Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 There was a man of Benjamin named Kish, son of Abiel, son of Zeror, son of Becorath, son of Aphiah, a Benjamite, a man of wealth and standing. Alò, te gen yon mesye nan Benjamin ki te rele Kis ki te fis Abiel la, fis Tseror, fis Becorath, fis Aphiach, ki te fis a yon Benjamit. Se te yon nonm fò e plen kouraj.
2 He had a son named Saul, a handsome young man—no Israelite was more handsome; from the shoulders up he stood taller than anyone. Li te gen yon fis ki te rele Saül, yon jennonm ki te byen bèl. Pa t gen yon moun ki te pi bèl pami fis Israël yo. Depi zepòl li monte, li te piwo pase tout moun nan pèp la.
3 The donkeys of Kish, Saul's father, were lost, so Kish said to his son Saul, "Take one of the servants with you and go look for the donkeys." Alò, bourik ki te pou Kis yo, papa a Saül te pèdi. Epi Kis te di a Saül: “Alò, pran koulye a avè w youn nan sèvitè yo; leve, al chache bourik yo.”
4 He crossed the hill country of Ephraim and the land of Shalishah, but they did not find them. They passed through the land of Shaalim, but the donkeys were not there. He crossed the land of Benjamin, but still they did not find them. Li te pase nan peyi ti kolin Éphraïm nan e te pase nan Schalisha, men yo pa t jwenn yo. Alò, yo te pase nan peyi Schaalim, men yo pa t twouve anyen. Alò, li te pase nan peyi Benjamin yo, men yo pat jwenn anyen.
5 When they reached the land of Zuph, Saul said to the servant with him, "Come, let's turn back, or my father will stop worrying about the donkeys and start worrying about us." Lè yo te rive nan peyi Tsuph, Saül te di a sèvitè ki te avèk li a: “Vini! Annou retounen, oswa papa m va sispann okipe afè bourik pou enkyete pou nou menm.”
6 But the servant said, "Look, this town has a man of our Father, held in honor; all he says surely comes true. Let's go there now; maybe he can tell us which way to take." Li te di li: “Gade byen konsa, genyen yon nonm Bondye nan vil sila a, yon nonm onore. Tout sa ke li konn di anverite vin pase. Alò, annou ale la. Petèt li kapab pale nou sou vwayaj ke nou kòmanse fè a.”
7 Saul said to his servant, "But if we go, what can we bring the man? The bread in our sacks is gone, and no gift for the man of our Father. What do we have?" Alò Saül te di a sèvitè li a: “Men gade byen, si nou ale, kisa nou va pote pou nonm sa a? Paske pen an fini nan sak nou e nanpwen kado pou pote bay nonm Bondye a. Kisa nou genyen?”
8 The servant answered Saul again, "Look, I have a small silver coin. I'll give it to the man of our Father so he tells us our way." Sèvitè a te reponn Saül ankò e te di: “Gade byen, mwen gen nan men m yon ka sik ajan ke mwen va bay a nonm Bondye a, e li va pale nou chemen nou an.”
9 (Formerly in Israel, anyone going to consult our Father would say, "Let's go to the seer," for today's prophet was then called a seer.). (Lontan an Israël, lè yon nonm te monte pou konsilte Bondye li te konn di: “Vini, annou ale kote divinò a”, paske sila ki, koulye a, yo rele yon pwofèt la, lontan, te konn rele divinò.)
10 "Good," Saul replied. "Let's go." So they went to the town where the man of our Father was. Saül te reponn a sèvitè a: “Byen pale! Vini, annou ale.” Konsa, yo te ale nan vil kote nonm Bondye a te ye a.
11 As they climbed the hill to the town, they met young women coming out to draw water and asked, "Is the seer here?" Pandan yo te monte pant vè vil la, yo te twouve jenn fanm yo ki te sot rale dlo. Yo te mande yo: “Èske divinò a isit la?”
12 "He is," they said. "Just ahead of you. Hurry, he came to town today because the people have a sacrifice on the high place. Yo te reponn yo e te di: “Li la! Gade devan nou an! Fè vit, paske li fenk antre nan vil la jodi a. Pèp la gen yon sakrifis nan wo plas la jodi a.
13 As soon as you enter the town you'll find him before he goes up to the high place to eat. The people won't eat until he comes, for he must bless the sacrifice; only then will the guests eat. Go up now—you'll find him at once." Depi nou antre nan vil la, nou va jwenn avèk li avan li monte nan wo plas pou manje, paske pèp la p ap manje jiskaske li vini, akoz li oblije beni sakrifis la. Apre sa, sila ki envite yo va manje. Pou sa, monte, paske nou va jwenn li talè.”
14 They went up to the town. As they entered, Samuel came toward them, heading up to the high place. Konsa, yo te monte lavil la. Pandan yo te antre nan vil la, vwala, Samuel t ap sòti bò kote yo pou monte nan wo plas la.
15 Now the day before Saul came, our Father had revealed this to Samuel: Alò, yon jou avan Saül te vini, Senyè a te montre sa a Samuel e te di:
16 "About this time tomorrow I will send you a man from the land of Benjamin. Anoint him leader over my people Israel; he will save my people from the Philistines' hand, for I have seen my people, and their cry has reached me." “Vè lè sa a demen Mwen va voye yon mesye ki sòti nan peyi Benjamin yo kote ou menm. Konsa, ou va onksyone li kòm chèf sou pèp Mwen an, Israël, e li va delivre pèp Mwen an anba men a Filisten yo. Paske Mwen te gade sou pèp mwen an, akoz kri pa yo gen tan rive kote Mwen.”
17 When Samuel saw Saul, our Father told him, "Here is the man I spoke of; this one will govern my people." Lè Samuel te wè Saül, SENYÈ a te di li: “Gade byen, men mesye ke m te pale ou a! Sila a va renye sou pèp Mwen an, Israël.”
18 Saul approached Samuel in the gateway and said, "Please tell me where the seer's house is." Saül te vin pwoche Samuel nan pòtay la e te di: “Souple, di m kote kay a divinò a ye.”
19 "I am the seer," Samuel replied. "Go up ahead of me to the high place. Today you'll eat with me; in the morning I'll send you off and tell you all that's on your heart. Samuel te reponn Saül e te di: “Se mwen menm ki divinò a. Monte devan mwen nan wo plas la, paske w ap manje avè m jodi a. Epi nan demen, mwen va kite ou ale e mwen va fè ou konnen tout sa ki nan lespri ou.
20 The donkeys you lost three days ago have been found, so don't worry about them. And who owns all that Israel treasures, if not you and all your father's house?" Pou afè bourik ou yo ki te pèdi twa jou pase yo, pa okipe yo, paske yo gen tan twouve. Epi se kilès ke tout Israël pito? Èske se pa ou ak pou tout lakay papa ou?”
21 Saul replied, "Am I not a Benjamite, from Israel's smallest tribe, and my clan the least of Benjamin's clans? Why say this to me?" Saül te reponn: “Èske mwen pa yon Benjamit? Pi piti nan tout tribi Israël yo? Fanmi pa m nan ki pi piti ke tout fanmi nan tribi Benjamin an? Poukisa ou pale mwen konsa?”
22 Then Samuel brought Saul and his servant into the hall, seating them at the head of the invited guests—about thirty. Alò, Samuel te pran Saül avèk sèvitè li a. Li te mennen yo antre nan gran sal la, e li te ba yo yon plas devan, nan tèt sila ki te envite yo, ki te anviwon trant mesye.
23 Samuel told the cook, "Bring the portion I gave you, the one I said to set aside." Samuel te di chèf kwizin nan: “Mennen pòsyon ke m te di ou a, sila ke m te di ou a, Mete li akote.”
24 The cook lifted the thigh and what was on it and set it before Saul. Samuel said, "Here is what was kept for you. Eat, for it was reserved for you for this occasion, ever since I invited these guests." So Saul ate with Samuel that day. Alò chèf kwizin nan te pran janm nan avèk sa ki te sou li a e li te plase li devan Saül. Konsa, Samuel te di: “Men sa ki te sere! Mete li devan ou e manje paske li te kenbe pou ou jis rive nan lè apwente a, akoz mwen te di ou ‘mwen te envite moun yo.’” Konsa, Saül te manje avèk Samuel nan jou sa a.
25 They came down from the high place into town, and Samuel spoke with Saul on the roof. Lè yo te kite plas anwo a pou antre nan vil la, Samuel te pale avèk Saül anwo twati a.
26 They rose early, and at daybreak Samuel called to Saul on the roof, "Get up, and I'll send you off." Saul got up, and the two of them, he and Samuel, went out into the street together. Yo te leve bonè. Lè li fenk jou, Samuel te rele Saül sou twati a. Li te di: “Leve pou m kab voye ou ale.” Konsa, Saül te leve, e li menm ansanm ak Samuel te ale nan lari.
27 As they went down toward the town's edge, Samuel told Saul, "Send the servant on ahead"—and he went—"but you stay a while, so I can tell you the word of our Father." Pandan yo t ap desann pou prèske fin kite vil la, Samuel te di Saül: “Pale sèvitè a pou l ale avanse devan nou. Men ou menm, rete kanpe koulye a pou m kapab fè ou tande pawòl Bondye a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]