Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 39 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

Pou direktè koral la. Pou Jeduthyèn. Yon Sòm David

1Mwen te di, mwen va veye chemen mwen,pou m pa fè peche ak lang mwen.Mwen va veye bouch mwen,konsi li gen yon brid ladanntoutotan mechan yo rete nan prezans mwen.

2Mwen te tankou bèbè e mwen te rete an silans.Mwen te evite menm sa ki ta kab bon.Konsa, tristès mwen te vin pi mal.

3Kè m te cho anndan m.Pandan mwen t ap reflechi dife a t ap brile.Konsa, mwen te pale ak lang mwen:

4SENYÈ, fè m konnen longè a jou mwen yo.Fè m konnen ke m fèb anpil.

5Gade byen, Ou te fè jou mwen yo kontwoletankou lajè a men m ki louvri.Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou.Anverite, lavi chak moun, se yon sèl grenn souf.

6Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj.Anverite, yo fè gwo zen pou ryen.Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo.

7Konsa, SENYÈ, kisa m ap tann nan?Espwa m se nan Ou.

8Delivre mwen de tout transgresyon mwen yo.Pa fè m repwòch a moun san sajès yo.

9Mwen tounen tibebe.Mwen pa ouvri bouch mwen,akoz se Ou ki te fè sa.

10Rete touman Ou sou mwen.Kou men Ou venk mwen.M ap peri.

11Avèk repwòch, Ou fè chatimana yon nonm pou inikite li.Ou manje tankou mit nan rad sa ki konsiderepi chè pou li menm nan.Anverite, tout moun se sèlman yon souf.

12Tande lapriyè mwen, O SENYÈ eprete zòrèy Ou a kri mwen.Pa rete an silans lè dlo ap koule nan zye m.Paske mwen se yon etranje devan Ou,yon vwayajè tankou tout papa zansèt mwen yo.

13Vire rega figi Ou lwen m, pou m kab ri ankò,avan ke m mouri pou m pa la ankò.”

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]