his uncle what Samuel said about the reign. Konsa Saül te di tonton li: “Li te pale nou byen klè ke bourik yo gen tan twouve.” Men li pa t pale li afè wayòm ke Samuel te pale a.
17 Then Samuel summoned the people to our Father at Mizpah, Apre sa Samuel te konvoke pèp la ansanm vè SENYÈ a nan Mitspa.
18 he told the Israelites, "This is what our Father of Israel says: 'I brought Israel up from Egypt and rescued you from the Egyptians and all the kingdoms oppressing you.' Li te di a fis Israël yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te mennen Israël monte soti Égypte. Mwen te delivre nou soti nan men Ejipsyen yo, e nou te soti de men a tout wayòm ki t ap oprime nou yo.’
19 But today you've rejected your Father, who himself saves you from all your troubles and distress, and told him, 'No—put a king over us.' Now present yourselves before our Father by tribe and clan." Men jodi a, nou te rejte Bondye nou an, ki delivre nou de tout malè nou yo ak detrès nou yo. Malgre sa nou vin di: ‘Non, men mete yon wa sou nou!’ Pou sa, prezante nou menm devan SENYÈ a pa tribi nou yo ak gran fanmi nou yo.”
20 When Samuel brought all the tribes of Israel forward, Benjamin's tribe was chosen by lot. Konsa, Samuel te mennen tout tribi Israël yo vin toupre li, e tribi Benjamin an te pran pa tiraj osò.
21 He brought Benjamin's tribe forward by clan; the Matrite clan was chosen, then Saul son of Kish was chosen. They looked for him, but couldn't find him. Alò, li te mennen tribi Benjamin an vin toupre pa fanmi li yo, e yo te pran fanmi Matri a. Konsa, Saül, fis a Kish la te vin pran. Men lè yo vin chache li, yo pa t kab twouve l.
22 So they asked our Father again, "Has the man come here yet?" And our Father said, "He's hidden among the baggage." Pou sa, yo vin mande plis a SENYÈ a: “Èske nonm nan gen tan rive isit la deja?” Pou sa, Bondye te di: “Gade byen, l ap kache kò li kote pwovizyon yo.”
23 They ran and took him from there. Standing among the people, he was taller than everyone, from the shoulders up. Konsa yo te kouri pran li soti la, e lè li te kanpe pami pèp la, li te pi wo pase tout lòt moun nan pèp la soti nan zepòl li.
24 Samuel said to all the people, "See whom our Father chose? None is like him among all the people." All the people shouted, "Long live the king!" Samuel te di a tout pèp la: “Èske nou wè sila ke SENYÈ a te chwazi a? Anverite, nanpwen lòt moun ki tankou li pami tout pèp la.” “Konsa, tout pèp la te rele fò. Yo te di: “Viv Wa a!”
25 Samuel told the people the monarchy's rules, wrote them on a scroll, set it before our Father. Then Samuel sent all the people away, each to his own home. Alò, Samuel te pale pèp la règleman a wayòm nan. Li te ekri yo nan liv la, e li te plase li devan SENYÈ a. Konsa, Samuel te voye tout pèp la ale, yo chak nan pwòp kay pa yo.
26 Saul too went home to Gibeah, and with him went warriors whose hearts our Father had touched. Anplis Saül te ale lakay li Guibea. Epi mesye vanyan yo avèk kè ki te touche pa Bondye te ale avèk li.
27 But some worthless men said, "How can this man save us?" They despised him, brought him no gift. But Saul said nothing. Men sèten sanzave ki te di: “Kijan mesye sila a kapab delivre nou?” Yo te meprize li e pa t pote okenn kado pou li. Men li te rete an silans.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]