Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now when Samuel grew old, he appointed his sons as judges over Israel. Li te vin rive ke lè Samuel te vin granmoun ke li te apwente fis li yo kòm jij sou Israël.
2 His firstborn son was Joel and his second was Abijah; they served as judges in Beersheba. Alò, non a premye ne a se te Joël e dezyèm nan, Abija. Yo t ap jije nan Beer-Schéba.
3 His sons did not follow his ways but chased dishonest gain, took bribes, and perverted justice. Malgre sa, fis li yo pa t mache nan tras pa li yo, men yo te vire akote pou reyisi avantaj malonèt, e yo te nan patipri.
4 Then all the elders of Israel gathered together and came to Samuel at Ramah. Alò, tout ansyen Israël yo te rasanble, e yo te vin kote Samuel nan Rama.
5 They said to him, "You're old, and your sons don't follow your ways. Now appoint a king to rule us, like all the nations." Yo te di li: “Gade byen, ou fin granmoun e fis ou yo pa mache nan vwa pa w yo. Alò, chwazi yon wa pou nou pou jije nou tankou tout nasyon yo.”
6 Samuel was unhappy when they said, "Give us a king to govern us," and prayed to our Father. Men bagay la te degoutan nan zye Samuel lè yo te di: “Bannou yon wa pou jije nou.” Samuel te priye a SENYÈ a.
7 Then our Father told Samuel, "Listen to the people in all they say to you; they haven't rejected you; they've rejected me as their king. SENYÈ a te di a Samuel: “Koute vwa a pèp la selon tout sa ke yo di ou, paske yo pa t rejte ou, men yo te rejte Mwen kòm wa sou yo.
8 As, since I brought them from Egypt until today, they've abandoned me, serving other gods—so they treat you. Menm jan ak tout zak ke yo te fè soti nan jou ke M te mennen yo monte soti an Égypte la, jis jodi a—-ke yo te rejte Mwen pou te sèvi lòt dye yo——konsa, y ap fè ou tou.
9 Now listen to them, but warn them firmly and tell them how their king will rule." Alò pou sa, koute vwa pa yo. Malgre, ou va avèti yo solanèlman e fè yo konnen prensip a wa ki va renye sou yo a.”
10 So Samuel told the people asking him for a king all the words of our Father. Konsa Samuel te pale tout pawòl a SENYÈ yo a pèp la ki te mande li pou yon wa a.
11 He said, "This is what the king who reigns over you will do: he will take your sons for his chariots and horsemen, to run ahead of them. Li te di: “Men prensip a wa ki va renye sou nou an. Li va pran fis nou yo pou sèvi yo pou li menm. Nan cha li e pami chevalye li yo, yo va kouri devan cha li.
12 He will appoint for himself commanders of thousands and of fifties, some to plow his ground and reap his harvest, and others to make his weapons and chariot gear. Li va chwazi pou li menm kòmandan sou dè milye ak dè senkantèn, ak kèk pou raboure tè a, pou fè rekòlt pa li, pou fè zam lagè li yo, avèk tout bagay pou cha li yo.
13 He will take your daughters to be perfumers and cooks and bakers. Li va osi pran fi nou yo pou fè pafen, fè kwizin e kòm bòs boulanje.
14 He will take your best fields, vineyards, and olive groves and give them to his servants. Li va pran pi bon kilti nan chan kiltive nou yo avèk chan rezen nou yo ak chan doliv nou yo pou ba yo a sèvitè pa li yo.
15 He will take a tenth of your grain and vineyards, giving it to his officials and servants. Li va pran yon dizyèm nan semans nou yo ak nan chan rezen nou yo pou bay a ofisye li yo ak sèvitè li yo.
16 He will take your male and female servants, best young men, and donkeys for his work. Anplis li va pran sèvitè nou yo avèk sèvant nou yo ak meyè nan jennonm yo avèk bourik nou yo pou sèvi yo pou travay pa li.
17 He will take a tenth of your flocks, and you yourselves will become his slaves. Li va pran yon dizyèm nan bann mouton nou yo e nou menm, nou va devni sèvitè li.
18 When that day comes, you will cry out because of the king you chose for yourselves, but our Father will not answer you on that day." Konsa nou va kriye nan jou sa a, akoz wa ke nou te chwazi pou nou an, men SENYÈ a p ap koute nou nan jou sa a.”
19 But the people refused to listen to Samuel. They said, "No! We want a king over us, Sepandan, pèp la te refize koute vwa Samuel. Yo te di: “Non, kareman fòk nou gen yon wa sou nou,
20 so we can be like all the nations, with our king ruling us, leading us out, fighting our battles." pou nou menm tou kapab tankou tout lòt nasyon yo, pou wa nou kapab jije nou e sòti devan nou pou batay pou nou.”
21 When Samuel heard all the words of the people, he repeated them to our Father. Konsa, lè Samuel fin tande tout pawòl a pèp la, li te repete yo nan zòrèy a SENYÈ a.
22 Our Father said to Samuel, "Listen to them; give them a king." Samuel then said to Israel's men, "Go, each to your own town." SENYÈ a te di a Samuel: “Koute vwa yo e chwazi pou yo yon wa.” Konsa, Samuel te di a mesye Israël yo: “Nou chak, ale nan vil pa nou.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]